An bon chèlbèdèk, se konsa mwenmenm, Tibonnonm ak Bòb te chita anba gwo pye tamaren an, n ap valkande bonnèt nou nan nannan diskisyon Janbafre ak Tètzo ap fè sou koze vodou. Yon tikadè mwen wè Tètzo leve kanpe brap epi l frape lestomak li an bon pedan, an bon konesè, pou l di li konn langaj tout lwa nan lakou kote kòd lonbrit li tere a, ooo nenpòt ti gangan dèyè manman pa ka kanpe tennfas sanpwennfepa pou konte vanyan ak li, l ale pi lwen pou l di ; li se yon majòjon, yon gwo konesè nan koze vodou ann Ayiti. Lè misye ap di sa a Janbafre anfouraye nan silans pou l pa pèdi yon yota nan goutyè lapawoli nonm lan. Apresa, Janbafre mande miche ki kote l jwenn tout ladrès sa yo ki fè lespri l madre jouk nan nannan konsa a. Misye reponn byen serye << Ann Afrik frè m nan >>. Janbafre dekachte yon rega demeplè fè nonm nan kado san okenn lakrentif pa bay kalinda nan kafou zobwatèt li. Paske li te konnen fen ebyen se avanyè la a, yo bay miche yon vye bout batistè nan chirepit, nan wounouwounou pou l jwenn fonksyone legalman. Janbafre di miche :
- Tankou oumenm Tètzo, lè w ap bay manti ki kote w pran van ? Mwen remake chak ou fin manje degrenn penitans prizonye mal pou jwenn anndan penitansye, fò w vin bafre moun isit la. Mwen pa menm kwè w konn lapriyè Boukman te fè 14 dawou 1791 la, nan seremoni bwakayiman an.
- O ! Tifrekan, pa ranse avè m tande. Se Ayisyen natif natal m ye wi.
- Pa joure. Pa nève. Pa eksite. Resite l pou m tande. Fè m wont douvan je lasosyete.
Depi tan n ap pale a Tètzo swe pòtrè jwè ki bezwen fè onz nan dènyè antrennman seleksyon nasyonal. Tibonnonm ak Bòb ki se de gwo fawouchè zòn nan lisansye nan mannyè yo penti fawouch pou fè nèg fache. Enben, de nèg sa yo makiye koze Janbafre likide bay Tètzo a, yo fè l tounen on chante rara Latibonit, on chante kanaval nan vil Jakmèl.
‘’ Yo kole Tètzo oo
yo kole Tètzo
yo kole Tètzo
Tètzo pa Ayisyen .’’
Granmoun kou timoun kanpe sou deran ak grap souri de pou senk, twa pou kenz, kat pou vennsenk... pandje sou vizaj yo. Lè Janbafre wè sa li rache silans an miyèt moso pou tout moun ka jwenn tikal pou frennen lapawòl nan yon bat je epi li resite priyè a byen fò san manke moso.
‘’ Bondye ki fè latè, ki fè solèy ki klere nou anwo.
Bondye ki soulve lanmè, ki fè gwonde loray.
Bondye nou ki gen zòrèy pou tande. Ou ki kache nan nyaj k ap gade nou kote ou ye la.
Ou wè tout sa blan fè nou sibi. Dye blan yo mande krim. Bondye ki nan nou an mande byenfè. Bondye nou an ki si bon, ki si jis, li òdone nou vanjans. Se li k ap ba nou asistans. Nou tout fèt pou jete pòtrè Dye blan yo ki swaf dlo nan zye. Koute vwa la libète lan kè nou. ‘’
Pou l fini, li mache bay tout moun ki t ap koute priyè a gwo akolad la kontantman ak tout sant ayisyanite l sou li. Li gen yon swè libète ki soti nan rèl do l pase desann nan fant bouda l. Se pa fèzèkont m ap fè non, se do touni miche te ye wi. Apre detwa pousyè segonn fin vante sou terasman kè kontan limenm avèk Tètzo, li leve, li mache swiv chimen kay li. Sa nou konnen ki rive l an parèt li ? Sant soup joumou madanm li t ap fè a manke chire pòch nen l. Tout lide m di m miche siye bouch li nan rido a, avan l pran lari. Paske yon nonm pa ta ka egzat konsa ! Soup la bon pou en, pou de nonm nan gentan teri an kalifouchon. Sa fè madanm lan bwote sezisman pa manit. Mwen pa dwe bliye di nou sa ; Klerimèn se te premye mennaj Janbafre ki tou vin madan marye l. Men sa nou dwe konnen se te yon maryaj fòse, maryaj byennèt, paran Janbafre pa t menm vle sa fèt. Manman Klerimèn limenm te kanpe an kwa, poutèt Janbafre te chire filè Klerimèn ak yon move pwent, yon pwent sovaj, yon pwent devègonde, yon pwent plenn nan kè, yon pwent san pitye. Sa ki charye lapenn kay mesyedàm yo, pyès nan yo pa t ko majè. Youn gen 16 lane, lòt la gen 17 lane, 2 ti wole, ti zokiki k ap benyen nan foli. Timoun ki ta dwe sou ban lekòl toujou. Yo madam, yo mesye. Lavi k ap dikte yo. S ak plis nèvè m nan istwa sa m ap rakonte nou an. Se paske pi fò zotobre a babin ki reprezante leta nan peyi a te okouran de sa, yo youn pa di yon mo pou anpeche sa fèt. Se pa manti m ap fè non. Sa te fè gwo tole sou lèzond ak sou rezo sosyal yo.
Lè Janbafre fin bwè soup joumou an nan non zansèt yo pou siy grandèt majè nou kontinye parèt nan je limanite byen fonse. Lide l frape sou Grann li, li tou fè wete yon gwo bòl soup pou li. Kòm gouvènman rachepwèl la, gouvènman sankoutcha a monte gaz la pi wo gagann malere ki soufri maladi anvi viv. Chofè kamyonèt ak chofè motosiklèt pa fè wonnpòt. Sa fè yo oblije pran wout la sou de ti bagèt legede yo. Yo mache kont yo. Lè solèy la plonje nan pla men lorizon, yo rive nan lokalite Atjimèl kay Tifanm Lismèn Grann Janbafre. Yo salye granmoun nan ak vizaj yo ki pote etikèt lakontantman epi yo remèt li bonm soup la. Yo toke lajwa ki soti nan fon kè yo pa bann ak pakèt. Janbafre fè ti virewon nan lakou a pou prije goutyè salitasyon l bay lafanmi, zanmitay ak letranje l pa wè digdantan.
Kòm lanjelis gentan fin prepare l pou bay payèt, trase kata dosou marasa sou nat très lannuit. Li di Grann li << li vle fè yon demann, yon priyè nan lakou a, avan l al fè wout li nan bouk Tirivyè Latibonit >>. Granmoun nan di : <<< Degaje w pitit mwen, ou se eritye lakou a, simaye priyè w nan zòrèy lwa yo. Kanta pou mwen mwen pral fè yon deplase rive dèyè tèt mòn nan. Mwen pral chache 3 kabrit sobo mwen yo. N a wè yon lòt lè pitit mwen. Mèsi anpil pou kichòy la >>. Granmoun nan annik leve pye l pou en, pou de miche teri nan chanm kote granmoun lan mete bak penitans li an. Li pran yon bouji nwa ak yon ti gode kleren epi li soti l al devan baryè a, kote yo te mete manje pou gwo lwa nan dènye sèvis delivrans lan. Li limen bouji a, li kenbe l tèt anba epi l tanmen lapriyè.
‘’ Ginen yo, mwen vin remèsye nou pou ane ki sot pase a. Ane sila a mwen t ap renmen nou ede m jwenn yon lòt fi pou m renmen epi remarye. M swete nou aji vit pou mwen, paske m pa ka reziste ankò ak lanmou san fon, san fòm sa a m ap viv la. ‘’
Madanm lan ki te ozanlantou an ki t ap fè ti pale, priyè a teri nan zòrèy li tou ankè. Li kouri vini ak yon kontantman pwa senkant ki ta sanble twò lou pou vizaj li li di ; Ee eeeyyyyy mwen jwenn sa m t ap chache a. Tanndat mwen konnen lanmou pèdi koulè nan miwa santiman nou. Se pou sosyete a wi, m te kenbe men avè w toujou. Mwen pa gen ase mo alsiyis, mo siwolin, mo fant janm pou m ta remèsye w pou priyè delivrans ou an. Ban m tou al wete batanklan m yo mete kay manman m avan m chache 2 pyès pou m layite kò m tann yon lòt gason k ap fè batman kè m fè sann, k ap fè m santi m nan po m san fòse.
Choz di choz fèt. Manmzèl bwote tout sa l te genyen al jwenn manman l. Depi jou sa a Janbafre ap dòmi tou sele ak de men l nan fouk li.
Liv : Lapriyè nan bouji nwa (Lodyans ak Pwezi) Mansyon Espesyal Prix International de l'invention Poétique 2023, Matinik.
MALABA Pitit Plim
Ekriven-Powèt, Kontè, Lodyansè, Komedyen, Womansye... Prezidan Salon international du livre et des arts contemporains. PDG Éditions Papye9.
