Sa genyen kèk mwa yon zanmi m ki doktè e ki ap pratike nan peyi Dayiti depi anpil lane, t ap pale ak kè kase de yon koze trafik ògann ki ap fèt anba anba nan peyi a. Li pat pa tap egzajere sa l t ap m di yo, men ou te kapab wè sa ba li pwoblèm. E li te prèske revòlte tankou anpil sitwayen nan peyi a jounen jodiya.
Premye reyaksyon m te genyen se di tèt mwen ke m pa kwè. Se pa paske m son enbesil, ni paske m fè komsi pa wè vyolans k ap sakaje Ayiti a, men paske eperyans medikal mwen aprann mwen ke nan bagay pran ògann nan kò yon moun epi mete l nan kò yon lòt moun, lasyans mete de seri kondisyon tèt chaje ke menm asosiyasyon malfektè nan peyi Dayiti oswa kelke lan swa lòt kote nan monn nan paka pèmèt yo pa respekte l.
Depi plizyè lane genyen yon vyolans anraje, ensekirite ki blayi tout kote ak dezòd andedan enstitisyon yo, sa lakòz genyen yon rimè k ap pede sikile : Kidnaping, moun k ap disparèt san yo paka esplike sa, kadav yo jwenn ki manke moso, e pafwa pa menm genyen yon bon ankèt ki fèt sou sa. Nan lespri popilasyon genyen yon lide ki koumanse fè chimen li : gang yo ap fè trafik ògann.
Istwa sa yo ke pèsòn pa gen prèv sou yo, mete yon laperèz lakay tout moun. Nan peyi Dayiti se pa tout lè rimè a se manti : pafwa, se yon kout rèl kont deblozay, tèt chaje, yon fason ki pa fin kòrèk men, ke moun yo itilize pou bay sa ki makawon sans, nan yon peyi kote repons gouvènman an toujou vini byen ta oswa yo pa vini ditou.
E si yo pa mete limyè sou perèz sa a l ap tounen yon maling ki anvlimen, e pafwa maling ki anvlimen sa a san l pa menm konnen bay katchouboumbe a jarèt. Se sa ki pouse m reflechi tout bon sou kesyon sa a paske nan kriz sa peyi nou an ap travèse a, li enpòtan anpil pou moun k ap dirije nou yo, ak pou popilasyon an kapab ka fè diferans ant emosyon ak analiz biyolojik ki kapab verifye.
Yon ògann pa yon bagay se yon ti mòso nan kò a ki vivan
Nan lespri tout moun akoz sinema oswa akoz radjo djòl, ou kapab mete yon ògann ou fin retire nan yon moun nan yon igloo plen glas epi w pase avèl nan plizyè fwontyè, bat wout kraze, apresa ou pran l ou mete l nan kò on moun byen vag tankou yon pyès machin.
Reyalite medikal la li menm se yon lòt bagay. Yon ògann pa yon pyès tankou yon pyès machin. Se yon pati nan kò a ki vivan, frajil, e ki depann de san ki toujou ap sikile ladan an. Depi san an sisann sikile panm, tan pou tisi sa mouri koumanse nan menm moman an. Tan sa a rele tan iskemi. Pou m esplike w pi senp, se tan yon ògann kapab viv san l pa nan kò yon moun anvan l vin pa bon ankò. E se yon ti tan tou kout. Menm lè li nan glas, ki chaje likid medikal espesyalize tan sa a rete jen l ye a, li pa fè yon pa kita yon pa nago. Biyoloji medikal la pa konn zam, li pa konn lajan, li pa konn djab.
Manman penba a : tan iskemi an
Mwen pral esplike nou li yon fason senp san pil franse medikal pou nou tout kapab konprann. Depi ògann nan panm li sot nan kò a :
- Kè ak poumon kontinye viv sèlman 4 a 6 è tan.
- Fwa ak pankreya rive 12 a 18 è tan.
- Entesten an li menm pi frajil toujou.
- Se sèlman ren yo ki viv plis tan 24 a 36 è tan.
E bagay ki pi enpòtan an ke anpil moun pa konnen : tan sa a koumanse konte nan moman menm kote yo koumanse retire ògann nan kò a, se pa lè li rive lopital la, ni pandan l nan fwontyè a ni nan ayewopò a. Sa vle di, si yo retire yon ògann a 8 è nan maten nan Pòtoprens, li pap rete chita ap tann ke genyen vòl ki disponib nan nan demen. A midi, de zè nan aprè midi, si zè nan aswè ògann sa koumanse gate. Gen on tan ki rive menm pi bon chirijyen nan monn nan pap fè anyen ak li. Lasyans tchak se vre men li rete fidèl ak lwa li yo.
Poukisa pi fò istwa nou tande plis yo yo pa kenbe dapre lasyans
Pandan karyè doktè m, mwen wè anpil ekip, tout moun sou de pye militè yo, ki pare pou yo fè yon transplantasyon ògann a yon lè tapan. Chirijyen, anetizis, enfimyè, biyolojis, mwayen transpò pou yo pote l la : tout bagay sa yo fèt tankou son gwo operasyon militè… san zam, men ak yon pwotokòl tèt chaje !
Retire yon ògann ke w kapab remete pou yon moun mande :
- yon sal pou fè operasyon ki byen esterilize
- bon Chirijyen espesyalis
- likid apropriye pou konsève l ki koute chè anpil ebki reponn a de seri de egzijans
- Yon ekip ki deja sou plas pou pote ògann nan ale san pèdi tan
- E tou moun yo deja konnen, ki kapab resevwa l, e ki déjà prepare
An nou poze bon kesyon an san wete san mete :
Eskè yon gwoup nèg ak zam, ki ap mache simen latwoublay san pa menm genyen yon lopital k ap foksyone byen, san bank san, san anestezi, kapab pran ògann nan kò yon moun pou yo mete pou on lòt moun?
Repons syantifik la klè : non.
Vyolans anraje sa a, zak sasinay sa yo, kidnaping, kouri yo, fè ke dapre biyoloji a li enposib pou w fè transplantasyon ògann vivan tankou kè, fwa, oswa poumon. Sof si nou imajine yon gang ak zam ki ap jere a la fwa yon blòk operwa ki repon a tot egzijans medikal yo, yon laboratwa pou fè tès biyolojok espesyalize, chanm fwad medikal, yon avyon, oswa elikoptè ki toujou pare pou l vole – sa nou kapab di ki plis sable ak bagay ki fèt nan fim ke nan reyalite ayisyen an.
Dapre teyori a li posib….. men l pa fasil jan moun yo panse a
Si nou rete sou plan medikal la, se sèl ren yo ki kapab dire ase pou yo pote yo ale pandan yon tan ki pi long. Menm nan ka sa, kondisyon yo anraje anpil.
Fòk ta genyen :
- yon bon jan ekip medikal sou plas,
- materyèl medikal espesyalize,
- likid ki fèt pou konsève ògann nan
- Konpayi nasyonal e entènasyonal ki pou pote ògann nan ale rapid
- yon tèt asanm ak yon ekip lòt bò dlo ki kapab fè translantasyon an.
Se pa yon zafè bandi gran chimen men krim medikal entènasyonal ki bon jan òganize, ki genyen ladan :
- pwofesyonèl lasante magouyè
- yon sistèm mafya
- fo dokiman
- E tou, transfè lajan ke w kapab swiv
Yon sistèm konsa toujou kite tras ak prèv. Li pa grandi nan dezòd nèt ale ; li chita sou yon òganizasyon tèt frèt, ki genyen pwòp metòd pa li e ke w kapab detekte.
Poukisa rimè sa yo pran rasin nan peyi Dayiti ?
Li t ap malonèt - e se t ap yon danje – si nou jis voye perèz sa jete tankou nenpòt ti fatra. Nan peyi Dayiti rimè sa yo plis soti kote :
- ki pa genyen Leta
- lajis pap fè travay li
- ankèt pa janm fini
- fanmi yo pa jwenn reponn
Lè yo jwenn yon kadav, ki manke moso san bon esplikasyon ebyen lespri moun yo fè travay la. Pafwa imajinasyon ale pi vit pase verite. Dyaspora mwen ladan an paka chita ap gade ankò. Li genyen yon gwo responsablite tou: li pap vin fè kòmsi ayisyen yo pa soufri vre, li pa vin mete pase genyen sou perèz moun yo, li la pou li ede moun yo konprann sa k ap pale a klè, ak disiplin, sajès epi metòd. Di kisa lasyans ka pèmèt ou fè … ak sa li di w paka fè.
Danje ki genyen fè zen
Pede lage vire tounen akizasyon san prèv kapab sanble se mobilize w ap mobilize popilasyon an pandan yon ti moman, men, lè akizasyon sa yo pèsiste twòp:
- li rann peyi fèb anpil
- kraze otorite Leta
- konplike travay lajistis
- li bay patnè entènasyonal yo tèt chaje pou granmesi
- li fè èd imanitè paka vini
- wete atansyon sou vre ijans ki genyen nan zafè sekirite, laswenyay ak sosyal.
Perèz kapab fè w rete veyatif, men li pa kapab pwoteje yon nasyon, tèt frèt : wi.
Kisa nou dwe konnen ?
- Se pa tout ògann ki retire ak vyolans ke w kapab remete pou on lòt moun. Pi fò ladan yo paka itilize ankò apre kèk è tan.
- Tan Iskemi an se yon limit biyolojik ke w paka negosye ak li. Lajan, zam, koripsyon, paka efase l.
- Transplantasyon ògann mande lojistik medikal ki konplike e ke w kapab swiv. E sa a pa fèt nan deblozay.
- Rimè grandi kote manke bon enfòmasyon, e rimè sa yo ka fè plis dega ke verite a.
- Konbat vyolans lanmande bon jan ankèt serye, e non bouyi zen, bouyi vide.
Lasyans kòm yon zouti ki fè nou granmoun lakay nou
Ayiti ap travèse yon gwo kokennchenn kriz, se petèt kriz ki pi grav nan istwa l jounen jodiya. Nan sitiyasyon sa a, nou bezwen plis pase avan, bon jan desizyon piblik, diskou politik ak estrateji sekirite ki chita sou reyalite ke nou kapab verifye, e non sou bouyi zen.
Remete lasyans nan deba piblik yo se pa fè kòmsi sitwayen parèy nou yo pat sibi zak vyolans, men, se derefize mete lwil sou dife akoz fo enfòmasyon. Se raple popilasyon an ke konesans, disiplin ak bon sans, se youn nan zouti ki fè nou granmoun lakay nou.
Nou mande
Dirijan ak responsab politik nou yo, lidè nan kominote yo, aktè nan sosyete sivil la :
Ann goumen ak krim ak bon jan ankèt. Ann goumen ak perèz ak prèv. Ann goumen ak zen yo ak bon enfòmasyon. Ayiti bezwen sekirite se vre, men li bezwen verite a tou, li bezwen konn sa ki se sa, sa ki pa sa, li bezwen pou tout moun pran responsablite yo. Lasyans pa rezoud tout pwoblèm. Men san li nou riske pèdi tan ap goumen ak lonbraj nou… pandan ke vrè pwoblèm yo kontinye ap grandi.
Doktè Aldy Castor
15 desanm 2025
