Tennfas pa louvri tankou yon liv ; li leve tankou yon verite ki pa mande pèmisyon. Avèk rekyèy sa a, Richardson Auguste antre nan pwezi kòm yon zak rezistans ontolojik : ekri pou pa disparèt. Se pa yon pwezi ki chèche limyè, men yon pwezi ki aksepte lonbraj la kòm kondisyon egzistans.
Bliye, isit la, se yon manti teknoloji pa ka pwograme. Memwa a pa nan sèvo sèlman, li gaye nan je, nan po, nan respire :
Pwogram pap fè m bliye
Si je m plen douvanjan ladan l
Je a vin achiv sale, yon lanmè kote imaj yo pa koule, yo flote, yo tounen fantom. Douvanjan an se dlo istwa ki pa janm sèch, dlo kote doulè pèsonèl ak chòk kolektif fè menm bri. Powèm nan pa vide lanmè a ; li plonje ladan l san wete je.
Lannwit, nan Tennfas, pa yon absans jou, men yon espas enteryè kote tan kraze ritm li :
Kite m bwè lannwit mwen sou kote
Bwè lannwit, se vale silans, se aksepte solitid kòm priyè ki pa gen pawòl. Se la malè a pa lènmi, men temwen :
Kite m mate malè m
Malè a pa vin pou kraze, li vin pou rete, pou obsève fason powèt la ap kenbe tèt li ak mo. Pwezi a pa terapi ; li se koabitasyon. Li se atizay viv ak sa ki fè mal san wete non li.
Nan nwayo rekyèy la, gen yon deklarasyon ki sanble ak yon definisyon egzistans :
Anverite
Powèm se sèl kafou m kanpe
Kafou sa a pa jeyografik. Li pa sou kat vil yo. Se yon pwen metafizik kote tout chemen ki echwe yo rankontre. Powèt la pa chèche travèse ; li chwazi kanpe, fè fas, transfòme estati a an vwa.
Epi gen gwo silans la, refi pou fè doulè tounen spektak :
Ki pa gen vil kap kriye nan mouchwa
Pa gen vil kap plenyen, pa gen koral mizè. Se yon pwezi ki rale tèt li lwen lamentasyon kolektif pou l antre nan diyite sechrès pawòl. Isit la, kriye se yon zak entim, pa yon pèfòmans.
Avèk Tennfas, Richardson Auguste ekri yon liv difisil, men fondamantal. Yon rekyèy kote pwezi vin dènye litiji moun ki pa gen tanp, dènye kafou kote lespri ka rete anfas mond lan san l pa fèmen je l, san li pa bay manti sou doulè a.
Godson Moulite
