Refleksyon sou Karyѐ Lyonel Desmarattes, ko-envite donѐ Jounen Liv ak Medya ayisyen nan New York

Jounalis, ekriven ak akademisyen Lyonel Desmarattes pral frape yon gwo kou nan okazyon pwochen Jounen Entѐnasyonal Liv ak Medya Ayisyen yo ki fikse pou samdi 20 ak dimanch 21 avril 2024 la nan Long Island, New York kote, dayѐ, li se ko-envite donѐ. Fwa sa a, kreyolis sa a, ki genyen deja plis pase 10 liv nan palmarѐs li, monte wo epi ale lwen pou l vini avѐk pwochen pwodiksyon l la, sa nou te ka rele deja yon veritab las datou, yon liv-referans ki pral okipe yon plas apa nan bibliyografi kreyòl la: se yon adaptasyon kreyòl youn nan liv moun plis li nan mond la. N ap pale de chedѐv osinon liv-referans « Alexandre Dumas Père » la, « Les Trois Mousquetaires ». Puiske ekriven belanswa (Belans, vil peyi) a santre travay la sou dѐnye nan 4 mousketѐ yo, li rele liv li a “Chevalye d’Artagnan oubyen yon 4ѐm Mousketѐ». 

Vremanvre, Oganizatѐ Jounen Liv ak Medya Ayisyen an, edisyon 2024 la, ki pral dewoule nan New York nan dat samdi 20 ak dimanch 21 avril la, pral pwofite okazyon an pou yo ofri ko-envite donѐ a, jounalis, ekriven ak akademisyen Lyonel D. Desmarattes,yon okazyon pou li fè vant-siyati dènye liv an dat li, “Chevalye D’Artagnan ou yon 4ѐm Mousketѐ”, ki se yon adaptasyon kreyòl yon volim nan  chedѐv otѐ fransѐ Alexandre Dumas Pѐre. Yon kòlѐg Desmarattes, Akademisyen Serge Bellegarde, tradiktѐ-entѐprѐt pwofesyonѐl ki te pase 40 tan sѐvis nan Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) fè konnen, nan prefas li ekri pou liv la : “Mwen sispѐk sa ki motive Desmarattes pou l abòde travay Dumas a epi pran tan pou l mete li nan lang kreyòl ayisyen an, se non selman le fèt ke woman an gen yon renomen mondyal ki jistifye ke yo adapte li, tradui,I enteprete li nan divès lang, avèk adaptasoyn pou ti ekran ak gran ekran; men tou paske otѐ franse a sete pitit yon kolon blan kite pran nesans nan Jeremi, pandan peyi a te toujou rele Sen Domeng, anvan li te vin Ayiti peyi lib e endepandan..»

Nan vѐsyon kreyòl Desmarattes la, an plis tèks konplè  prefas Akademisyen Serge Bellegarde la, lektѐ yo va jwenn tou analiz ak kòmantѐ kѐk save ki maton nan kesyon lengwistik e ki gen bon jan repitasyon kòm plim-e-ank kreyolis: n ap nonmen doktѐ e leksikograf franko-ameriken Albert Valdman, doktè nan lengwistik britanik Kate Howe, kreyolis ak konseye akademik Pierre-Roland Bain ki, li menm, se pwomotѐ selebrasyon jounen entѐnasyonal lang kreyòl yo ke li mete sou pye chak ane depi plis pase 25 ane nan Montreal Canada, mete sou yon atik an angle sou travay ak karyѐ Lyonel Desmarattes ke repòtè kanadyen, Chantal Martineau te pibliye sa gen kѐk ane. Tou sa va ede moun ki te toujou renmen lang manman nou an ak nouvo konvѐti yo reyalize ki kote otѐ a soti ak ki kote li vle ale ak travay li sou sa ki merite pou nou rele lang ayisyen an- si nou suiv yon tandans k ap konfime plis chak jou. .

Tou sa pou di nou –si nou pa t konnen sa deja- pesonalite ki pral parѐt devan piblik la nan New York nan dat 20 ak 21 avril pwochen se pa yon nonm like this, like that le n ap konsidere “la chose creole”. Nan 2 mo, 3 pawòl, kite nou di li pran retrèt li nan mwa oktòb 2022 nan Lavwadlamerik kote li te pase plis pase 33 lane kòm yon IRB (international radio broadcaster), swa yon jounalis radio entѐnasyonal kote misyon li, pou kòmanse, sete ede mete kanpe sa ki tounen depi kèk tan deja youn nan pwogram radio-televisyon ke Ayisyen an Ayiti ak nan Dyaspora konnen e renmen plis, paske yo konte sou li kòm yon sous enfòmasyon yo ka fѐ konfyans; ansuit, li te prezan, nan dat 4 jiyѐ 1986, lѐ Sѐvis Kreyòl la ou VOA-Creole, te jwenn rekonesans Kongrè Ameriken an kòm youn nan anviwon 50 sèvis ki fòme Lavwadlamerik, swa yon chèn-medyatik konbine ki pwojte imaj Lezetazini nan lemond epi fѐ lemond konnen sa k ap pase Ozetazini ak toupatou sou latè beni. An 2 mo, 3 pawol, jan Lyonel renmen di, Sèvis la inogire devan li an 1986, yon ti tan apre ranvѐsman rejim Duvalier a an Ayiti epi li te prezan tou nan tout moman enpòtan nan egzistans gwo rezo enfòmasyon mondyal sa a ki rele, depi kèk tan déjà, Global Media USA, swa yon konbinezon tout platfòm medyatik yo ki fѐ l ap bay mond la nouvѐl ak enfòmasyon 24 sou 24 epi 7 sou 7.

Kidonk, depi preske 2 lane, pi gwo efò Desmarattes konsantre sou sa li ka fѐ pou avansman lang kreyòl la, pi espesyalman pou meble bibliyografi lang la – yon misyon li bay tѐt li depi li te nan lise, an Ayiti –swa yon epòk kote li potko menm gen 20 tan. An reyalite, daprѐ sa li deklare, sa ki plis motive li nan entrepriz sa a, se le fѐt ke youn nan gwo twou vid ki gen nan nenpòt ki pwogram alfabetizasyon ak lang kreyòl la kòm zouti aprantisaj, sè ke pa gen ase liv didaktik ki ekri nan lang nan. Se pou sa palmarѐs li gen ladan l tradiksyon ou adaptasyon liv nou pral site  la yo ki déjà fѐ pati sa yo rele an angle “the world culture” “kilti mondyal la” e ki, gras ak efò Desmarattes, egziste jounen jodi a nan lang krey òl la:

 

-Mouche Defas, ou Tartuffe an kreyòl

-Lekòl Medam yo, ou L’Ecole des Femmes

-Fanm Filozòf, ou Les Femmes Savantes

-Zanmi Pѐsonn, ou Le Mesanthrope

-Pѐp Bondye a, ou Athalie an Kreyòl;

- Bravo pou Ayiti, ou Horace en kreyòl,

-Woben Lakwa ou Robinson Cruzoe an kreyòl,

-Panse ak Reflesyon Filozofik ou The Prophet, liv filozòf libano-ameriken, Khalil Gibran an kreyòl.

 

An reyalite, kòm yon entѐlektyѐl ki double de yon imanis enfòme, Desmarattes konnen, pou anpil espesyalis, sitou chѐchѐ nan domѐn sosyo-lengwistik la, yon lang pa merite pote non lang si li pa genyen ladan l menm yon brѐf rezime liv sa yo ki chita sou panse ak fòs kreyasyon yon espesimen byen piti nan limanite. Elit limite sa , k ap evolye an sèk femen, byen kapab pa deklare sa nou di la a, ni fѐ anyen pou sa chanje pou rezon egoyis –sitou devan pwogrѐ travay sou lang kreyòl la depi Feliks Moriso-Lewa; men y ap panse sa kanmenm.

Yon lòt eleman konstan nan travay Lyonel Desmarattes se yon aktivite l ap mennen depi plis pase 10 lane kòm ko-animatѐ KOMALAK (Komite pou Avansman Lang Kreyòl la) ke li te ko-fonde avѐk doktѐ nan edikasyon Fred Williams, ki, li-menm tou, te jwe yon gwo wòl nan efò ki te fѐt pou mete Sѐvis Kreyòl VOA a sou pye, puiske Doktѐ Williams te pase lontan ap egzѐse pwofesyon jounalis la nan Kanada anvan li te emigre Ozetazini nan lane 1987 jisteman pou l te kore travay kite debouche sou fondasyon Sѐvis Kreyòl Lavwadlamerik la. Alòs, depi plis pase yon deseni, duo kreyolis sa a (Doktѐ Williams a goch sou foto a) toujou aktif nan efò ki fѐt pou selebre, nan fen mwa doktòb la, Jounen Entѐnasyonal Lang Kreyòl yo nan zòn metwo Washington D.C. a.

N ap kite dѐnye mo sou travay Lyonel Desmarattes, envite donѐ “Jounen Liv ak Medya Ayisyen an”, pou pwofesѐ lengwistik Kate Howe, yon akademisyen britanik ki pale ak anpil fyète pou l di Desmarattes te pwofesѐ kreyòl li e li se premye moun ki te fѐ l dekouvri bote lang tout Ayisyen yo pale a.

« Depi kèk tan deja, konstitisyon ayisyѐn nan rekonèt kreyòl la kòm lang ofisyèl menm jan ak lang franse a, pou n bay egzanp sa a sèlman. Kidonk, pèp ayisyen an kòmanse chache wout pa l; e lang l ap pale sou wout sa a se kreyòl. Timoun yo ap aprann li ak ekri an kreyòl; granmoun yo li jounal, yo tande emisyon radyo, yo gade pwogram televizyon an kreyòl. E se samba tankou Lyonel Desmarattes k ap kontinye batay pou lang manman Ayiti Toma a posede tou yon literati ki gen nannan, ki bèl epi ki bay Ayisyen yo ak Ayisyèn yo tout rezon pou yo fyè de lang yo tout pale a”.  --- Kate Howe, Doktè an Lengwistik.

 

Jean-Louis, Sr. (Filadelfi, PA), & Danick Pierre-Louis  (Boston, MA).

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES