Vyeyi se yon trajedi

Nou p ap janm gen chans pou nou viv de fwa. E se la tout bèlte lavi a chita. Nan laj jènjan ak jènfi nou, nou lage de gidon. Limyè wouj se rans. Tout kote pre. Pawòl nou san filtè. Nou pa pè chay. Anvan anyen, nou fè kout san. Pasyon, emosyon ak kòlè anpeche nou mare zanmitay ak pasyans. Nan yon bat je, granmoun nan antre sou nou. E se lè sa a, nou koumanse konprann granmoun pa jouman. Konsa, nou vin reyalize yon granmoun ka toujou djougan tou. Depi lavi a pa ban nou yon move kou bonè bonè, granmoun nan pa sispann tenyen je l ban nou.   

Granmoun nan ap pale ak nou atò. Anpil pawòl sajès tounen baton vyeyès nou. Nou tounen lang nou sèt fwa nan bouch nou anvan nou pale. Enben, fòs la ale, esperyans lan rete. Granmoun nan ap pran plas li nan tout pati kò nou chak douvanjou. L ap jije nou. Aksyon nou te poze nan laj jènjan ak jènfi nou ap mande nou regleman. Yo tounen lonbraj nou. Anpil remò. Yon dekalyon regrè. Yon latriye kesyonnman. Antouka, sa ki fèt fèt nèt. Memwa a tounen paswa. Nou pare pou nou padone. Nou pa neglije mande padon tou nan lide pou nou sove nanm nou. Laj la fò sou anpil vizaj. Kèk nan nou tounen pwofesè moral jis pou kouvri echèk nou. Anpil tou ap bay bon konsèy pou sila yo k ap vini an pa tonbe nan twou. Kèk lòt menm ta renmen viv yon dezyèm fwa pou pran revanj yo sou lavi a. Elas, lavi a pa fè moun kado de fwa.

Granmoun nan pa kanmarad moun ki angran.  Pou sila yo ki te jwi lavi yo jan yo kapab, se momam pou yo remize yo, pou yo krab kò yo. Men, pou kèk lòt, sitiyasyon ekonomik yo pa te pèmèt yo viv yon lavi plezi, se nan moman granmoun nan y ap fè jèn moun. Se moman y ap paweze. Yo pouse zèl lannwit kou lajounen. Pa vini yon ti inosan ki pou sove l. Yo pa tande, yo pa wè. Pòch yo tounen bouch yo. Revanch san gad dèyè. Yo detèminen pou sa ki te pase Plèn di nò a pa pase Limonad. 

Koze granmoun nan se tankou yon bisiklèt, li pa nan zafè fè bak menm.  Ane yo ap file. Kò a koumanse tchoula. Se dengrengolad san rete. Je yo koumanse twoub. Malgre sa, gen anpil nanm k ap vyeyi ak plezi e nan plezi. Gen lòt, akoz travay difisil yo te konn fè oswa afòs yo te konn boloze ak frite a dwat a gòch, kò a pòtre yon bato k ap tange. Pou sila yo ki pase anpil tray anba tout kalte vye maladi pandan yo te jèn, yo pa menm konnen moman granmoun nan, ale wè pou l ta salye yo.

Granmoun nan ralanti kous nou, souf nou kout, pye nou lou kou sak sèl. Anpil souvni ap pati. Nou depase rekalsitran, pa pale menm pou wòklò. Pou sila yo ki konprann granmoun nan se yon pasaj oblije, yo pase flanbo a bay jèn yo san plenyen, yo prepare jèn yo pou yo sa afwonte lavi a tou. Men, pou sila yo ki rete kwè yo ka ale nan paradi san yo pa mouri, yo kenbe dènye bagay nan men yo jous yo entatad. Yo refize lage pye yo. Yo derefize fè testaman yo. Yo pito mouri sou pouvwa a afòs bilan yo chita sèlman nan touye opozan.

Poutan, rive nan laj granmoun nan se yon privilèj. Se pa de evennman ki pa pase devan je w, se pa de koze ou pa tande, se pa de konesans ak eksperyans ou pa ranmase, se pa de kilomèt ou pa rale nan kamyonèt lavi a. Se pa de istwa ou konnen ki p ap janm kouche nan liv. Se pa de gè, maladi, epidemi ak yon latriye mechanste lezòm ou rive chape anba yo. Se pa de ti koze ou prale ak yo tou jou zetwal ou file. Enben, pawòl la di “kè se kòf”.   

Plis w ap pran laj, plis w ap saj. Men, se pa pou sila yo ki toujou panse yo se mèt latè.  Nenpòt moun ou ye a, yon jou kou jodi a, granmoun nan gen pou rantre sou ou san fòse. E se lè sa a, anpil nan nou va dakò zafè granmoun nan pa nan moun pa. Moman granmoun nan se tankou yon bwa fouye k ap pran dlo, li tonbe bwè dlo, kout lanm lanmè prèt pou chavire l. Van preske chire vwèl li. Okenn kaptèn pa fouti kontwole zaviwon an.   

Sanzatann, lè dènye vwayaj la anonse. Anvan anyen, kabann nan pa fouti rete ranje. Lespri a pati. Gen sa k ap travèse, gen sa k ap janbe. Sou yon fòm oswa yon lòt, moman babay la rive. Se lavi. Menm kote nou fèt la, nou deja siyen kontra ak grandi, vyeyi epi mouri. Enben, si nou klè sou sa konnya, apa pito nou viv yon lavi kote vizaj nou ak kè nou pa de eleman depaman nan pyès trajedi a.  

  

Jacques Pierre

 

Kredi foto/Radio Canada

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

1 COMMENTAIRES