Pour célébrer l’anniversaire de René Depestre, sept créateurs haïtiens — six poètes et un diseur — ont rendu hommage au grand auteur en adaptant plusieurs de ses poèmes majeurs en créole haïtien.
Initié par Mingolove Romain, poète et animateur de l’émission Tout Est Poésie, ce projet dépasse la simple traduction littérale.
Chaque auteur a réinventé un texte pour l’ancrer dans la culture et le terroir haïtiens. Comme l’explique le poète Philippeson Juste, l’objectif est de « rendre à la langue maternelle ce que le poète a confié à la langue française : une douleur, une colère, une espérance ».
En plus d’enrichir le patrimoine littéraire créole, cette démarche rend l’œuvre de Depestre accessible au public créolophone qui maîtrise peu ou pas le français.
Les poèmes traduits et leurs adaptateurs :
▪︎ Ballade des Cinq Sens devient Flann Sou Lantiray Lavi, adapté par Sandra Rabrun.
▪︎ Je Ne Viendrai Pas Ce Soir devient Aswè a M P ap La, adapté par Jonel Juste.
▪︎ Je Connais un Mot devient Mwen Konnen Yon Mo, adapté par Ricardo Auguste.
▪︎ Minerai Noir devient Min Fènwa, adapté par Mingolove Romain.
▪︎ Haïti à la Dérive devient Ayiti an Degrenngolad, adapté par Philippeson Juste.
▪︎ Bulletin de Santé devient Bilten Sante, adapté par Douglas Zamor.
▪︎ Alabama conserve son titre d’origine, adapté par Jean Raphy Domond.
Découvrez ci-dessous ces sept poèmes de René Depestre revisités par les jongleurs de mots ci-avant mentionnés et rendus dans toute leur force créole.
FLANN SOU LANTIRAY LAVI
Britsoukou
Jodi pou demen,
Je m pase sèt koulè lakansyèl.
Zòrèy mwen pèdi
Melodi douvanjou.
Sant kafe kou papye lavi joni
Pèdi gangans yo anba nen m.
Papay, tankou lòt trezò nan panyen lanati,
Pa fè djòl mwen kouri dlo.
Gou lanmou fè mem m filalang,
Kou fredi
Jouke w nan fouk.
Flann Sou Lantiray Lavi , Sandra RABRUN
[ Se tradiksyon kreyòl powèm BALLADES DE 5 SENS RENÈ DEPESTRE ]
AYITI AN DEGRENNGOLAD
Men peyi m nan dekore
Ak dan
Ak pikan kwenna.
Peyi fil fè, peyi bèk fè
Depi nan pye rive nan tèt
K ape dangoye nan lonbray li,
Yon lakou manje ranje
K ape bouyi kòlè
Kote doulè lespwa mare ansanm
Souri ayisyen gen gou fyèl.
Ayiti san dimanch
Boure ak lapenn,
Kèk malè pandje difisil pou donte,
Yon vòlkan k ape dòmi
San zegui rèvèy
Nan silans revèy sann li.
« Ayiti an Degrenngolad »
Philippeson JUSTE (2026),
[ Tradiksyon kreyòl tèks « HAÏTI À LA DÉRIVE », René Depestre ]
ALABAMA
Si lavi ta fè m kado yon pitit fi
Mwen p ap janm rele l Alabama.
Menm pou jwèt, menm nan rèv
Mwen pa t ap bay yon non tris konsa
Menm ak ti pye seriz ki fèk ap boujonnen toupre lakay la,
Ni ak gwo bato mwen mete navige pafwa
Sou dlo dous tandrès k ap koule anndan m.
Alabama
Mwen p ap makònen yon non konsa
Ak lakontantman ki ap debòde nan nawè Suzàn,
Suzàn fanm natif natal vil Pari
Ki te toujou ap eseye anvayi lakontantman pa m.
Alabama
An verite, m p ap bwode yon mo modi konsa
Sou zorye yon tchovi maladi mete kaba
Mwen p ap ekri yon mo anmè konsa
Sou 4 panno selil yon prizonye ki inosan
Ni sou gro miray byen wo tristès leve andedan kè m.
Alabama !
Sa se pa yon non pou chwazi bay premye lekòl
Nan vilaj kote lonbrit ou koupe.
Alabama
Se pa yon non pou w ta pèdi jekwazandye w
Pou w bay yon pon, yon tren oswa yon boulanje
M te ka petèt imajine mo Alabama nan tan lontan
Ki afiche sou fwon yon gran dansèz k ap make pa
Ou byen sou pòt yon faktori kote yo fabrike poupe.
Kounye a pa gen pèsòn nan mond lan
Ki ka ekri mo sa sou okenn vit
Kote y ap fè pwopagann pou lasante ak lespwa.
Alabama, se yon non madichon mwen wè
Ki grave sou gwo chenn lou
Ki nan pye ak nan men frè nwa mwen yo.
Alabama
Alabama se non rasis, non kriminèl mwen wè
K ap senyen flanbo kouraj ak dinyite
Frè ak sè nwa mwen yo flewo lesklavaj brize.
E si men dwat mwen te gen malè rele Alabama,
Mwen sèmante 7 fwa 77 fwa 7 fwa
Mwen t ap fout koupe l jete aswè a menm
Yon fason pou m te ka7 kontinye ekri powèm
Pou chante laglwa ak dinyite lèzòm.
ALABAMA
Téks : René Depestre
Adaptasyon ak tradiksyon : Jean R. DOMOND
Revizyon ak koreksyon : Mingolove ROMAIN
ASWÈVA M P AP LA
Aswè a m p ap la
Pou m vin gade ribanbèl
Lajwa ak lanmou
K ap trese riban anba je w
Tout peyi a kanpe pou chanje demen
Lamitye rele m vin goumen
Vin derasinen mapou diktati
Pou solèy lespwa ka leve
Aswè a m p ap la
M p ap ka vin pase men m
Nan cheve w, bèl nègès,
Kase ti bwa nan zòrèy ou
Pandan zetwal peyi m ap file
Aswè a m p ap vini
Plonje nan lanmè je w
Naje nan basen de bra w
Tire lobe nan rivyè lanmou w
Neye chagren m nan siwo bouch ou
Chalè kò w se dòmidous
Lè nou kontre se fedatifis
Men, cheri,
Lanmou n pa t ap gen sans
Si l ta fè silans
Devan soufrans limanite.
Aswè a Mwen P ap La, Jonel JUSTE
[ Se adaptasyon ak tradiksyon kreyòl Jonel Juste de powèm René Depestre ki titre Je Ne Viendrai Pas Ce Soir ]
MIN FÈNWA
( Adaptasyon e tradiksyon Kreyòl Mingolove Romain fè ak powèm Minerai Noir René Depestre )
Lè menm solèy sakre
Ki t ap simaye zyedou ak karès
Pou kolore kotidyen Endyen yo
Bridsoukou kole dan li byen fon
Sou po wouj yo
Epi bwè tout dlo penitans nan kò yo
Lè lafourad pou lò
Tenyen tout limyè mounite
Nan konsyans Loksidan
E souse kou sansi dènye gout san Endyen yo
Jiskaske pa t rete
Lonbraj yon sèl Endyen
Toupre min lò yo,
Yon van dezespwa pran detrese bò tèt zile a
Van madichon sa bwote bato kolon agranman sanmanman
Jous anndan vant Lafrik
Pou al peche larelèv
Sou kontinan nèg ak nègès bèl pòtray la.
Se konsa macheprese a te kòmanse
Se konsa kolon blan fè 2 kabès
Nan kokenn sous richès san limit sa a
Ki kache nan kò ak kouraj moun nwa.
Se konsa gwo poteboure a te tanmen
Pou keyi solèy midi ki t ap danse nan kè Lafrik
E tout nanm latè t ap degrennen rèl
Anba eskonbrit kanaval kout pikwa
Ki t ap kreve jous nan fon kè
Kannkès wòch ki gen metal chè
Ki te plante nan matris yo.
Nuit yo deja boule tout longè
Mèch lanp plizyè syèk
Sivilizasyon modèn kite mak pye l sou kou nou
Ki fè listwa paka bliye tout move kou yo
Ni kout kouto diskriminasyon
Ki kontinye ap senyen maleng nou
Jous jounen jodi zòt pa sispann prije lavi
Pou piye richés ak bèl mèvèy
K ap ponpe nan venn ras sa a.
Malgre kalamite yo, nou di mèsi lavi
Mèsi pou melanin lan
Ki fè nou pwomennen men nan men ak solèy
Lè n pito
Melanin se yon men envizib
K ap ekri yon powèm anba po nou
Ki fè koulè nou se pwezi ki pwoteje nou
E ki pwojte plis chàm pase nenpòt metal chè.
Pèp sa se yon gran sous
Kote dlo je, swè ak san moun pa janm sispann koule
Yon sous ki pase swaf lannuit
Lè bouch tan an sèk
Tankou tè ki divòse lontan ak lapli
Konbyen piyajè
Ki tann lanmè fè eskal arebò kapris ou
Pou yo deklete pòt somèy ou
Epi dechèpiye ak gwo zàm
Ti resous ou t ap sere byenfon
Konbyen atoufè ki fè fèt
Lè bousòl bato yo te pèdi pòl nò
Epi kout van madichon mennen yo
Sou wout ki chwe nan bèl jaden w
Kote zèl kat lavi yo fènwa te fin bwè
Reveye ak chandèl lespwa tou limen
Ou menm pèp ki plante libète
E ki, nan plas bèl rekòt, pase anpil ane
Ap ranmase ak 7 pas dlo nan je w
Pil branch ak fèy tan an seche sou pye
Pèp malè piye e lese toutouni
Pèp yo bwase, vire devan dèyè, tèt anba
Tankou yon tè y ap raboure.
Pèp yo derasinen, demounize e debwaze rèv li
Pou angrese komès gwo peyi nan mond lan,
Tankou kodenn k ap kouve nan kalòj an sekrè,
Kite kriz kòlè k ap konsonmen ankachèt
Nan fon kè w
Rete kouche kèkal
E tann kama akouche lakontantman lakay ou.
E jou absè a pete tout bon vre
Loray ap frape pye l atè
Pou pèsòn p ap janm pèmèt yo ankò
Eksplwate fòs kouraj ou gratis
Pou fabrike pyès kanno ak pyès lò
Pou bati richès yo ak swè e ak san w
Paske fwa sa
Kòlè ki koulè metal nwa k ap bouyi nan vèn ou
Ap monte jis li debòde nan figi Loksidan
Minerai Noir
Poème de René DEPESTRE
Adaptation et Traduction Créole : Min Fènwa de Mingolove ROMAIN
MWEN KONNEN YON MO
René Depestre
Mwen konnen yon mo ki konn vole gagè
Li fè lòlòj moun vire tankou toupi
Li fè letènite kase tèt tounen
Li gonfle vwal rèv yo tankou gagann zandolit
Li kaye tankou reyon limyè lanmou anba je m
Mwen konnen yon mo grandèl toumante listwa
Li fè kout tèt tankou ti papye nikle atè nan lakou
Nan ti van ki louvri zèl sou mòn yo kap pran grad nan malè
Se yon bann zwazo fou ki pete kriye sou lanmè pwennfèpa— mò rèd
Mwen konnen yon mo jòf anba jipon lanmè karaib
Se bèl wòch tout Koulè ki dodomeya anba rivyè yo,
Yon lalin ki tranpe pye l nan ma dlo
Nan bri fèy lè pye bwa ap fè lese frape
Nan pwezi vwa timoun ki fè eko sou bèso,
Nan lafimen ki grenpe pye palmis tèt anba
Mwen konnen yon mo ki trennen tan an nan pye,
Li fè koupab ki pa kapab frèt kon mab
Li boude dyòl sou lamizè nan katye bouda chire
Li tonbe dòmi sou lonbray nat
Nan kè sere vil yo.
Mwen konnen yon mo ki wonfle fò nan listwa
Li sekwe kòl lè yo rale zing pou revòlt douvanjou
Lè moun fè ti pil gwo pil nan raje lavi
Anvan yo mete dife nan chan kann
Yon yayad ki rale monte van libète
Mwen konnen yon mo ki antre nan souf tout moun
Nan souf peyizan yo mare nan chèn
Nan souf restavèk san non
Menm jan nan souf fanmi ki gen syèl la nan san yo
Se byen timoun ki pot bann machwè nan vant
Devan chaloska mal maske kap likide peyi
Mwen konnen yon mo ki fè yon gwo twou nan rèv mwen
Se la mwen met griyen dan
Se la mwen met tout lanp souf mwen etèn
Se la mwen mete jòf ak batman kè m
Se la figi dimanch swa resi fennen
Se la lanmou aprann fè sitirè
Se la kè m aprann monte chwal malen
Ki lage tankou powèt nan savann dezole.
Mo sa a redesinen nwit mwen
Mo sa bat bravo pou koulè po m
Li nan pwent tout kalfou miwo- miba m konnen
Li konnen mache chèche pa dòmi san soupe
Li se fòs ki fè m gade solèy la nan je
Li di malè ak moun ki vann batistè pou po patat
Mo sa se yon gwo bato ble e wouj nan dlo je m
Mo sa se sèl lanmou mwen konnen
Mo sa a se foli mwen: Ayiti.
Je Connais Un Mot, René Depestre,
Recueil Étincelles (1945)
Tradiksyon Kreyòl : Mwen Konnen Yon Mo, Ricardo AUGUSTE
Bilten sante
Solèy la Kenbe sekrè pase mwen yo nan yon fil
Pandan ekzil mwen ap glise kannale tèt anba
Yon lapli rèv tout koulè tatoure tout sa k fè m anvi viv
O Powèt ak yon lanmou k ap klere toupatou
O gangan nan yon Leyogàn transparan k ap beke pye silans
Nan moman mwen rive la
Pandan fèy bwa ap Joni nan mwen
Mwen konnen tout dyòk mwen ka lage sou lènmi mwen yo: e tout sa y ap jebede depi digdantan pa ka retire yon plim sou do plimeyank k ap simen lawouze nan forè mwen.
Nan ti mo fre k ap koule nan kò lannuit lan
Mwen jwenn fil ki mawonnen mit yo ak fèy bwa yo
Fil ki mawonnen wòch galèt ak kim k ap moute nan powèm mwen
Men laj matirite pye bazilik ak pye akasya d Ayiti a:
lè a rive pou n chache bwa mete dèyè vanyans vanyan yo te plante ant Kiba ak nouvo vòlkan ki sanble ap soufle kòkòwòs tèt mwen an
Lè a rive pou n jete sann tout move kwayans syèk la nan lanmè Karayib
Granmmaten vwa Wosiyòl anvayi tout sa k fè m sanble ak zòt
Sa ki nouvo k ap deplotonnen nan mwen an ramoli mistè powèt la ki vin tounen zannimo
K ap jwe ak lonbray li a
René Depestre (Adaptasyon Douglas ZAMOR
