Imajine w ap mache nan yon espas inivèsitè ayisyen, kote konesans sipoze layite, epi boum ! ou tonbe sou yon afich ki ekri :
« Avis aux étudiants : Le Créole est formellement interdit ».
Aprè kout klorat sa, w ap eseye rantre lakay ou, wout yo fèmen, zòn yo vin “ensikilab” paske politisyen degrenngòch ak bandi yo deside ke w pa gen dwa sikile libelibè nan pwòp peyi w.
Zak sa yo pa depaman younlòt:
Entèdiksyon pou pale lang manman w (Kreyòl la) nan yon espas inivèsitè ak anpeche moun viv byen nan peyi w se de aksyon ki sòti nan menm sous : se 2 kout kouto, youn anba gòje w ak yon lòt la anba boul grenn ou pou kraze diyite w, idantite w ak libète w.
Ki modèl sosyete n ou vle konstwi ?
Anpeche yon etidyan eksprime sa li vle di nan lang li, nan pwòp peyi l, nan pwòp depatman l, nan pwòp vil li: Jeremj se yon zak reprezay pou detwi mounite ak valè moun ke l ye a.
Entèdiksyon Kreyòl nan nenpòt espas se yon afwon anplis pou nasyon an.
Depi plizyè deseni, lengwis tankou Michel DeGraff, Pierre Vernet, ak Pradel Pompilus montre aklè ke Kreyòl la se yon lang konplè, ki kapab sèvi nan tout domèn konesans soti nan medsin rive nan teknoloji.
Michel DeGraff, pwofesè nan MIT, fè konnen nan atik li “The politics of education in post-colonies: Kreyòl in Haiti as a case study of language as technology for power and liberation” (2020) ke Kreyòl gen menm kapasite estriktirèl ak tout lòt lang entènasyonal yo : li kapab sèvi pou eksprime panse syantifik, teknik ak filozofik.
Nan menm liy sa a, Pierre Vernet, ki te doyen Fakilte Lengwistik Aplike nan Inivèsite Leta Dayiti, te montre nan "Analyse syntaxique du créole haïtien : prédicat, prédicatifs et non-prédicatifs (1973)" ke Kreyòl la gen yon estrikti lengwistik solid, ki obeyi ak tout prensip yon lang natirèl.
Anplis, Pradel Pompilus, nan Lexique créole-français (1958) ak La langue française en Haïti (1981), te deja deklare ke Kreyòl se pa yon “patois”, men yon lang konplè ak règ, gramatikal, vokabilè ak lojik...
Nan yon fakilte medsin, entèdi Kreyòl kòm mwayen kominikasyon se deja mete yon gwo baryè ant pwofesyonèl sante yo ak pasyan yo, ki souvan soti nan diferan reyalite sosyal.
Entèdiksyon sa a depase yon senp desizyon administratif.
Lè yon inivèsite deklare “Kreyòl entèdi”, li koupe yon pati nan nanm moun ki pale lang lan.
Lang Kreyòl la se kolòn vètebral idantite nou, li pote memwa zansèt nou yo, li soutni lit nou yo, revandikasyon nou yo ak rèv nou yo.
Entèdi l, se koupe tèt eritaj kiltirèl nou ; se bay jarèt ak vye ideyoloji kolonyal ki toujou vle fè nou kwè lang nou an pa gen okenn valè.
Lang Kreyòl la se youn nan pi gwo zouti kominikasyon, memwa ak idantite nou. Li pèmèt nou konprann youn lòt, kominike youn ak lòt, sipòte youn lòt, epi bati avni nasyonal nou.
Ant zak politisyen ap komèt yo, zak bandi k ap fèmen wout yo, ak zak entèdiksyon pou moun pale Kreyòl nan yon espas inivèsitè, pa gen okenn diferans : se menm fòm represyon an, menm sistèm elitis la ki vle retire pèp la nan pwòp reyalite li.
N ap dakò avè m : entèdi Kreyòl se atake libète ekspresyon ; fèmen wout, kreye laperèz, se atake libète pou moun viv byen san laperèz. Tou 2 zak sa yo rann pèp la prizonye nan pwòp peyi li.
Sa nou dwe konprann, mekanis sa yo sanble tankou de gout dlo : lòd ofisyèl, fòs ak pwopagann pou enpoze kontwòl.
Yo di Kreyòl “pa apwopriye” pou inivèsite, menm jan yo di gen zòn “danjere” pou sikile.
Rezilta : yon pèp koupe an moso, san libète panse, san kapasite pou mache ak kowabite ansanm.
Entèdiksyon lang Kreyòl la ak ensekirite peyi a soti nan menm rasin : yon sistèm elitis ki vle dekonèkte nou ak reyalite nou, reyalite tout yon pèp.
Sistèm sa a ap kontinye toufe Ayiti paske li refize rekonèt pi gwo zouti mounite nou : se lang nou ak libète nou.
Poukisa Ayiti ap kase tèt tounen, pandan lòt peyi ap montre kijan lang matènèl la kapab sèvi kòm zouti levasyon ak transfòmasyon sosyal ?
Chak grenn nan nou dwe aji epi aji vit pou kwape deriv sa a ki kapab tounen yon lòt flewo menm jan ak fenomèn banditis lan.
Nou pa dwe aksepte okenn sistèm kote y ap entèdi nou pale, panse, oubyen ekri nan pwòp lang nou.
Nou dwe fòse yo konprann : Kreyòl se idantite nou. San li, nou pap fè yon pa kitanago.
Fòse inivèsite yo ak enstitisyon yo respekte lang Kreyòl la, se yon batay nasyonal nou dwe mennen ak nanm, ak kouraj ak detèminasyon.
Fè kanpay, sansibilize, defann : chak sitwayen dwe santi li gen dwa pale, ekri, reflechi nan lang li san kontrent.
Kreyòl la, se nou menm, se memwa nou, se idantite nou.
Entèdi yon pèp pale pwòp lang li, se touye l an silans, kòche l tou vivan anvan menm ou mete kouto anba gòj li.
Nan Jérémie, nan Grandans, tankou nan tout peyi a, nou dwe leve vwa nou, defann lang nou, pou garanti libète nou.
Darly Renois: Ekriven powèt, defansè lang kreyòl la.
Kò nou lwen lespri nou pre.