Avanyè a midi bleng, m al estasyone m anndan vant Mache Dipi pou m kontanple solèy la k ap dekrase pipi ki te nan kòd grenn li nan tèt malere ak malerèz ki soufri maladi « anvi viv ». Leta menm derefize ba yo bonjan medikaman pou « lavi miyò » debouche sou vizaj chak grenn nan yo.
Lè m fin apante longè ak lajè kalamite, soufrans, doulè moun yo, mwen souke tèt mwen sèt fwa epi m tchuipe Leta.Mwen deplase ak vizaj mwen pentire ak lapenn. Pou m ka rive nan de tan twa mouvman m file floup nan koridò Madan Bètran, mwen al soti anba gwo pye tamaren an. Mwen fè yon ti kanpe pou m kase detwa moso koze ak nèg yo ; fò m di nou sa, depi m rive nan katye tamaren, mwen tou rive lakay mwen. Nan konte koze, m rive jwenn yon souri tounèf, yon souri aksantegi ki dekachte sou vizaj mwen. Apre yon ti tan m rantre lakay mwen.
Avan lanjelis pwente dwèt jouda l la sou jounen an, m soti m al fè yon ti gazouye ak detwa zanmi danfans nan yon ti jwèt gòl prezidan fòme sou tèren « Louis Lamartiniere ». M fè twa gòl an lagan. M taye gwo pakèt lakontantman met atè. Tout nèg yo kouri vin sou mwen.Yo voye m anlè tankou m te Christiano Ronaldo. Paske filè gadyennbi a tevyèj, se mwen ki premye pèse l.
Fò m raple nou sa, nan jwèt gòl prezidan pa gen abit k ap bay parad sou tèren, pòtrè leyopa nan fèt drapo. Se nou ki jwè, se nou menm ki abit tèt nou.
G on bagay mwen manke bliye m pa di nou, zòtèy pous mwen manke rache nan yon ti chouk bwa sou teren an, pandan m ap bwote yon koufran met sou tèt Gwo Gègè. Pye m fè krip. M gade m pa wè san. Mwen fè onondipè.
Paske tout sikri nan kè m te gentan sote. Se pye atè m toujou renmen jwe. Se pa kranpon m pa genyen non ! Tout moun di m pi fò lè m ap jwe pye atè. Bon, bagay m pa ta dwe di nou. M konn vin ak kranpon an sou tèren an, epi m bay yon zanmi jwe avè l pito.
Nan kouri dèyè balon pou m kontinye chire filè gadyennbi a, gen yon gwo nèg, ki pòtrè atlèt k ap pouse sis plak karannsenk, ki jwe nan lòt ekip, la ki manke touye m.
Kite m rakonte nou poutèt kisa kreten mawon an, gwo gonm nan t ap touye m nan. Lè jwèt la fèk kòmanse a, m ba l on ti chapo kouwè chapo Zinedine Zidane te bay Ronaldo nan koup dimond 2006 la. Poutèt sa li di ooo l
ap fè m peye sa chè. M konn se blag miche ap fè. Paske m wè se distrè n ap distrè nou pou n pa fou. Imajine w, nou nan yon peyi kote leta kite lamizè ap trase kata dosou marasa sou vizaj pèp la.
Nou pa konnen pandan miche gen balon an nan pye l, m kouri vin make l, sa nou konn li fè m ? Li tann yon pyerèd pou mwen, mwen frape bip, epi m pati an kamera m al tonbe sou tèt, tankou se lè polisye ap maltrete etidyan ak militan k ap revandike pou dwa moun respekte.
Chans pou mwen, kou m pa kase. Nèg yo leve m al met kouche deyò tèren an. Yo vide dlo sou tèt mwen epi yo mete yon lòt jwè nan plas mwen an. Kote m kouche a m tanmen fè yon ekip refleksyon sou lavi m ak sou lavi peyi
a. M tèlman santi m boulvèse, mwen leve chita brap ! Kòm m pa jwenn moun pou m pale, m pale pou kont mwen pou m ka libere lespri m. M pale tou piti. Men sa m di : « Lè Depite, Senatè, Prezidan, Minis malad, se Kiba, Kanada, Etazini, Lafrans... y al pran bonjan laswenyay. E mwenmenm bouda chire, pòv, ki pa menm ka peye 500 goud kabann chak jou nan lopital. Mwen leve. San bri san kont. Mwen pran kranpon m epi m pouse bourik mwen.
Lè m ap soti nan baryè a, gen youn nan nèg yo ki di : « Jan w tizè. W a kite atò ! » M fè kòmsi m pa tande. Wè pou n ta wè jan m ap mache, pòtrè jwè ki abitye fè gòl pou seleksyon nasyonal la.
Pandan m ap bouske wout la pou m rive lakay mwen, gen yon machin vit tente ki vin frennen bò pye m nan. Depi tan n ap pale a la, anyen pa ka bare m, se van m moun yo wè k ap pase. M kouri, m kouri, m kouri, m kouri !Toutotan m ap kouri m ap rele «Anmwe sekou ! » M pa kouri tou dwat non ! M kouri an ès ès pou bal pa pran m. M pa kanpe ni pou pè ni pou pap. M al ateri jouk lakay mwen.
Lè m rive lakay la, manman m mete de men nan tèt. Li panse se fou m fou. Paske li wè m ap vini ak yon gwo rèl « anmwe sekou » pandje sou tèt djòl mwen. E li pa wè sa k ap fè m pè a. Se lè mwen mete l chita epi m rakonte l, li dekachte yon gwo bwat rezon fè m kado.
Mezanmi se pa fenyan m fenyan non ! Ni m pa pot pantalon pou bèl twèl ! Se chak maten avan m pran lari, m branche radyo pou m fè nouvèl, nouvèl yo pa janm depaman. Se toujou menm jan : malere ak malerèz k ap plenyen nan mikwo pou pitit yo, fanmi yo, ras yo, tokay, kidnapè kidnape. Sa koz laperèz mache sou trip vil yo lajounen tankou lannuit. Mwen m p ap kache di nou sa, m dòmi ak on je fèmen on je louvri, pòtrè manman pitit k ap veye lougawou.
Mwen sonje yo kidnape Mè. Mè yo leve kanpe manifeste pou jouk yo jwenn liberasyon. Mwen sonje yo kidnape medsen. Medsen yo leve kanpe manifeste pou jouk yo jwenn liberasyon. Konpatriyòt mwen yo, m t ap renmen nou fè yon sèl leve kanpe pou n chavire sistèm peze souse sa a fasba ! Pou demen nou pa mouri sou boulva lagraba.
Liv : Byennet pou tout moun (lodyans)
MALABA Pitit Plim
Ekriven-lodyansè, powèt, womansye, kontè... Prezidan Salon international du livre et des arts. PDG Editions Papye9.
