Frankofoni nan lakou lakay: rèv oswa reyalite

Se yon plezi pou mwen jodi a pou m envite nou fè konesans ak pwofesè Johnny Laforêt k ap anseye franse nan Princeton University depi lane 2016. M. Laforêt gen yon doktora nan fransè ak domèn akizisyon dezyèm lang. Nan sans sa a, li gen anpil lide li ka pataje ak nou nan fason pou nou anseye yon lang kote aprenan yo ap patisipe nan aprantisaj la, pou yo rive devlope kapasite oral ak ekri yo nan lang y ap aprann lan san pwoblèm. Pwofesè Laforêt gen yon pakou ki enteresan anpil. Nou swete lide li pral pataje ak nou yo va enspire anpil nan nou nan etid n ap fè sou lang, prensipalman nan anseyman franse swa kòm yon lang etranje swa kòm yon dezyèm lang.     

JP:      Bonjou Johnny Laforêt. Ki jan w ye?

JL:      Bonjou Jacques Pierre. Mwen byen. E ou menm?

JP:      Nou la. Se yon plezi pou mwen fè ti dyalòg ekri sa a ak ou.

JL:      Mwen tou. M byen kontan opòtinite a.

JP:      Di nou de twa ti mo sou pakou w jous ou rive ateri nan Princeton University? 

JL:      Mwen fèt nan yon zòn ki rele Bèken nan komin Payan nan depatman Nip. Mwen fè tout etid primè mwen nan “École Nationale de Paillant” e etid segondè mwen nan Lycée National de Pétion-Ville. Apre sa, mwen pase kat lanne nan Fakilte Lengwistik Aplike (FLA) ap etidye lengwistik ak ansèyman-aprantisaj lang. An 2010, apre yon konkou gason pa kanpe, mwen te jwenn yon bous Fulbright pou mwen t al etidye lengwistik ak akizisyon dezyèm lang nan Texas Tech University. Apre sa, mwen te fè yon doktora entèdisiplinè nan lengwistik, fransè, akizisyon dezyèm lang ak edikasyon nan “University of Illinois at Urbana-Champaign”. Finalman, mwen se pwofesè fransè nan Princeton University depi 2016.

JP:      Nan de twa mo, ki sa yon etidyan ki ann Ayiti dwe fè pou li jwenn yon bous Fulbright?       

                Bous Fulbright se youn nan bous ki pi difisil nan mond lan, se sa ki fè ou jwenn anpil respè tout kote ou pase lè ou se yon bousye Fulbright. Ann Ayiti, yon etidyan ki gen lisans dwe siveye anons anbasad ameriken pou konnen ki lè enskripsyon yo ap fèt, ansuit, voye yon aplikasyon nan anbasad la pou tante chans li. Se yon pwosesis ki long anpil, kidonk sa mande anpil pasyans. Pi bon mannyè pou rete okouran de kesyon bous nan anbasad la se abone ak paj anbasad yo, konsa ou p ap rate ankenn anons. Ou ka siveye tou anons yo sou jounal Le Nouvelliste. Pou plis detay, klike sou sit sa a https://us.fulbrightonline.org/ .

JP:      Dapre ou menm, èske Ayiti se yon peyi frankofòn? Si wi/non, ki jan pèp ayisyen an viv ak lang sa a nan lavi li chak jou?

JL:       Wi, dapre mwen Ayiti se yon peyi frankofòn pou plizyè rezon: Nou gen ant 20 a 30% popilasyon an ki pale fransè nan yon nivo oubyen yon lòt, se lang administrasyon leta a, se lang sistèm jidisyè a an jeneral, se lang lekòl, lang sitiyasyon fòmèl tankou diskou, seremoni maryaj, antèman, pou m site sa yo sèlman. Men, fòk nou gen ase kouray pou n rekonèt tou fransè se premye lang yon (bon) ti ponyen moun nan sosyete a.

JP:      Èske ou kapab di nou ki jan w rive nan kalkil pousantaj sa a (20-30%)?

Kalkil la pa twò konplike pase sa non. Mwen di tèt  mwen si nou ta pran 70 pousan nan elèv ki fini lekòl nan tout gwo lise nan peyi a, san ankenn dout anpil nan elèv sa yo pale fransè san gwo difikilte. Mete sou sa, si nou konsidere tout lekòl kongreganis yo tou, nou kapab di pou piti 80% nan yo ta dwe maton nan fransè. Anplis, gen anpil gwo lekòl ki nan peyi a ki pa ni lise ni kongreganis, men nivo fransè timoun yo trè bon. M ta site kèk lekòl tankou College Excelsior, Collège Catts Pressoir pou Pòtoprens sèlman, kote pifò elèv yo pale fransè ase byen. Pou m fini, tout etidyan ki antre swa nan inivèsite leta a ou byen nan inivèsite prive yo pran bon jan kou fransè pandan kèk ane, si nou pa sou fè politik, nou oblije konte yo tankou frankofòn tou. Se fason sa a ki fè m di Ayiti gen omwen 20 a 30% nan popilisasyon an ki pale fransè.

JP:      Anvan ou te kite Ayiti pou ateri isit, ou kapab di nou ki jan jounen frankofoni sa a te konn fete lakay? E ki pi bèl souvni ou gen de li?

JL:       Mwen te prezidan komite kiltirèl fakilte lengwistik aplike pandan 3 zan. Nan fakilte a, fèt frankofoni se te gwo koze. Anpil aktivite kiltirèl te konn fèt tankou teyat ak Mesye Daniel Marcelin, mizik, koral fakilte a sou direksyon yon gran mizisyen ki rele Hans Dacosta Saint-Val ki te konn fè moun vibre nan Rex Théatre. Mete sou sa, fakilte a te konn òganize anpil bèl konkou tankou konkou dikte, tèks, elatriye. Mwen te rive pran 3èm meyè pri tèks frankofòn ann Ayiti nan lanne 2008. Peryòd 20 mas sa yo rete make tout etidyan FLA pou lavi.

JP:      Nan yon moman kote anpil edikatè, lengwis ak kreyolis ap mande pou yon edikasyon fèt nan lang kreyòl nou an, èske w panse yon lide kon sa vle di mete franse sou kote nan sistèm lekòl la ?

JL:       Mwen dakò ak tout moun k ap mande pou lekòl fèt an kreyòl paske se sèl lang tout Ayisyen k ap viv Ayiti pale sou pwent lang yo. Men, eskè lekòl ka fèt an kreyòl sèlman nan pwochen 20 lanne k ap vini la yo? Mwen pa ko kwè. Rezon an byen senp. Pou retire konplètman yon lang ki anrasinen nan sistèm edikatif la depi 1804 se pa yon bagay ki fasil. Anplis, ou pral fè fas ak anpil paran ki pral di w yo ta renmen pitit yo aprann nan lang fransè a tou. Donk, pou mwen, solisyon ki parèt pi reyalis la se fè yon fason pou marye tou de lang yo nan ansèyman aprantisaj la nan peyi a, pandan w ap pèmèt kreyòl la itilize kòmsadwa  depi nan koumansman jiska inivèsite. Nou rekonèt enpòtans lang kreyòl la kòm pi bon zouti pou tout Ayisyen aprann li ak ekri epi reflechi. Men tou, nou dakò pou tout elèv yo aprann lòt lang tankou fransè, anglè, espayòl pou yo sa pi konpetitif sou mache mondyal la.

JP:      Èske w ka pataje de twa ti apwòch ou mete an pratik nan klas franse ou yo ak nou? E ki jan apwòch sa yo ede elèv ou yo byen pran lang lan?

JL:       Estrateji  mwen plis itlize, se sa yo rele ann anglè “Flipped classroom” kote elèv la travay sou nosyon yo lakay li kòm devwa e lè l vini nan klas la, nou plis pratike lang nan ak sa li gentan etidye lakay li yo mete sou sa li po ko konnen epi avanse pi lwen. Tout demach sa yo antre nan yon apwòch entegratif kote mwen itilize “tâches multimodales” pou nou kontinye ale an pwofondè nan aprantisaj la. Pou m fini, kou yo fèt an fransè, men detanzantan mwen ka itilize anglè pou m klarifye kèk nosyon difisil.

JP:      E ki sa w panse ki yonn nan pi gwo pwoblèm nan ansèyman lang franse a ann Ayiti ki koz anpil timoun pa rive byen pale l, menm apre14 lane lekòl?

Jl:        Sa a se yon kokennchenn kesyon. Pi gwo pwoblèm nan se paske kou yo pa byen fèt. Nou plis aprann règ gramè alekri pase nou aprann pale lang nan kòmsadwa. Si nou itilize nouvo metòd ansèyman lang yo, nou ka pèmèt tout timoun yo pale fransè kou rat avan yo antre nan segondè. Pou sa rive posib, fòk nou fè gwo chanjman nan tout sistèm edikatif la. Fòk nou panse ak tip fòmasyon anseyan yo, pi bon kondisyon pou pwofesè yo travay, pi bon materyèl didaktik, pi byen defini ki tip sitwayen nou vle fòme e pou ki peyi.

JP:      Dapre konstitisyon 1987 la, nou gen de lang ofisyèl, nan travay rechèch ou, ki enstitisyon leta, prive, oswa ki jounal ki bay menm enfòmasyon an nan tou de lang yo?  

JL:       Bèl kesyon. M pa kwè sa ekziste. E se pi gwo pwoblèm soudevlopman nou. Ki jan w konprann yon sitwayen ayisyen ki pale kreyòl sèlman rive devan yon jij k ap pale ak li an fransè san l pa gen dwa ak yon entèprèt. Menm lè se an kreyòl jij la ta ap pale, men kalite kreyòl melanje ak fransè l ap pale a p ap pèmèt okenn sitwayen ki pale kreyòl sèlman konprann. Se yon ekzanp banal pou m moutre w ke nou pa suiv sa konstitisyon an di nou an. Mwen prale pi lwen pou m di w si n t ap suiv konstitisyon  an alalèt, menm Akademi lang kreyòl la ta dwe pibliye tout enfòmasyon li yo nan tou de lang yo. Se devwa leta peyi a pou rann tout dokiman disponib nan tou de lang yo pou tout Ayisyen.

JP:      Si w ta gen yon konsèy pou bay MENFP nan zafè fòme pwofesè pou anseye franse, ki sa l t ap ye?

JL:       Toudabò fòk nou mete nou dakò sou ki sitwayen nou bezwen fòme, pou ki peyi. Lè nou fin defini kritè yo, nou t apral rele tout espè ki fòme nan lengwistik aplike, nan aprantisaj dezyèm lang, nan sosyolengwistik, sikolengwistik, etnolengwistik, ets. pou nou rive mete chita sou papye ki pi bon apwòch nou pral itilize pou nou fè timoun yo aprann pale fransè. Epitou, ki tip fransè n ap bay priyorite nan premye ane eskolarizasyon yo, èske se devlopman kapasite oral la oubyen ekri a.

JP:      Une question en français?

JL:       Et pourquoi pas?

JP:      Qu’en est-il de l’avenir de la langue française au pays de Jean-Jacques Dessalines?

JL:       Merci de la question. Du train où vont les choses, je pense que de moins en moins d’Haïtiens parleront français dans les 20 prochaines années. La raison est pourtant bien simple, le niveau de l’école se dégrade, les meilleurs enseignants du pays vivent maintenant à l’étranger et les formateurs de maîtres aussi. Ce n’est pas seulement l’apprentissage du français qui en pâtira, mais tout le système scolaire dans sa globalité qui s’écroulera si rien n’est fait. Autrefois, l’École Normale Supérieure ou la Faculté de Linguistique Appliquée où se forment la grande majorité des professeurs de langues, recevaient des milliers d’inscrits au concours d’admission, mais cette année ces entités ne comptaient que des centaines d’inscrits. Qui pis est, ceux qui vont passer le concours d’entrée ne se voient plus au pays, mais attendent avec impatience « le courriel de Biden » comme on dit. Tout ceci pour vous montrer la gravité de la question. Donc, pour pallier ce manque de professionnels qualifiés, l’Université d’État D’Haïti et le ministère de l’Éducation nationale doivent prendre des mesures à la hauteur de ce problème, notamment, offrir la possibilité pour les professeurs haïtiens travaillant à l’étranger de donner des cours à distance. Par ailleurs, il faudra démystifier également la compétence en français en Haïti. Et finalement, on devra se poser les bonnes questions sur l’utilité immédiate d’une compétence en langue française pour un Haïtien vivant en Haïti. Pour finir, je dirais que l’avenir du français en Haïti n’est pas certain.

 

Jacques Pierre

N ap di konpatriyòt la, Dr. Laforêt, yon gwo mèsi pou tout lide sa yo li te pataje ak nou. N ap envite w pwofonde travay li nan liv sa a ki soti nan travay tèz doktora l li te fè nan lane 2016 nan University of Illinois Urbana-Champain. Nou envite w li yonn nan atik li te ekri nan lane 2023 ki parèt nan jounal “Revue Internationale des Francophonies” ki gen pou tit “Le paysage linguistique de Port-au-Prince: le cas de la route de Frères”.  Pou fini, nou swete w al tande lide li te devlope nan yon konferans yo te envite li an desanm 2023 a nan Lafrans sou sitiyasyon lang franse a ann Ayiti.     

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES