Koneksyon Kiltirèl Ayiti ak Kolonbi: yon ayisyen nan vil nan Cali

Finalman, aprè kat lane m pase ap panse ak Cali pye m resi touche tè li a.  Cali, yon vil ki t ap danse nan tèt mwen, ke m pot ko ka ale vizite akòz restriksyon yo te mete lè pandemi COVID la. Pandan mwen t ap soti nan Ayewopò Entènasyonal  Alfonso Bonilla Aragón,  yon  pèsonaj ki pa menm ak lòt yo atire atansyon m pami foul moun ki te genyen an. Se te Oscar, ak yon gwo souri bra li louvri kap tann mwen.

Oscar Becerra se yon melanj pasyon ak konesans. Li te etidye achitekti ak sosyoloji, men li te vin pwofesè paske se te vokasyon l. Oscar se yon pwofesè ak chèchè nan gwo Inivèsite Nasyonal nan Kolonbi. Tout sa l ap fè genyen rapò ak redekore epi finisyon mi kay tradisyonèl nan achitekti, re imajine ansyen metòd yo pou kapab itilize yo ak materyèl modèn. Pon sila ki fèt ant pase ak prezan se pa sèlman yon reyalizasyon teknik, men yon angajman pou amelyore lavi nan sektè popilè yo, kote chak inovasyon gen potansyèl pou transfòme lavi chak jou.

Fason li panse grandi ak eksperyans entènasyonal, tankou  rechèch sa li fè an pwofondè Ayiti a, espesyalman nan Aquin. La a, Oscar te dekouvri kijan teknik konstriksyon ki anrasinen nan tradisyon te kapab evolye, lè nou sèvi avèk materyèl tankou kaolen, yon resous yo jwenn anpil nan tè ayisyen an, pou kreye estrikti, men tou, bel e bon pyès bel atizay ki rapwoche itilite ak bote.

Pandan m ap vizite kèk zòn andeyò nan Cali, mwen sezi wè bagay ke mwen abitye wè Ayiti. Gen kèk estrikti tradisyonèl tankou, yon teren ki chaje ti kay ki konstwi pil sou pil menm, jan ak sa nan zòn andeyò nou yo. Estil kay sa yo, ki tou pre vil la, rive konstwi akoz politisyen ki bezwen favè popilasyon an pou yo kapab genyen eleksyon, sa tou montre kijan bòs mason

yo fè entèlijans yo travay pou yo te kapab itilize materyèl lokal tankou banbou ki solid la, pandan an Ayiti nou menm nou chwazi lat ki fèt bwa palmis. Teknik sa a, yo rekonèt li nan Kolonbi sou non bahareque

Bahareque a se yon kad ki fèt ak banbou ki , ki plen ak tè mouye, yon pratik ki kreye dyalòg ak yon lyen transnasyonal nan achitekti de peyi yo. Menm lè estrikti bwa won yo ak tèt kay ki fèt avèk zenk yo sanble lè n ap gade konstriskyon nan tou de peyi yo, dyalòg nan mitan teknik sa yo melanje pi plis toujou lè nou konsidere ke chak peyi adapte yo nan fason  pa yo.

Bahareque a, plis pase yon teknik, se yon dyalòg pou yon adaptasyon ak rezistans, kote espas anndan mi yo pa sèlman sèvi kòm izolasyon tèmo-akoustik, sa vle di ki apeche li fe ni twò cho ni twò frèt, men tou kòm yon temwayaj nan entèlijans kolektif pou fè fas ak defi klimatik ak ekonomik.

Anplis de sa, tradisyon pentire mi deyò kay yo ak divès koulè natirèl la tè, bay pwoteksyon, men tou, se yon twal ki reflete koulè natirèl zòn nan. 

Echanj konesans Ayiti ak Cali, malgre lanmè ak kilti yo ki diferan separe yo, montre ke pratik konstriksyon tradisyonèl yo kapad adapte epi vini inivesèl se yon pon ak pase epi prezan, lokal ak mondyal.

Pou nou byen konprann santeria oswa Regla de Ocha, Oscar te prezante m yon santero lokal ki okòmansman te dekri vodou tankou 'maji nwa' e li te ban mwen yon liv sou santeria ak orijin Yowouba nan Kiba. Byen vit nou vin zanmi epi eksplore pwofondè Yoruba Santeria pandan nap konpare li ak Vodou Ayisyen an. Malgre tou de pratik sa yo pataje rasin Afrik Lwès la, yo chak evolye nan fason pa yo, pandan tou yo chak makonnen ak kilti lokal yo kote yo ye a.

Santeria melanje ak relijyon Katolik epi kwayans relijye afriken, orichas yo (espri) se sen Katolik yo. Kòm egzanp, Shangó asosye ak Sen Barbara, Yemayá ak Vyèj Regla. Yon lòt bò, Vodou Ayisyen an kenbe yon koneksyon pi dirèk ak rasin Afriken li yo, chak lwa (espri) genyen  idantite ak pratik pa yo men nan vodou ayisyen an yo konekte o lye yo fè yon sèl ak sen katolik yo.

 Malgre Santeria ak Vodou bay mizik ak dans valè nan seremomi yo, yo diferan nan fason yo kominike ak espri yo. Nan vodou, se lwa yo ki monte nan tèt moun yo sa ki vle di moun yo pale memm ak lwa yo, pandan nan Santeria yo genyen divinò oswa yo fè ofrann pou yo kapak kominike avèk orichas yo.

 Vwayaj sila nan Santeria ak nan Vodou a, fè nou wè pi byen kòman pratik sa yo ki anrasinen nan tradisyon Afriken yo, te rive makonnen epi kontinye anrichi peyizaj espirityèl la nan yon lòt kontèks kiltirèl.

Ou kapab apresye diferans sila nan Cali, nan lavi tou le jou ak nan abitid abitan li yo, Men pou yon etranje ki ap gade se tankou yon fenèt k ap montre w kilti lokal vil Cali a. Pandan mwen t ap pwomennen nan gwo pak del Acueducto, mwen vin parèt fas a fas ak yon sèn ki se rezime envansyon ak lavi nan zòn popilè yo .Yon gwoup moun ki ap viv nan lari, nan yon jès zanmitay, t ap pataje yon jwen marigwana, pandan kèk nan yo ap benyen nan yon ti kouran dlo epi lave rad yo ak chumbimba, yon fwi lokal yo itilize tankou savon. Oscar ki toujou ap anrichi konpreyansyon m byen esplike ke fwi sa yo itilize l tankou savon apre yo fin bouyi l. Sa demontre kòman youn nan pi bon ansyen pratik natirèl ak konesans pèsiste jounen jodi a nan lavi modèn.

 Pandan m t ap sot nan pak la, yon kaka kleren te mande m: "Kote w soti, zanmi m?" Ou gen yon carambolo avè ou? Ou tande?.Yon lòt fwa ankò, Oscar te vin ede m li eksplike m carambolo se yon fwi rejyonal yo itilize ak anpil siksè, pou geri 'guayabo' oswa desoule apre yo fin bwè tafya, jounen jodi a nou jwenn li nan tout makèt.

Nan maten, pandan Oscar t ap kondui sou yon gwo wout nan zòn Bolos, nan sidès Palmira, pou nou ale nan atelye li a, kote l ap fè rechèch sou kòman pou yo itiize ajil kòm materyèl tèmo-akoustik. Oscar fè m wè de ti mòn, ki se premye kote solèy la premye klere chak maten. Yo konsidere mòn sa yo tankou yon kote ki sakre, se la Huacas yo, ansyen simityè avan espayòl yo te vini nan Amerik la te ye. Yo di Huacas yo genyen lò ki te konn dekore tonm defen yo. De tanzantan, huaqueros, peyizan nan rejyon an, derespekte ti mòn sakre sa yo, paske yo piye yo, se plis jou jedi ak vandredi sen yo fè seremoni payen yo pou yo kapab jwenn lò sa yo.

Lè nou rive nan atelye a, Oscar montre mwen kòman yo byen etidye ajil ke yo itilize pou yo konstwi mi tèmo-akoustik yo. Mi sa yo genyen yon espas nan mitan pandan chak arebò yo fèt ak banbou ak tè. Sa fè lè ou anndan kay sa yo ou pa tande gwo bri ki sòti deyò epi kay la genyen yon tanperati nòmal. Kay ki bati ak materyèl natirèl òganik oswa mineral yo, diferan paske yo dire anpil, anviwon 50 lane epi ki kapab plis toujou si yo byen pran swen kay la. Anplis de sa, kouch eksteryè konstriksyon sa yo efikas pou repouse radyasyon reyon iltravyolèt, solèy la ki degrade penti ki sou mi yo.

Kay sa yo pwòp anpil paske materyèl natirèl yo itilize pou fè yo pa pwodui gaz toksik ki gaye nan lè a. Yon lòt bon kote ankò ak materyèl sa yo, se paske atè a fèt ak seramik sa ki fe kay sa yo pa kenbe pousyè, epi rete byen bèl ou sèlman bezwen yon ti dlo pou kapab netwaye yo, sa ki pi bon pou anviwonnman an.

Pou m di nou tou, mwen te tou konprann pwosesis pwodiksyon poselèn chinwa yo, ke listwa rapòte ki genyen plis pase 500 lane. Oscar te anseye m kijan lè yo melanje kaolen ak fèlspa mineral ki klere a, sa pwodui transparans e bay sansasyon karakteristik ke pòselèn nan lejè kou pay .

Semèn mwen fè nan Cali a pase pi vit pase krèm glase k ap fonn anba solèy Kolonbyen. Oscar, kòm yon moun ki byen elve ensiste pou akonpaye m nan ayewopò an. Ant lanmen an ak akolad orevwa devan biwo imigrasyon yo, li pataje avè m yon dènye pawòl sajès: "yon lè nou te kraze yon ti mòn pou nou kapab bay kominote desandan afriken yo yon pi bon mwayen pou yo jwenn dlo. Men podjab nan travay sa se plis pase yon ti mòn ki te pèdi. Wout natirèl, kote medam vilaj yo konn pase e ki pemèt nou tou pwofite wè bèl kout gouyad ki nan senti yo ke menm Shakira paka bay, te disparèt. Gouyad sa yo san yo pa konnen, te fè gason pa bò isit enterese anpil ak zafè dlo. Lè bagay yo vin chanje, mesye yo ki paka jwenn bèl espektak yo renmen an, te kriye tankou ti bebe le yo wè yo pèdi motivasyon yo, sa ki te ka menm fè moun panse se dlo a ki te seche. Apre yon ti souri mètdam, Oscar te konkli: “Se konsa, zanmi m, pwochen fwa w ap panse ak teknoloji, sonje  se pa tout bagay ki pèdi ke w wè a klè menm jan ak lè ou pèdi siyal wifi.”

Se konsa, pandan m ap ri e reflechi, Oscar transfòme yon orevwa an yon rapèl, ke nan teyat lavi a, pafwa sèn ki pi odinè yo, se yo menm ki manke w plis lè tout bagay fini. Se dènye souvni mwen genyen de Cali, yon bèl souvni pandan mond lan ap kontinye pike pou pi devan, poutan gen kèk bagay tankou apresyasyon pou ti bagay odinè nan lavi ki pap chanje malgre gwo progrè ki fèt yo.

 

 

Aldy CASTOR, M.D., aldyc@att.net

Prezidan, Haitian Resource Development Foundation (HRDF)

Direktè, Emergency Medical Services for Haiti Medical Relief Mission, Association of Haitian Physicians Abroad.

Manb, United Front Haitian Diaspora

31 mas 2024

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES