Desalin, imòtèl!

Nou salye tout moun mounki ofri nou opòtinite ak onè, pou nou pale jodia, de ero nou, de sovè nou; pou nou pale de liberatè nou, papa nou tout, papa Nasyon an!

Paske, si jodia, se pa Awawak nou ye, si jodia se pa Tayino nou ye, se paske blan Eropeyen te fè yon jenosid, yo te asasine Idijèn yo!

Si jodia nou pa genyen chènn lan kou nou ak chenn lan pye nou, si nou vivan toujou, zansèt nou yo pa sibi menm sò ak Indijen yo, se gras a anperè nou an: se gras a JanjakDesalin!

Se pou sa, mwen mande nou tout ansanm, pou nou kanpe, pwan yon minit rekèyman, pou nou komemore memwa li e pou nou di, ansanm: Mèsi, papa Desalin!


Jodia, nou ap komemore memwa Desalin, En menm tan, nou ap kondane trayizon ki mete fen ak vi li epi ki retade pwojèl ak vokasyon nasyon nou an.

Men, jodia tou, ak pou tout tan, nap selebre vi ak kontribisyon anperèJanjakDesalin, paske Desalin, se yon imòtèl!

Desalin se yon imòtèl, paske li te genyen anpil lanmou lan kè li! Lanmou pou peyi li, lanmou pou pèp li, pou ras li, lanmou pou Nasyon li, men sitou, lanmou pou Libète!

Desalin te yon esklav jaden rebèl, ki te resevwa anpil move trètman, nan men blan. Yo te anchennen li, men yo pa t janm domine li; yo te imilyel, men yo pa t janm mèt li!

Li te pote anpil mak kout frèt kolon sou kò li, e li te kòn ekspoze yo, kòm symbol resistans li, andirans li ak pètinans li.

Li pat janm panse a revanch pèsonel, pou mechanste mèt esklav, Duclos ou lòt, te fè li. Tant Toya, te bali pi gwo ambisyon: Libète pou nenpòt ki pri!


Desalin te yon Revolisyonè.

« Se pou nou fè sèman pou nou goumen jiska dènye souf nou, pou endepandans peyi nou an »!

Pawòl saa pat jis yon deklarasyon ou byen yon swè, de yon nèg ki genyen bèl lide, ki pè batay, ki pè afwonte lènmi li.

Okontrè Desalin te yon entrepid lan tout batay ki te abouti nan abolisyon esklavaj e pou endependans peyi nou an.

Li rantre kòm solda nan lame revolisyonè an 1791, sou zòd Tousen Louvèti pendan revòlt Boukman te dirije, yon senmenn apre seremoni Bwakayimannan Plenn di Nò.

Desalin te lwayal epi disipline. Li pwal swiv politik Tousen, san jeretyen, jiskan 1802, lè Leklè te depòte Tousen.

Kit se kont Lespay, kit se kont Anglè yo, kit se kont Fransè, Desalin pa t sèlman prezan, men li te lan avangad tout batay sa yo, pou aboli esklavaj, swa sou lòd Tousen, swa sou pwòp komandman pa li!

Lanmou Desalin pou libète ak liberasyon esklav yo, fè ke, li pat fè eksepsyon pou lenmi blan, ni pou lenmi milat, lè yo te kont abolisyon esklavaj.

Li batay kont lame Rigo, kòm jeneral, sou zòd Tousen, lan « Guerre du Sud », san rezèv ak menm pasyon li te goumen kont Franse yo, kont Espanyòl yo ak kont Anglè yo.

Men, li te genyen yon sans jistis, li pa janm imilye lenmi li, e lan defèt enmi an, li te toujou bayo posiblite pou yo kite sa, oswa rann tèt yo! Men, selman nan defèt yo!

Sepandan, Desalin, poul akonpli misyon pa li an, defèt pat yon opsyon! Desalin te yon lidè militè ki te gen anpil enspirasyon e li tefèm ak twoup li yo, anmenm tan li te san konsesyon ak lenmi yo.

Lan Fò Crête à Pierrot, 300 ansyen esklav-solda, afwonte plis pase 2000 solda Eropeyen, ki vi’n douz mil(12 000) aprè, ak anpil gwo zam, sou kòmandman Leklèki te vini pou retabli lesklavaj!

Desalin, ak sèlman douz pyès kanon, ak kouraj, ak jeni, ak konviksyon, ak detèminasyon, ak kreyativite, reyisi sòti kite Fò a, ak twoup li yo!

Li te limen yon tòch, sou yon barik poud, li di solda yo: « se moun brav mwen vle avèk mwen maten an, Franse yo pwal atake nou; si gen mou ki vle tounen anba esklavaj franse, yo te mèt kite fò a, moun ki vle mouri lib, mèt kanpe bo kote m ». Tout solda yo te reponn ansanm: « nou vle mouri pou Libète »!

Desalin s te ajoute: « Si Franse yo rantre lan fò sa a, m ap fè nou tout eklate »!

Pou Desalin, libète pat gen pri! Ant libète ak lanmò, chwa Desalin pou libète te toujou klè!

Men, li pa t janm gen problèm ak lanmò, li te chwazi, si lap mouri, lap mouri lib, zam nan men li.

Desalin trase chemen li lan yon toubiyon kontradiksyon ki te karakterize epòk akkontèks politik li tap viv lan: te gen alyans, te gen trayizon; te gen fratènite, te gen koutba; te gen adezyon, te gen alevouzan, te gen viredo bay lit la, te gen Nwa te gen Milat; te gen Blan, te gen Esklav!

Revolisyon ayisyen an, pat yon banbilo/yon banbòch byen manje, byen bwèak bèl kostim: li te gen rèv, li te gen sakrifis, li te gen « sang » kap koule, li te gen lanmò!

Lè Franse yo te fin depòte Tousen; Lè li te klè, ke plan Napoléon se te remete tout moun, ni Nwa ni Milat lan esklavaj, yon alyans istorik, ant Nwa ak Milat te fèt, e yo te mete Desalin lan tèt lame revolisyonè a, ki pou koresponn ak fòs Rochambo yo!

E pou koresponn, Dessalines te koresponn ak yo!

Rochambo voye di Napoleyon, si poul retabli lesklavaj, fòk li jwen 25,000 sòlda an plis, li presize, poul te ka ekstèmine 30,000 Nwa, « fanm kou gason, paske fanm yo, te pi fewòs, ke gason yo »! Sou lidèchip Desalin.

Lè yon jou, Rochambo te pran 500 Nwa, li fè yo fouye twou pou yo te antere yo, epi li te fè touye yo.

Desalin pa fè ni de, ni twa: li ramase 500 Blan lan zòn Okap, e li fè pann yo tout, nan vil lan, devan Rochambo.

Desalin te entretab kont atwosite/kriyote Blan yo, men li pa janm elwaye l de estrateji l poul atenn objektif final li, ki se te mete lame Franse ya an dewout epi kreye yon peyi lib e libè,endependan.

Sou komandman Desalin, lagè revolisyonè a te pran yon lòt dimansyon: Desalin te livre yon gè total, li pa kite okenn kwen pou Franse yo.

Li menm pote lagèa al jwenn yo, sou lanmè.

Li atake fò, bato, ganizon militè nan tout vil empòtan yo epi katye jeneral Lame franse a.

Se konsa, nan yon ti bout tan aprè depòtasyon ak Lanmò Tousen, lame Desalin nan, ak wo eta majò li: Jefra, Ferou, Gaba, Maglwa Anbwaz, Vènè, Petyon, Kanje, Women, Lavo, Kristòf ak Kapwa Franswa di kapwa Lamò, te gentan kontwole prèske tout peyi a.

Estrateji lagè total, Desalin te deklare kont franse yo te reyisi! Franse yo te oblije repliye sou Okap, kote yo òganize rezistans prensipal yo Vètyè.

Lè Desalin fin pran Pòtòprens, li pase lòd pou tout twoup yo al rankontre li lan Nò, pou dènye batay 18 novanb 1803, ki pral fè le mond antye konnen, kiyès nou ye!

Men kouman, lan yon liv, yon ofisye Franse, DeLafò, ki te asiste batyayVètyè a te dekri gwo evenman istorik sa a:

« Ki kokenn chènm moun sa yo! A la goumen yo konn goumen ak mouri! Fòk yon moun te goumen kont yo, pou l ka konnen kouraj endontab sa a, devan danje…

Mwen te wè yon kolonn solda nwa, amba mitray kat pyès kanon, ki t ap avanse san pwan souf, san yo pa fè yon pa an aryè.

Plis te genyen ladan yo ki t ap tonbe, se plis, sa te double kouraj lòt yo.

Yo t ap vanse e yo t ap chante… yo t ap chante paske nèg yo chante nan tout okazayon…, yo t ap chante, paske nèg yo fè chante sou tout bagay.

Chante yo, se te chante ero, chante yo, se te chante nèg vanyan:

Grenadye, alaso
Sa ki mouri zafè a yo
Nan pwen manman
Nan pwen papa
Grednadye, alaso
Sa ki mouri, zafè a yo.


Chante sa a, mil vwa ansanm t ap voye l monte nan syèl la, epi kout kannon tap fè bas… , sa te prodwi yon efè ki fèw fremi.

Kantite mas sa yo ki t ap chante e t ap mache sou lanmò, anba yon limyè solèy ki te manyifik. »
DeLafò te konkli pou li di ke, espektak formidab sa-a, toujou rete lan memwa l ak imajinasyon l, tankou se te jodi a, plis pase 40 lane aprè!

Se lan batay sa a, Kapwa Lamò, resevwa ochan enmi yo, pou bravou li, lè yo konstate, menm boulèt kanon pat ka kanpe l.

Aprè atak Kapwa a, Desalin te rele jeneral Gaba ak Filip Do epi li te di yo: « Mwen vle pou avan yon demi èd tan, drapo endijèn nan ap flote sou tèt Mòn Charye…, menm si pou m ta wè tout rejiman lan lame a disparèt, youn aprè lòt ».

Se detèminasyon ak kouraj sa a, ki fè vizyon, plan ak strateji militè Desalin nan te reyisi ki pral fè ke Franse yo kapitile le 19 novanm 1803, kote yo siyen defèt yo, nan vil Okap!
Premye janvye 1804, Desalin nonmen gouvernè jeneral avi, pral pwononse deklarasyon ofisyèl Endepandans, ke tout jeneral yo te siyen.

Nan mwa oktòb 1804, yo pral kourone li anperè, paske yo te kwè tit gouvènè pat apwopriye pou yon Nasyon endepandan.

IdeyolojiDesalin se te ke blan yo te kenbe nou lan esklavaj, avèk lafòs, avèk ferosite, yo vyole sè nou, pitit nou ak madanm nou. Yo vyole manman nou!

Yo fè nou kwè ke nou pa moun.

Kidonk, Desalin te panse Blan yo pat merite okenn senpati, fòk nou rann yo atwosite pou atwosite, afwon pou afwon ak krim pou krim!

Pou nou te bati yon lòt sosyete, li te kwè, fòk nou te kominike avek Blan yo, nan langaj pa yo, sèl langaj yo konnen, ki se vyolans!

Desalin te kwè ke sèl jan pou ras nwa te soti lan esklavaj tout bon vre, se te pou nou te rejte kilti ak relijyon blan an e kontrekare, vyolans esklavajis Blan an, ak vyolans liberatris Nwa yo.

Men, refleksyon ideyolojikDesalin pa t rete la.Desalin te kwè li pat sifi pou nou bat blan an militèman.

Li te panse fòk nou kreye, yon Leta, yon lame ak yon Nasyon nwa ki fò; ak lang pa nou, kilti pa nou, kwayans pa nou, pou nou ka simante tout kouch sosyal nan polilasyon an.

Yon Leta ke nou konstwi nou menm, pou nou menm!
Konsa, nou te ka pwospere e ede lòt nasyon pran libète yo!

Aprè lagè endepandans lan, Desalin te erite yon peyi en rwin. Desalin te kompwan, byen ke zam te enpòtan men, se pat sitou zam ki te ba nou endepandans lan, se te volonte mas yo pou yo te soti lan esklavaj, pou yo viv lib ou byen mouri!

Kounye ya ke masyo te lib, Desalin te kwè fòk Peyia te rete ini, preske nan yon mobilizasyon an pèmanans, pou pwodiksyon ekonomik akòganizasyon militè, pou ke nou te ka vin ganyen menm fòs ak peyi esklavajis Ameriken, Ewopeyen, elatriye, ki te antoure nou e ki pa t ka dijere yon Nasyon nwa nan figi yo!

Se pou tèt sa, an 1805, Desalinkreye premyeKonstitisyon peyi Ayiti, kote li règle lavi ekonomik, politik, militè ak kiltirèl jèn nasyon an, epi ba nou, premye Drapo peyi nou an, yon drapo, nwa akwouj.

Kòm anperè, Desalin te bay lòd ak tout jeneral li yo, pou konstwi fò lan tout peyi ya, pou lè Blan yo tap tounen, pou Ayiti te ka pare, pou fè fas ak yo, e pou nou te bat yo, ankò!

Desalin, se te yon liberatè, yon imanis yon entènasyonalis e yon vizyonè, ki pa gen parèy!

Desalin montre lanmou li ak jenerozite li pou tout pèp, lè li chanje non Sendomeng, li rebay territwa a, non Indijen yo, ke Espanyòl yo te fè jenosid sou yo. Li tounen rele peyi a Ayiti, pou onore memwa ak kilti Endyen yo!

Tout Polonè ki te batay nan Gè Endependans lan bò kote esklav yo, li bayo natyonalite ayisyen e li entegre yo nan lame revolisyonèak nan vi ekonomik peyi a.

Dessalines, se te yon Entènasyonalis.

Listwa pa janm konnen yon pi gwoentènasyonalis ke Desalin, ki ède peyi ak lidè ki tap goumen pou libète yo, kont lesklavaj, pakilyèman, Miranda!

Dessalines te yon vizyonè.

Desalin te kwè, pou revolisyon Ayisyen lan reyisi, fòk Ayiti pat pou kò li, fòk te gen lòt Nasyon ki pran menm direksyon an, lan goumen pou chanje systèm ak ekonomi mondyal la.

Li tekwè Blan yo pa tap kite Ayiti siviv, yo te gentan retabli lesklavaj Jamayik, Matinik, epi Espanyòl yo te kontinye ap vann moun Nwa lan pati lès zile ya.

Se poutèt sa, non sèlman, li te fè konstwi Fò yoak ede lòt peyi lan lit pou liberasyon yo, li pral pwan inisyativ pou li pwan kontwòl pati lès zile an.

Li abandone kampay saa, lè enmi yo kouri bri, ke Franse yo te deja lan lanmèPòtoprens pou vin atake konkèt revolisyon an.

Desalin, pou évite konfli lan mitan nou, ki te ka deroute revolisyon an, epi kraze Leta frajil ke nou t ap konstwi a, li fè Konstitisyon 1805 lan, yon Konstitisyon layik, kote chak moun epi chak kominote te ka chwazi relijyon pa yo epi jwi pwòp ekspwesyon kiltirèl pa yo.

Yon ekzanp ke rès mond lan pral swiv, plis pase 100 lane aprè!

Sou menm lanse an, li eseye solidifye alyans avèk antant, ant Milat ak Nwa, paske li te kwè se yon eritaj ki te konstitye yon defi pou peyi ya. Sete yon reyalite ke Blan yo te ka kontinye itilize pou divize nou e ki te ka detwi nasyon an, a lenteryè.

Se pou tèt sa, lan premye Konstitisyon peyi a, li di, tout moun ki genyen nasyonalite Ayisyen, tout se Nwa!

Desalin te ankouraje e sipote masak Franse ki te rete nan peyi ya, pa sèlman akòz de krim yo te komèt, men pou te ka konsolide inite ant Nwa ak Milat, lan fè san bouro yo koule.

Desalin te kwè lan jistis sosyal.

Desalin, lan Konstitisyon 1805 an, te rekonèt ni timoun ki fèt lan maryaj, ni sa ki fèt natirèl. Li te rekonèt mariaj kòm yon ak sivil, ni plis, ni mwens.

Desalin te kwè lan distribisyon egal-ego richès! Lè anpil jeneral Milat ak kèk jeneral Nwa, ansyen lib te eseye fè pran pou yotout byen ak richès nouvo peyi a, Desalin te mete opozisyon.

Desalin se te yon sosyalis avan ke sosyalis te egziste!

Lè Nwa, ansyen lib ak Milat yo fin gen kontwòl politik ak ekonomik peyi a, Milat yo te deside ke yo se eritye ansyen kolon yo.

Avek konplisite kèk jeneral Nwa, Yo te fè dappiyanp sou tout richès peyi a pou rès popilasyon an te rete lan difikilte.

Lidè tankouDesalin ak Kapwa, pat danse kole ak Franse, yo te wè Franse kòm lenmi, kontrèman ak Milat yo ki te frote ak Blan, ak kilti franse an, genyen ki t a l lekòl an Frans, yo pat janm dakò pou yo sou menm pye degalite ak Nwa yo, ki se ansyen esklav. Yo pa t fin dakò non plis, pou nou te rache endependans nou anba Lafrans.

Donk, lwa Desalin tap pwomilge yo, menmsi genyen lan jeneral yo ki pa di anyen, men yo pat dakò, pa egzanp, ke ti moun lejitim gen menm dwa ak ti moun natirèl; ke tout ayisyen se frè e egal ego, devan la lwa.

Jeneral Jerin, yon Milat, te rive di: pitit yon esklav pa t ap janm ka egal ak pitit pa li.

Donk, solisyone pwoblèm koulè ak origin sosyal, te yo gwo défi pou Desalin.

Yon gwo konfli, pral eklate ant Milat yo ak Desalin, lèDesalin soti pou li bloke tentativyon seri Milat nan Sid, pou sèzi byen ansyen kolon yo.

Li pral fè tout byen sa yo rantre nan patrimwan vil ak zòn yo.

Koripsyon te fi’n gaye lan Sid la, Milat tap fè komès, defisitè pou leta, an kachèt ak Anglè ak Ameriken, ki pat vle rekonèt nou kòm nasyon; ansyen afranchi ak gwo chèf militè te komanse pwan pakèt tè, abitasyon ak kay kolon franse te kouri kite.

Yo te rive menm fè fò papye, yo jòni papye yo ak lafimen, pou fè kwè yo te la depi lontan.

Desalin bay tout moun yon kanpe lwen, lè li mande konwòl tit pwopriyete tout moun!

Desalin pral pwononse yon seri de pawòl, ki pwal deja anonse li pap ka siviv, se lanmò kap tann li.

Li di: « Menm jan mwen fè fizye moun k ap volè poul, danre ak betay, se menm jan m ap fè touye moun ki nan lese grennen pou pèmèt yo vòlò byen Leta…”

« Anvan nou te pwan zam kont Leklè, Milat yo, pitit Blan, pa t konn resevwa eritaj papa yo; kouman fè, depi nou chase kolon yo, pitit yo ap reklame byen yo?

Nwa ki gen papa yo ann Afrik la, yo pap jwen anyen! »

Pawòl sa a yo te twòp pou fraksyon Milat yo, yo te deside pase annaksyon!

Desalin kite Machan jou kite 17 oktòb 1806, pou li vin Pòtopwens pou li te rankontre ak Petyon, Jerin ak Yayou, men sa li pat konnen, sè ke yo menm tou, yo te nan komplo a!

Lè li rive Ponwouj, yon gwoup sòlda, sou kòmandman Jerin, ouvri zam sou Desalin ak tout èddekan li, Chalotin Makadye, yon Milat, ki te vin ambrase Desalin pou proteje li.

Yo krible tou lè de ak bal! Aprè, yo rache kò anpère a, mòso pa mòso, yo lage li nan lari. Asasen yo te atwòs ak fewòsmenm jan ak kolon yo!

Men Defile, fanm kouraj, menm lan lanmò, li te rete lwayal ak ideyal revolisyon an, epi akanperè a!

Se fanm saa ki te onore kadav Desalin, li te rekonèt ke papa Nasyon an merite yon lòt tretman aprè asasina l. li fè antèman rès kadav anperè a pou kont li.

Sa pat diferan pou anperèz la: kouraj ak lwayote!

Klè Erez, madanm anperè Desalin ki te konn panse solda nou yo lè yo blese nan lagè, pou yo tounen lan batay, te pral onore non anperè a, pwojèl, repitasyon l, lè li konfwonte asasenl yo.

Kouraj ak lwayote!

Pouvwa politik, gwo mwayen ekonomik, richès pat monte nan tèt Desalin, ni vire lòlòj li. Yo pat rann li avèg.Li te konsyan pandan tout vi li, ke konspirasyon ak trayizon baze sou diferan interè ak anbisyon ekonomik epi sosyal te menase pwojè li ak ekzistans li e ekzistans nasyon an!

Men, li pa t janm kite danje imobilize li, devan responsablite istorik li.

Li batay pou libète ak pou pèp li pandan tout eksisatans li, san li pa mande anyen an retou. Jan li di ak pwòp bouch li: « mwen sakrifye tout bagay…, pou yon sèl richès: Libète nou »!

Li pat janm fè tèt li ilizyon ke trayison te ka sotiandeyò peyi ya, tankou endedan l. Nan dat kite premye janvye 1804, li anonse pwòp sò li, pandan li avèti nou: « si nou touye mwen, nap konen sò yon pèp ki engra »!

Nou genyen konsolasyon ke se pat pèp lan ki tiye li, e jodi a n ap deklare ak tout fòs nou, ak gagann nou byen louvri :Nou pa engra !Mèsi papa Desalin!

Nou konnen ou te di: « Jijman jenerasyon paw la e sa kap vini aprè yo, pa fèw pè, depi ou rive sove peyi ou »!

Nou di ou mèsi, papa Dessalines, paske rèv ou reyalize: ou rive sovepeyi ou e ou rive sove nou!

Ou reyisi twa revolisyon, pouw ka kreye yon nasyon , ou voye jeteKòdNwa a pou n te ka vin moun! Ou kanpe ras nwa a egal-ego ak tout lòt ras, ou remete tout yon ras nan istwa limanite!
Ou ban nou yon Deklarasyon Endependans ki pral vin yon ideyal pou tout limanite !

Ou se pi gworevolisyonè ki janm pase sou la tè!

E, gras a wòtè ke ou vole, JanjakDesalin, malgre tout pwoblèm Nasyon an ka konfwonte, kòm pèp, nap toujou rete, pou tout tan, nan fôrè memwa tout limanite, tankou zwazo ki sou dènye branch lan!

Se konsa, konpatriyot mwen yo, mwen prezante nou, jodi a, koman yon esklav vin sòlda, yon sòlda vin kolonèl, yon Kolonel vin jeneral, yon jeneral vin gouvènè, yon gouvènè vin anperè yon anperè vin imòtèl!

Mèsi anpil!

Garaudy Laguerre

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES