Nan yon kontèks kote souverènte tout pèp nan Amerik Latin ak Karayib la menase anba agresyon enperyalis etazinyen an, divès estrikti pwogresis ayisyen te rasanble nan anbasad Kiba ann Ayiti, jedi 15 janvye 2026, pou yon seremoni omaj, respè, solidarite ak diyite. Plis pase 30 pèsonalite, reprezantan plizyè òganizasyon ak enstitisyon pwogresis te reponn prezan : SAKS, PAPDA, SOFA, Sèk Janil Lwijis, ICKL, POHDH, Rasin Kan Pèp la, ASO, UNNOH, CUTRASEPH, Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen, MPP, MODEP, GARR…
Objektif vizit la se te pou salye memwa 32 konbatan kiben militè ameriken yo te asasinen 3 janvye 2026 la, bò kote plis pase 70 lòt venezyelyen. Krim sa a te fèt pandan prezidan Donald Trump te voye kidnape prezidan eli peyi Venezyela a, Nicolás Maduro, ansanm ak madanm li, Cilia Flores. Zak kidnaping sa a se yon atak dirèk kont volonte pèp venezyelyen an, yon lagè kont souverènte pèp istorikman domine yo, yon lagè pou kontwòle resous pèp sa yo.
Òganizasyon ak enstitisyon pwogresis yo te eksprime solidarite pèp Ayisyen an epi kondane zak agresyon san pitye ki te fèt Caracas kont revolisyon bolivaryèn nan, kote san frè Kibèn ak Venezyelyen yo te koule.
Reprezantan estrikti yo te mete aksan sou lyen istorik ki makònen Ayiti, Kiba ak Venezyela, men ki sitou parèt nan batay kont enperyalis ameriken an. Youn nan entèvansyon yo te raple depi fen 15èm pou rive 16èm syèk la, yon gwo chèf Tayino (Ayiti) ki te rele Hatuey te pran lanmè pou li te ale avèti epi lite bò kote pèp Kiben an kont move tretman ak masak kolon Espanyòl yo te deja kòmanse fè sou pèp Otoktòn yo nan zile Ayiti a. Se youn pami premye zak solidarite ak rezistans pèp Karayib yo ki pa ka febli jodi a fas nouvo deplòtonnay politik dominasyon ameriken an ki chita nan kalfou politik kraze-zo ak gran-manjè Monroe a.
Reprezantan estrikti yo te pwofite rann revolisyonè epi kòmandan Fidel Alejandro Castro Ruz (1926 - 2016) yon omaj espesyal nan kad 100 lane nesans li. Yo te salye pratik konbit li, imanis ak angajman san parèy li te genyen pou defann koz tout pèp ki anba dominasyon nan mond lan, menm jan ak Dessalines, Pétion, Miranda, Bolivar, José Martí, elt.
Yo te mete devan tou, ansanm aksyon solidarite konkrè Kiba ak Venezyela toujou fè pou pèp Ayisyen an, nan domèn sante, edikasyon, enèji ak enfrastrikti, byen lwen diskou politik tòl wouj Loksidan enperyalis la ak klas dominan restavèk yo.
Apèl yo lanse pou :
1- Yon solidarite entènasyonal aktif epi efikas pou defann Venezyela ak Kiba ;
2- Viktim yo ak famni yo jwenn jistis ;
3- Prezidan eli Venezyela a, Nicolás Maduro, jwenn liberasyon li san kondisyon ansanm ak madanm li, Cilia Flores.
Envitasyon an lanse pou lòt òganizasyon nan sosyete sivil la siyen yon lèt solidarite ki pral jwenn Prezidan Kiben an, Miguel Díaz-Canel Bermúdez, atravè Anbasad Kiba a ann Ayiti.
Nan fen seremoni an, anbasadè Kiben Ayiti a, Ricardo García Nápoles, te remèsye tout moun ki te prezan pou pote pawòl solidarite pèp Ayisyen an nan yon moman ki tris pou tout moun ki renmen lajistis. 15 janvye 2026 la, kò san vi 32 Konbatan ewoyik Kiben yo te rive La Havane pou seremoni omaj ak antèman. Li te ensiste sou nesesite pou nou kontinye reflechi, goumen epi rann Chèf Fidel Castro yon omaj nan okazyon 100 lane nesans li, sou yon ton espwa ak kri libète : ¡Hasta la victoria siempre ! (Toujou jiska laviktwa !)
Se pou libète tout pèp yo triyonfe !
Aba enperyalis !
Viv solidarite ant pèp yo !
Pwodiksyon : SAKS
