Eltéléus, Philippe Bergson : chita pale sou souvni yo, telemedsin ak tan an

Eltéléus, Philippe Bergson : chita pale sou souvni yo, telemedsin ak tan an

Aken 1890–2025: yon vwayaj filozofik

Aken lane 1890: lanmè a, mòn yo, prezidan Hyppolite

Ann fon kase tèt tounen nan lane 1890. Nou tonbe nan on Aken ki te on ti bouk arebò lanmè, granm maten, solèy fèk ap louvri je l san bri san kont pechè yo al wete nas pwason yo nan lanmè a. Bourèt yo chaje ak patat, mayi oswa chabon ap fè bri nan tèt moun yo mache a, fanm yo chita nan premye pas dlo larivyè Bwoken an ap fè lesiv, timoun yo pye atè, ti pati yo nan lari ap kouri anba gwo pye zanmann yo, kay pay ak ti granmoun k ap rale pip yo pandan y ap pale de politik.

Nan lane 2025 Aken pa fin twò chanje nèt. Kounya vwal bato lapèch yo ap make pa ansanm ak ti bato ak motè yo, men, se toujou menm penpenp lan. Pechè yo toujou leve douvan jou al tann lanmè a monte pou y al wete nas yo, pa genyen bourèt k ap fè bri ankò kounya se moto k ap pete ak vye pick-ups ki rann zòrèy moun san souf. Mache a toujou chaje bri, ou toujou pa jwenn menm on kote pou w pike menm on zepeng, menm sant mango ak pwason an toujou la. Fanm yo prèske pa ale larivyè ankò pi fò nan yo se nan sitèn ak chato dlo piblik yo ale, ki donk poblèm dlo a toujou pa rezoud, si pandan w ap pran l lan on ti gout tonbe atè oswa ou soti pou w pran plizyè fwa moun yo ap soti pou yo manje w menm jan sa te ye nan lane 1890 la. Men kounya se ak inifòm rapyese oswa mayo reklam, dis ti pitit yo toujou atè kèk timoun ap galonnen nan pousyè nan savann jan sa te ye dig dantan.

E wout yo ? Genyen nan yo ki kouvri ak asfalt nwa ki klere pase ki anba solèy la, sa ki montre jan piti piti modènite a koumanse rive nan Aken. Men pi devan menm asfalt sa tou ou jwenn menm ansyen wout tè yo, nenpòt ti van ki pase li benyen w ak pousyè. Ebyen se konsa vil Aken an ap taye banda nan mita yè ak demen, e jous kounya w ap jwenn ti granmoun yo toujou pral chita anba pye zanmann yo pou pale afè peyi a epi pase politisyen yo nan betiz.

Aken 2025 la toujou sanble ak Aken 1890 : yon vil ki koke nan mitan tradisyon ak modènite, se lanmè a, asfalt yo, pawòl nan bouch ti granmou yo ki bay kijan pou w make pa.

Leson istwa

Bon rèvèy la se pa sa ki sòti nan peyi Laswis la, men se lanati li ye : se solèy la ki di poul la kilè pou l monte bwa, se lalin nan ki di pechè yo kijan lanmè a kanpe, si l monte si l desann e se lapli a ki deside si ap genyen rekòt, si malere yo ap manje oswa si grangou pral touye yo.

Nan epòk sa a, se Florvil Hyppolite ki chita nan tèt pouvwa a, men moustach militè nonm nan, li pòtre on jeneral. Hyppolite pran pouvwa a apre yon gouvènman pwovizwa tèt chaje ki pat fè 2 jou. Yon gouvènman kote fè gran panpan prèske tounen yon estrateji, kabinè sa a te genyen ladan Monpoint Jeune, Nord Alexis, St-Marc. Dupuis, Anténor Firmin ak Titus Pélissier. Nan AKen sa pa dimoun yo monte ni desann, lè y ap pale de sa yo di w : « Twuiiippsssss, menm kout gouyad la : chak gouvènman pwovizwa ki monte soti pou pran pouvwa nèt. »

Eltéléus Castor se yon jèn ti gason ki te toujou ap fouye zo nan kalalou, li te renmen Firmin ki te minis finans ak relasyon etranje peyi a anpil. Firmin te rive mete lòd ak disiplin nan administrsyon piblik peyi a, e pou Eltéléus  yon nonm se prèv ke Ayiti kapab gouvène ak diyite.

M souri lè m sonje nan 2025 sa se toujou menm penpenp la. Gouvènman pwovizwa nan bouda nou pi rèd, padon - yon konsèy prezidansyèl tranzisyon (KPT) nèf tèt, youn apre lòt ap pase sou chè boure a. Yon komite pilotaj konferans nasyonal te chita pou yo byen revize konstitisyon 1987 la bagay sa fè Eltéléus pete on sèl kout ri : « pa gen anyen ki nouvo anba syèl ble Ayiti a ! ». Nou menm nou te genyen Antenor Firmin ki pou te mete lòd nan dezòd, ou nou menm kiyès nou genyen ? CARICOM ? Nonm nan pran tan tout tan l pou l di mo a kòmsi li t ap moulen yon silab etranje.

Tan an se zèv lòm oswa zèv Bondje ?

Pou Eltéléus tan an se pa sa ki nan revèy yo, men se sezon ak rekòt yo. Lè m ap pale l de satelit, algorit, konsilte doktè an liy se wose li wose zepòl li ban mwen pou l di m : « Pitit mwen, ou fin fou nèt !».

Menm filozòf yo te nan bagay la. Bergson te konn di genyen de tan diferan : tan ki nan revèy yo, sa ki frèt, ki kouri pou kò l la ak tan nou santi a pandan n ap viv la, sak chanje dapre jan nou santi nou an. Inè tan ap tann kamyonèt bò pak Dupin Castor Fils la sanble yon etènite men menm inè tan sa a ap danse nan on rara pase nan on bat je.

Map imajine machwè Eltéléus si m t ap di l nan Aken 2025 lan yon madan sara kapab konsilte yon doktè ki nan twouve l Bweno Zè nan peyi Ajantin nan di minit. Li t ap tou atrap mwen menm moman : « Ki moun ki janm wè doktè soti Bweno zè antre nan lakou Aken ? » Ou menm ou fè bagay yo pi vit men bil la menm se tèt chaje

Byen avan Bergson, Grèk yo te konn pale nou de chronos ( tan k ap pase a ) ak kairos.- bon moman an, lè a boul – sa w paka rate a. Pou  Eltéléus kairos la se lapli ki tonbe boul nan bon moman an, avan rekòt yo mouri. Pou mwen, nan lane 2025 ebyen se koneksyon entènèt la ki rive a nan bon moman, a pik pou sove yon pasyan se li ki kairos la.

Kas tèst chinwa gran gran papam nan

Einstein pot ko chavire tèt anba jan Eltéléus wè monn, men mwen menm mwen panse ke li montre monn nan: tan an pa jan nou panse a li depann de vitès nou deplase ak jan fòs  gravite a ap rale nou. Moun ki save yo di sa rele paradòks marasa yo ; mwen menm mwen tradwi li jan pa m : si m tounen nan labne 1890 epi m touye Eltéléus èske m ap toujou ka egziste jounen jodiya pou m touye l ? Ak kesyon sa Philippe santi l nan bòl grès li, se pa nonm ki renmen kas tèt chinwa sa yo a demi non.

Nan tèt mwen bagay la pi senp toujou, tankou egzanp sa a: de wout ki sòti depi nan plas piblik Akenn nan premye a Eltéléus rive chape pou l li, li dekouvri telemedsin e l konprann nou kapab bay moun laswenyay a distans menm si doktè pa genyen stetoskòp nan kou l. Nan lòt wout la li disparèt Aken rete jan l te ye a ap tann dòktè k ap sòti sou cheval depi Kavayon ak malèt ki fèt a po bèf nan men l. Eltéléus ouvri gòj li pou l pete yon kout ri : « Aldy, ou vle fè m’ kwè gen yon lòt mwen menm kap mache lòt bò rivyè a ? »

Twou nwa ak memwa inivèsèl                                                                             

Fizisyen tan modèn yo di ke twou nwa yo pa efase enfòmasyon yo : yo rete grave yon kote yo rele « orizon evennman yo ». Anyen pa janm efase vre. Se konsa mwen ap imajine yon jou, nan yon laboratwa modèn, yon etidyan ap dekouvri tras pale sa m gen dwa pa janm fè ak Eltèléus la ki enskri nan achiv kosmos la :

  • « Gran papa, ou vle pran yon randevou sou entènèt ak doktè w la? »
  •  « Non, pitit, rele bòkò katye a pito ! »

Flèch tan an paka tounen dèyè

Mesye Arthur Eddington te konn pale de flèch tan : sa ki fè diferans ant pase ak fiti se paske w pa kapab tounen dèyè. Yon tas kraze pap janm tounen jan l te ye a ankò. Nan peyi Dayiti yo di : « Yon pichon kase, li pa ka tounen nouvo. ». Istwa Dayiti li menm wa ta di yon tas y ap pede kraze epi rekole san rete : se toujou pou yon ti tan men janmè yon fwa pou tout.

Tèmodinami a se syans ki etidye chalè, enèji ak transfòmasyon, li aprann nou ke plis jou ap pase se plis linivè ap deranje. Men Akinwa yo konn mete lòd nan dezòd. : yon tanpèt kraze yon plantasyon mayi pak an pak, nou replante. Yon siklòn kraze brize, nou rebati. E Lavoisier fè menm wout ak peyizan ayisyen yo lè li di : anyen pa pèdi, anyen pa kreye, tout bagay se transfòmasyon. 

Tan ale tan tounen

Nan Aken moun yo toujou ap viv ak sou tan sezon yo. Lanmè a ki monte, lanmè a ki desam, lapli ki tonbe tè a seche, sezon yo k ap ale vini san sa pa janm kanpe. Pou zansèt nou yo tan pat yon flèch men yon wou. Nietzsche li menm te di w yon ale vini ki pa janm rete ; peyizan Aken yo menm yo di w : Aprè lapli, loray ; aprè loray, solèy.   

Eltéléus te wè nan chak sezon yon pwomès : sa ki ale a pap janm retounen menm jan an ankò, li transfòme. San l pa konnen li te gen tan ap preche deba ki genyen jounen jodiya ant tan lineyè ak tan sikilè.

Pa gen anyen ki disparòt vre tout bagay transfòme

Eltéléus mouri nan lane 1928. Atom li yo gaye nan pousyè ki nan tèt mòn Aken yo, nan dlo sale lanmè a ak nan memwa desandan li yo. Fizik la tou fè menm wout ak peyizan yo pou l di : lè w  mouri tout bagay pa fini la men se yon transfòmasyon. Se konsa atom Eltéléus yo ap respire nan lè Aken an, sèl lanmè a ak nan memwa nou. E ou pa janm konnen gen dwa se sa ki letènite a tout bon vre.

Mwen reponn Philippe : «  si m touye gran gran papa m, m te ka pat egziste jounen jodiya… men atom mwen yo, t ap la ap taye banda nan lè Aken an ».

Philippe leve vè l epi l di : « Sante pou Eltéléus ! premye pasyan imajinè telemedsin ak entelijan atifisyèl  la! ».                                                                                                            

Sa vle di nou tounen dèyè nan tan an kote listwa peyi Dayiti, filozofi Bergson nan syans Einstein nan melanje ak kout ri yon ti granmoun nan Aken, ki te toujou ap di pou li tan an se solèy, lapli, yon bon kabicha.

 

Doktè Aldy Castor
29 septanm 2025

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES