Gen yon ansyen prezidan peyi Dayiti ki, nan ane 1991, te di nan Tribin Nasyonzini nan Nouyòk, kreyòl se lang manman n, ki nan san n, ki nan nannan n. Lè sa, te gen anpil pale ki te fèt sou diskou sa. Pou patizan ansyen prezidan an, se te yon bèl diskou. Pou yo, prezidan an te fè kreyòl pale nan Nasyonzini devan yon pakèt gwo dirijan nan mond lan. Sepandan, pou gwoup mounn ki te toujou opoze ak chèf Deta an, yo panse se te demagoji ke l te ap fè. Yo te panse tou lidè peyi Dayiti a pat bezwen al pale tout lang sa yo nan asanble òganizasyon mondyal lan.
Fòk nou raple, nan diskou sa, te gen anpil pawòl piman bouk ki te pale kont gwo peyi nan mond lan ki te ap peze souse pi piti yo. E se sa, ki te sitou pwoblèm moun ki pat renmen lidè peyi a. Bon se pa grav. Se sa jwèt demokrasi a. Men tout jwèt se jwèt, men kwochèt pa ladan l. Paske kèlkou jou aprè, lame peyi Dayiti ta pral bay prezidan sa yon kout pye voye l al kanpe lwen. Lwen Palè nasyonal. Lwen pèp li. Lwen yon pakèt lòt bagay.
Pandan lidè sa te an egzil ki te dore, paske yo te toujou ap woule tapi wouj pou li tout kote li pase, mesye Frap yo ki nan peyi a, te konn ap frape trè fò kont patizan l yo ki te ap viv nan katye popilè. Yo pat kapab chante: Men l anlè a l ap vini. Si patizan li yo te konn ap sibi anpil move zak vyolans kont manb Frap yo, pou ankouraje yo rete pozitif nan batay politik lan, pandan lidè an te egzil li te konn toujou ap di: jou ale, jou vini, jou sa, ah.
Finalman aprè 3 zan nan kanpe lwen, jou ale, men jou te vini. Li te fè klè nan mitan fè nwa. Lidè sa ki te kon n toujou ap di : ti m ti m, bwa chèch, te finalman retounen nan peyi l. Jou sa, vrèman se te ah. Pou yon moun ki te deyò depi 3 zan, anvan li te kòmanse diskou li a, li te di: Onè. Epi pèp lan te reponn: Respè. Sa w tande a, koneksyon an te fèt an prezidan an ak pèp li. Jou sa, se pat 2 pawòl ki pat pale.
Kòm kreyòl se lang manman n, ki nan san nou, ki nan nannan n, kèlke ane pita, nan yon bèl entèprerasyon yon mizik Twoubadou, yon chantè yon gwoup mizikal, te chante epi mande melomàn yo: Di m ki lang ou pale lè w ap fè lanmou? Epi lòt chantè yo repon n: pale kreyòl.
Men jodi 28 oktòb lan, nan jounen lang kreyòl lan, ou men m ki ap li tèks sa: Di m ki lang ou pale? Se nan ki lang ou santi w alèz? De tout fason, pandan w ap reflechi pou w repon n, nan fredi kote m ye la, mwen ta pran yon te byen cho ou byen yon bon chokola kreyòl. Pa mande si m ta rive genyen yon bèl fanm keyòl bò kote m. Mwen pa t ap konnen kote pou m mete kò m. Malerezman m pa lakay mwen. Lòt lan te vrèman gen rezon, lè li te di: Se lakay ki lakay.
Esau Jean Baptiste
