Espace dédié à la poésie et à la littérature, Coin d'Hafrique Littéraire réunit les voix des écrivains haïtiens, africains, caribéens et créolophones. À travers cette plateforme, nous tissons les fils d'une culture hybride, forgeant une identité singulière propre aux Ha-fricains.
Pour ce dixième numéro, nous vous invitons à plonger dans l'univers du poète Feguerson Fegg THERMIDOR, à le découvrir ou à le redécouvrir sous une lumière nouvelle.
Estrè powèm: 3 powèm pou Leta #1
M kouche
m ap gad Leta
k ap chanje bò
nan rèv mwen
sou non w
m batize tout nwit
chak fwa powèm lan kabicha
sou tout pwent tete fanm ki pè laj yo
nan Gonayiv
chak ri s on tipowèm malad
ki pann tèt li nan fif letènite
chak ri
s on tipowèm blese
chak ri s on ti powèm danrachòt
ki mòde lavi nan kwis
ak san m
m batize nanm ou
anvan tan an tounen moun nan je nou
lè lannwit demwazèl nan san w
tout fanm fè menm rèv
san m tounen sann dife
lodè kò w tounen fraz
twouble memwa tan an
ou fè m anvi di w
ki lang tout ri Gonayiv pale
lè lannwit demwazèl nan lonbrit ou
ki wòb lannwit mete sou li
lè kò w se miwa
pou rèv gade pase nou
ou fè m anvi di w
lè rivyè m inonde kwis ou
kòman lanjelis detrese cheve l
lodè kò w kouri sou tout dwèt mwen fè van fou
mwen fè w kado lemajè m
pran l w a gad anba cheri
anba w
mwen ak ou cheri
se de kretyen vivan
nou pa pale menm lang
nan lang pa m
m anvi di w
kòman elèv lekòl dezabiye
lè tout ri Gonayiv mete linèt
lè je m
kwaze ak je w
lè rèv mwen pa sispann
swiv tras pye w
laj lasyans ogmante
lanmou soule tèt li
nan vè kleren
kò w
pran fòm kò lannwit
tout rèv timoun grandi anba platpye nan Raboto
mwen ak ou cheri
se de kretyen vivan
nou pa gen menm Leta
pa bò isit
Leta s on nègès doub vizaj
k ap fè moun grimas
depi w revel
tout san tounen sann dife
sa fè si w wè mwen ak Leta
fache nan powèm lan
lannwit pa foure bouch nan sa
mwen ak Leta se de chanm fènwa
k ap fè lavi grimas
nanm nou andyable fiziye Leta
Leta mete parabal mezanmi
tout rèv tounen mò
vini cheri
kite m mare lodè kò w
ak cheve van an
anvan rèv nou gwòs vil la
vini
tankou souf k ap fann lannwit
anvan kò nou tounen fraz
vini
vini
anvan syèl la tounen moun nan je nou
nan lang zwazo
m anvi di lè w ap vini
gouyad ou pi dous
pase gouyad lannwit
lavi se rèv k ap flannen
sou do
depi Ayisyen reve l
li tounen on pas dlo nan sèvo tan an
Feguerson Fegg THERMIDOR,Estrè 3 powèm pou Leta #1
powèm lan mete linèt
l ap gad kò w
k ap glise sou dwèt mwen
m manje rèv mwen cheri
m p ap di w anyen
si souf ou s on pwovèb k ap madichonnen Leta
Leta ak lenvizib
se marasa k ap glise sou po
depi w reve yo
kò w ap tounen sann
nan peyi m
chak moun g on vè san Leta
g on priyè k chire silans nou
chak fwa vwa nou fann
nan kole bout souf
s on rèv ki pann tèt li
s on rèv ki tounen kadav
k ap glise desann nan san n
fè kè m pòk
chak fwa Leta
tounen eklips solè nan kè m
kè Leta fiziye
chak fwa vwa nou chita
devan palè nasyonal
vwa depaman
vwa k kole ak kreziklou
lè lannwit pann tèt li
Feguerson Fegg THERMIDOR,3 powèm pou Leta #1,Reyedisyon Hafrique Littéraire 2025
Biographie de l'auteur
Originaire des Gonaïves, Feguerson Fegg THERMIDOR, surnommé le « poète des Gonaïves », a poursuivi des études en administration, en anthropologie et en sociologie à l’Université d’État d’Haïti. Si son parcours académique est riche et diversifié, c’est toutefois dans la littérature qu’il trouve sa véritable source d’inspiration et d’expression.
Ses œuvres explorent principalement les thèmes de la douleur, de la résilience et de l’identité, en étroite résonance avec les réalités sociales et politiques d’Haïti. Son écriture, profondément introspective et portée par des questionnements humains et existentiels, lui a permis de se faire connaître au-delà des frontières nationales.
À propos d'Hafrique Littéraire
Hafrique littéraire est une structure littéraire qui fait promotion des écrivains haïtiens et africains francophones. Elle est dirigée par Feguerson Fegg THERMIDOR, Écrivain, poète et Journaliste Littéraire haïtien.
Cette structure littéraire souhaite aussi mettre en lumière les œuvres et la carrière des écrivains haïtiens, caraïbéens et africains francophones.
Propos recueillis par Feguerson Fegg THERMIDOR,
Écrivain-poète
Directeur Hafrique Littéraire
ecrivainfeguersonthermidor@gmail.com
