Chèche lavi : Yon dokimantè ki trase lavi de (2) imigran ayisyen

«M ap tann»,se mo yo repete pandan tout dokimantè Chèche lavi a. Ameriken Sam Ellison se li ki direktè dokimantè sa a ki soti nan lane 2019. Dyalòg la nan kreyòl ayisyen ak panyòl, epi soutit yo ann angle. Chèche lavi trase lavi de imigran ayisyen, James ak Robens, ki soti depi Brezil pou Tiwana nan Meksik ak objektif pou antre nan Etazini. Sepandan, fim lan koumanse nan Sen Mak, Ayiti, kote James kite yon mesaj pou Robens. James eksplike Meriken yo depòte l, e kòm li toujou pa gen yon travay ann Ayiti, l ap tann. Donk, byen bonè nan fim lan, nou konnen yonn nan yo pa reyisi rete Etazini. Dokimantè a fini nan yon sèk avèk imaj James ann Ayiti apre li fin montre nou istwa Robens ak James nan Tiwana. Li di nou yon lane apre James toujou ann Ayiti, men li vle kite Ayiti ankò, petèt pou li tounen nan Brezil.

Dokimantè a di nou lè imigran yo rive nan fwontyè ameriken an, yo resevwa yon dat pou randevou azil yo nan Etazini. Yo pa kapab travèse fwontyè a jouk dat sa a. An jeneral, yo tann plizyè mwa pou dat yo nan Meksik. Dokimantè a ranfòse yon sans anprizonnman kote moun ap tann kont volonte yo tou pa yo. Se kon sa, nou ka wè, atravè anpil sèn, ki jan Robens ak James ap gade moun k ap travèse fwontyè a nan machin oswa a pye pou antre Etazini via San Ysidro. Repetisyon sèn sa yo ki pase pandan lajounen ak lanwit montre pasaj tan an tou kote imigran ayisyen yo blije rete la pou tann jous yo jwenn yon dat pou randevou. Sèn sa yo mete aksan sou mank mobilite imigran ayisyen genyen nan mond lan. Anplis, gen anpil sèn kote Robens ak James mache nan lari Tiwana, nan plaj ak bò mi fwontyè a ki montre fason tan an pase dousman, epi mank pisans imigran ayisyen yo anfas politik imigrasyon Etazini an.

Fim lan koumanse ak mo sa yo nou jwenn nan yon powèm Boadiba te ekri: “Nou chita nan salon etranje, nou wè tablo nou kwoke sou mi” pou montre tansyon neokolonyal ant Ayiti ak Etazini. Pi ta, yon gason ak yon lòt imigran ayiysen k ap tann dat randevou yo ap pale sou konsekans istwa kolonyalizasyon ak okipasyon ann Ayiti anba men Lafrans ak Etazini ki se sous move kondisyon lavi ann Ayiti. Malgre kilpabilite Etazini nan peyi a fòse yo viv nan move kondisyon nan Tiwana antan y ap tann dat yo. Li di, “Menm yon chen ameriken p ap viv konsa. Yon chen kay yon gran nèg ann Ayiti p ap viv konsa.” Sepandan, se pa sèlman nan Tiwana imigran ayisyen yo sibi move tretman akòz politik imigrasyon gouvènman ameriken an. Lè James finalman gen randevou azil li, li disparèt nan sistèm detansyon ICE la e menm direktè ameriken an pa gen aksè pou wè l. James pase nan plizyè sant detansyon pandan sèt mwa anvan yo depòte li. Donk, atravè absans li, fim lan montre envizibilite imigran ayisyen yo ki anprizonnen nan sant detansyon ameriken yo. Se akòz detansyon James lan, Robens deside rete nan Tiwana olye li kontinye tann pou li rantre Etazini.

Byenke fim lan òganize sou mwa, Ellison pa endike lane chak ti evennman yo pase. Donk, se difisil pou konnen egzakteman lè evennman yo nan dokimantè a pase. Fim lan eksplike, apre tranbleman tè a nan 2010, anpil Ayisyen te ale Brezil kote te genyen yon gwo demand pou travay nan Je Olenmpik yo ak Mondyal la. Sepandan, apre evennman sa yo te fini, ekonomi Brezil la te ralanti, sa fè anpil Ayisyen te kite peyi a pou al chèche travay nan Etazini. Nan 2016, anpil nan imigran ayisyen yo te tande  Etazini ap bay imigran ayisyen yo azil nan epòk sa a. Kòm dokimantasyon imigrasyon Robens ak James yo gen yon dat ki se novanm 2016, donk fim lan pwobableman koumanse nan mwa desanm 2016 la. Men, dokimantè a pa mansyonen espesifikman ni politik imigrasyon Etazini nan moman an, ni ki prezidan ki te sou pouvwa. Sepandan, si li koumanse nan desanm 2016, se jis avan koumansman prezidans Donald Trump lan e de lane anvan koumansman “Migrant Protection Protocols,” anpil moun rele “Rete nan Meksik.” Donk, dokimantè a montre nou, menm anvan politik migrasyon Trump lan, sitiyasyon pou imigran ayisyen yo nan Meksik ki vle antre nan Etazini, epi ki ateri nan sant detansyon ameriken yo, te toujou kriyèl. Ni Robens ni James pa reyisi objektif yo ki se vin viv nan Etazini. Robens koumanse travay ak viv nan Tiwana alòske James toujou ap tann pou li kapab gen yon opòtinite pou chèche lavi.

Atravè istwa Robens ak James ki fini nan yon fason diferan kote tou de (2) gason yo pa reyisi rete nan Etazini, Ellison montre nou de rezilta diferan pou vwayajè imigran ayisyen yo. E anpil fwa imigran ayisyen yo pa gen opòtinite pou rete nan Etazini. Diferan sèn ki nan fim nan mete aksan sou yon politik imigrasyon san pitye Etazini genyen depi lontan kont yon gwoup imigran byen sible. Ellison te reyisi montre disparite ki genyen ant moun ki kapab vwayaje ak libète epi imigran ayisyen yo ki pa kapab. Li fè sa atravè imaj moun ki travèse fwontyè a ak fasilite, epi Ayisyen yo menm yo dwe tann yon dat pou randevou. Konsa, fim lan montre a klè ki jan gouvènman ameriken an pa vle louvri bra l pou akeyi imigran ayisyen yo, epi fason gouvènman ameriken an konsidere jefò imigran ayisyen yo pou chèche lavi nan Etazini tankou yon krim.

 

Meaghan Jeanne Coogan

Meaghan Jeanne Coogan se yon etidyan k ap fè yon dòktora nan literati karayib ispanofòn, kreyolofòn ak frankofòn nan University North Carolina, Chapel Hill.  L ap etidye kreyòl nan Duke University.

https://www.chechelavi.com/

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES