Se anba tèm : ‘’Yon Ayisyen konsekan se sila a ki pote Ayiti nan fon kè l’’ ke Responsab ETECH yo òganize 13e edisyon lonè ak merit jedi 15 janvye 2026 la nan oditoryòm College Excelsior. Nan seremoni sila a, ETECH onore 9 pèsonalite ak 3 enstitisyon.
Konsènan lis resipyandè pou 13e edisyon an: premyèman pou pèsonalite yo :
1. M. Sony Lamarre JOSEPH, kominikatè sosyal, Pwofesè Inivèsite, Ekriven. 2. Madam Yanick LAHENS, Ekrivèn angaje, Romansyè, Pwofesè. 3. M. Pierre Marie NOËL, Mekanisyen pwofesyonèl. 4. Dr Jean Maxime PIERRE-PIERRE, Tewolojyen, Pastè, Pwofesé Inivèsite, Ekriven. 5. Pastè Francely HENRY, Avoka, Konferansye, Direktè College Nosirel Lhérisson. 6. M. Montas TÉLUSMÉ, Achivis, Dokimantalis, Pwofesyonèl senyò MENFP. 7. M. Raymond Gérald LÉGER, Jesyonè, Kominikatè sosyal, Konsiltan. 8. M. Aristhen SIRISE, Direktè Lekòl Pwofesyonèl Kap-Ayisyen. 9. Dr Eddy DELALEU, Medsen, Odyològ/ Patològ.
Dezyèmman, konsènan enstitisyon yo :
10. Fondation Go Haïti, 11. Institut National de Formation Professionnelle (INFP). 12. Ministère des Cultes (MCU).
E bò kote 12 resipyandè yo te gen 2 envite donè ki se : M. Ernest Camille, PDG Radyo Kòniyon Fm ak Pierrot Pierre, Prezidan KAZÈK Komin Kòniyon-Gran-Bwa. Epi kòm manm pwotokòl : Olguesse Michel, Elioude Sanon, Dukens Dacius, Philomise S. Brutus ak M. Ralph D. Jean Mary antan ke Mèt seremoni. San n pa bliye M. Dieumaitre Dessources Kòdonatè Près ETECH la ak M. Housson Jean Francois Globo Sign Multi-service ki fabrike Plak yo.
Fòk nou di ke Resipyandè yo resevwa pri sa a Pou lidèchip yo ak tout sèvis ke yo rann sosyete Ayisyèn lan antan ke pwofesyonèl konsekan. E pou fason tou yo pote Ayiti sou kè yo malgre tout sitiyasyon n ap viv nan jou sa yo. E a kote plak lonè ak merit la, ETECH remèt ak chak pèsonalite yo yon Bib ak yon egzanplè liv: Un nouveau regard sur Ayiti et sa Formation Professionnelle, youn nan liv ke Prezidan Ruben Sanon ekri.
E nan diskou sikonstans li, Me Ruben Sanon remèsye dabò Bondye pou 19 ane Asosyasyon an epi remèsye resipyandè yo ak tout manm komisyon 13e nan ak manm e senpatizan yo. M. Sanon mete anfaz pou di ke En Route vers la Technique (ETECH) se yon Asosyasyon ki p ap chache fè ni biznis ni benefis, men, ki mete l o sèvis popilasyon Ayisyèn an. Menm jan non l di l, ETECH fè pwomosyon pou pwofesyon yo an jeneral ak metye manyèl yo an patikilye. Nan sans sa a, pou fè plis enpak, ETECH prezante emisyon En Route vers la Technique soti 2007 pou rive 2018. Note ke, nan jou k ap vini yo emisyon sila pral disponib sou rezosyal yo. E, de fason paralèl, menm Asosyasyon sila a òganize deja douz (12) edisyon Lonè ak Merit, kote l onore plis pase 140 pèsonalite nan tout kouch sosyal peyi a, nan objektif pou n prezante bay sosyete ayisyèn an yon seri de modèl pou yo swiv kèlkeswa sektè pèsonaj sila a ap evolye.
Prezidan an pale de defen Murielle Leconte ke ETECH te onore an 2009 nan okazyon 2e edisyon Lonè ak merit. Nan sans sa a, se pandan ke moun nan vivan ke Asosyasyon an panse ak li. Sa ki kontrè ak mantalite pi fò Ayisyen anpil fwa yo pito ap pale moun mal olye yo panse ak sa l ap fè ki bon men lè moun sa mouri y ap chante kouman l te enpòtan pou yo e pou peyi a.
E bò kote pa l, M. Sony Lamarre Joseph, Direktè Radio Télé Lumière ki te pran pawòl nan non lòt Resipyandè yo te felisite e di mèsi ak Responsab Asosyasyon an poutèt yo fè chwa de li ak tout lòt Resispyandè yo. M. Joseph ale pi lwen pou di ke l gade pri sa chè paske nan yon sosyete kote pi fò valè nou yo efrite ETECH erije l yon fason pou l pote yon chanjman pandan ke l ap valoroze anpil moun k ap ede sosyete a vanse…
Pou n fini, Responsab ETECH yo remèsye : Dr Jean Lucien Ligondé PDG JL Fine Shoes SA, Madam Giselaine Louis, M. Jean Rénald Jeune de SAFOPTEC, DG Joël Turenne nan MCU, Direktris Rosana Jean, Agro Lucson Dervilus nan SINAGREH, Madam Judith Bellegarde de INPROJUBEL, Madam Francesca K, Segur, Madam Mimose S. Saintilaire, Laprès pale, ekri, televize epi an liy. Collège Nosirel Lhérisson, Misyon MEEBFD, Ak tout ekip Cabinet Ruben Sanon, Firme d’Avocats (CASFA).
Auny Saint-Louis
