« Kóadepale » Yon liv pou Ayisyen gade kouman li sèvi ak kó li

Jean Rony Beaucicault se Yon pasyone nan domèn kominikasyon. jounalis ak avoka , pwofesè nan inivèsite nan peyi a , li toujou bay tout li menm pou voye lang manman an rive pi lwen. Pou yo pa konsidere lang kreyól la tankou yon pitimi san gadó . Se nan sans sa li ekri « Kòadepale » yon liv wodpóte ki montre aklè gen yon pakèt kòd ak senbòl ki mache ak pati nan kò moun. Pierre Michel Chéry , prefasye liv la di ak tout fós li « Tèt sous estetik kreyòl la pa ka lòt kote si li pa nan kò nou... ». « Pale sou kò nou, nan fason Jean Rony Beaucicault fè li nan Kòadepale a, se tankou yon envitasyon li fè pou Ayisyen ale gade kouman yo sèvi ak kò yo nan pale toulejou yo. Kò nou se fotèy konsyans nou, se li ki ba nou dimansyon moun nou, paske nou pa ta ka moun san konsyans. Rekonèt chak pati nan kò nou, itilize yo kòm eleman pou nou idantifye nou ak anviwònman an, an menm tan pou nou demake li tou, se sa menm ki pèmèt nou fè premye pa kominikasyon an ak lòt moun ki bò kote nou. » se Yon ti kal nan sa Pierre Michel Chéry ekri sou kalite travay Jean Rony Beaucicault a. Nou te fè yon ti pale avèk otè a.

Le National : Mesye Jean Rony Beaucicault Èske ou kapab prezante w pou lektè jounal la ?

Jean Rony Beaucicault : Mwen se Jean Rony Beaucicault, mwen marye e mwen gen yon pitit fi ki ede m anpil nan redaksyon liv la. Karyè pwofesyonèl mwen se yon ale vini ant diferan domèn mwen gen konesans ladan yo. Mwen kòmanse nan ansèyman, apre sa mwen travay kòm jounalis pandan plis pase dis (10) lane ; mwen travay tou kòm avoka. Dènye ane sa yo, mwen sitou travay nan domèn kominikasyon ak ansèyman nan inivèsite.

 

LN : Depi kilè ou enterese ak lang kreyòl la ki se lang manman an, yon eleman enpòtan nan idantite nou ?

JRB : Mwen pa gen nan memwa m, mwen te gen konsyans lenguistik lè mwen te lekòl ak nan inivèsite, paske kreyòl pa t gen twòp enpòtans nan espas sa yo. Sepandan, lè mwen vin ap travay nan sal nouvèl Radio National d’Haïti (2004-2012), mwen te gen chans travay nan preparasyon ak redaksyon jounal kreyòl, se la a mwen sonje mwen kòmanse pran konsyans de enpòtans lang kreyòl ayisyen an. Mwen te konn mete aksan sou nesesite pou kòlèg jounalis yo pa konfonn kreyòl ak fransè, nan fason y ap ekri 2 lang sa yo. Eksperyans lan te montre m lè jounalis yo ap ekri fansè, yo pran anpil prekosyon pou yo pa fè fot, men kou se kreyòl, yo konprann yo kapab ekri sa yo vle, jan yo vle, e remak sa a valab pou anpil lòt pwofesyonèl. Pasaj mwen nan Radio France Internationale (RFI) an Frans, nan lane 2011, pral ranfòse konviksyon mwen, paske nan redaksyon RFI chak lang gen enpòtans pa yo. Erezman, devlòpman rezo sosyal yo ki fasilite pataj lakonesans, fè nou vin gen plis konsyans toujou pou chak moun respekte lang kreyòl la. Mwen kontan anpil, paske jodi a lang kreyòl la pa pitimi san gadò ankò, gen anpil moun k ap veye sou fason moun ap ekri l, yon moun ki chwazi ekri kreyòl oblije ranje chita li.

 

LN : Kounye a pale nou de Kòadepale, ki kote lide pou ekri liv sa a sòti ?

JRB : Gen yon presizyon enpòtan mwen vle fè. Se vre, Kòadepale konsène kò moun men li pa gen okenn rapò ak biyoloji oubyen anatomi. Dayè, mwen pa gen okenn konpetans ki ta kapab otorize m fè yon liv ki gen rapò ak 2 domèn sa yo. Sepandan, tèm santral liv la se kò moun. Anjeneral, gen yon pakèt kòd ak senbòl ki mache ak kò a. N ap remake mwen ekri Kòadepale nan yon sèl mo, mwen fè chwa sa a pou mwen kapab respekte lespri initè kò a. Kò a genyen divès pati, men li rete yon sèl kò.

Mwen kapab di, metye mwen aprann yo fè mwen obligasyon pou mwen obsève tout sa k ap pase nan anviwònman m epi eseye konpran fenomèn ki makònnen ak obsèvasyon sa yo. Se nan sans sa a, lide Kòadepale vini. Mwen konstate, Ayisyen itilize prèske tout pati nan kò yo pou yo kominike, di tout sa yo panse ak sa yo santi. Soti nan tèt rive nan zòtèy, se pa de mo ak ekspresyon ki pa genyen. Atravè Kòadepale, n ap rann nou kont tout bon vre, kò a pale e li menm depale, tèlman li jwenn koze pou li di san li pa janm fatige. Nan kòmansman redaksyon liv la, mwen te kwè se kèk grenn mo ak espresyon mwen t ap jwenn. Mwen sezi wè kantite mo ak ekspresyon ki fèt ak kò moun Ayisyen itilize nan konvèsasyon kotidyen yo.

 

LN : Liv sa a genyen konbyen chapit ? Pale nou de kontni li ?

JRB : Kòadepale genyen twa (3) pati prensipal : premye pati a soti nan tèt (zòrèy, je, nen, bouch, lang, dan…) pou nou rive nan kou ; dezyèm pati a soti nan zepòl rive nan zo (tete, vant bouda, do, men…) epi twazyèm pati a soti nan jenou pou rive nan zòtèy (pye, janm, talon…). Mwen pa sèlman rasanble mo ak ekspresyon yo. Mwen kreye divès senaryo kominikasyon kote ou kapab jwenn yon manman k ap pale ak yon pitit, yon frè k ap pale ak yon sè oubyen 2 zanmi k ap kominike. Mwen ajoute yon endèks alfabetik ki esplike sans chak mo ak ekspresyon yo. Epi mwen kite yon paj pou lektè yo konplete travay la, paske mwen konsyan gen anpil lòt ekspresyon mwen pa mete nan liv la.

 

LN : Ou enterese ak mo epi ekspresyon ki fèt ak pati nan kò moun, Ayisyen itilize pou kominike. Kisa ki pouse w reyalize travay sila a ?

JRB : Se pa sèlman nan kreyòl nou jwenn fenomèn kote moun ap itilize pati nan kò yo pou yo kominike. Nou jwenn egzanp nan fransè, nan anglè mwen idantifye 2, 3, men kreyòl la sanble ranpòte lamayòl. Donk, jan mwen te presize sa anvan an, fenomèn sa a pa ta ka pa pouse kiryozite m ale pi lwen. Anplis, mwen te vle pataje ak piblik la obsèvasyon mwen fè. Petèt, se lè yo kòmanse li Kòadepale y ap sezi wè anpil nan mo ak espresyon yo abitye itilize lè y ap pale.

 

LN : Kisa ki fè orijinalite liv ou a ?

JRB : Se san di petèt Kòadepale se yon zèv original. M ap kite kritik literè, jounalis ak lengwis yo elabore plis sou kesyon w lan. Sa m ka di, orijinalite a kòmanse ak non liv la. Lè yon yon moun tande Kòadepale, premye kesyon li gen tandans poze m : “èske se yon rekèy powèm ?”. Poutan se kò a k ap depale. Mwen ta ajoute, fason mwen ilistre ekspresyon yo se yon orijinalite tou. Malgre gen ilistrasyon ki kapab choke kèk moun, mwen deside rapòte fidèlman fason Ayisyen yo abitye eksprime panse yo. Mwen pito kèk moun choke pase mwen chanje fason Ayisyen abitye pale. Ilistrasyon yo nan Kòadepale, se alafwa kominikasyon, politik, ekonomi, istwa, relijyon, sosyal, mwen pa ta ka pi orijinal pase sa.

 

LN : Konbyen ekspresyon ou rive repètorye ? Di nou tou konbyen tan ou te pran pou fè tout rechèch sa yo ?

JRB : Alaverite, lè mwen te kòmanse rasanble mo ak ekspresyon yo, mwen pa t gen lide liv nan tèt mwen. Men lè mwen kòmanse ekri, mwen etone wè ekspresyon kòmanse tonbe tankou grenn lapli. Madanm mwen kòmanse ap ban m ekspresyon, JJ ap veye lè m ap pale pou li di m : “ekri sa”. Mwen eksplike kòlèg ak zanmi lide a, yo menm tou y ap voye ekspresyon ak mo pou mwen. Se gade m, gade, mwen wè lis la ap ogmante chak jou epi mwen di tèt mwen pito m fè yon liv ak yo, nan sans sa a, mwen rive rasanble plis pase 360 mo ak espresyon. Mwen kòmanse travay la an 2022, men rechèch yo kontinye jouk 2023 a, e mwen kapab di, finalman se mwen ki deside pa ajoute ekspresyon ankò. Petèt, m ap oblije panse ak yon dezyèm edisyon, sitou Pati lektè yo ap bay chak moun ki li zèv la posiblite kontinye travay la. Annatandan, m ap kite lektè yo konstate kòman kò yo kapab depale.

 

LN : Pou ki piblik ou ekri liv sa a ?

JRB : Kòadepale pou tout piblik : timoun, jèn, granmoun, elèv, etidyan, chèchè… Tout moun kapab li l. Kòadepale se yon miwa k ap pèmèt chak Ayisyen gade tèt yo epi dekouvri richès ak maji ki genyen nan lang kreyòl la. Se yon liv, tout Ayisyen ta dwe li. Se sa k fè, m ap mande moun ki gen mwayen yo achte liv la an kantite pou yo kapab pataje li ak lòt yo. Yon Ayisyen ki vivan kounye a, e ki mouri san li pa li Kòadepale, se kòmsi li te rate yon paj nan liv lavi a.

 

LN : Ki dat ou chwazi pou vant siyati liv la oubyen di nou ki kote liv la ap disponib ?

JRB : Mwen poko chwazi dat, paske mwen vle asire m pwomosyon liv la fini nèt e pwochen etap la, m ap gen pou mwen anonse dat vant siyati ak ki kote yon moun ap kapab achte Kòadepale. Mwen ta renmen pote Kòadepale nan plizyè vil nan peyi a ak nan dyaspora a, mwen swete gen posiblite fè sa.

 

Le National : Yon dènye mo.

Jean Rony Beaucicault : Mwen di Le National mèsi, paske li te aksepte resevwa mwen. Mwen vle remèsye tout kòlèg travay mwen pou ankourajman yo. Tout moun, anjeneral ki pote kontribisyon yo pou Kòadepale kapab vini yon reyalite, mwen vle di yo mèsi.

 

Schultz Laurent Junior

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES