Se pa de twa payèt lespri m pa bay nan dans douvanjou, anvan m resi rive depoze lapat sou yon bann mo wòdpòte, ki t ap flannen nan terasman lavi. Mwen kole tout vèb ak vokabilè ki anndan vant lodyans lan ak lèt kandelanm. Ak kreziklou, pou yo ka kanpe tennfas san pwenn fèpa, pou fredone chan revolisyon sou batman kè nou chak.
Depi lè m te konn ap kouri pye atè, san kanson nan jwèt lago kache, m tande, depite, senatè, prezidan ap pale de eleksyon demokratik nan radyo. Sa fè tout lajounen, tout lannuit, mo sa a pran valkande, bay kalinda, jwe jon nan tout kafou ki anndan kòkòlòs tèt mwen.
Lè m kòmanse ap keyi grap bon konprann pa bann ak pakèt nan jaden lakonesans, mwen wè aklè se eleksyon tèt bòchèt, eleksyon machòkèt, eleksyon tèt gridap, eleksyon aloufa, eleksyon madigra, eleksyon pèpè, eleksyon grennsenk, eleksyon danrachòt...
Bon, kite m rakonte nou yon istwa ki pase tou avanyè la a. Lè sa a m te apèn gen dizuit rekòt kafe sou zo bwa tèt mwen.
Nou wè eleksyon sa m pral pale nou de li a la a, li te chaje ak kandida. Kandida fè mikalaw, kouwè lè bann rara Latibonit pral kase fèy jou vandredi Sen. Si memwa m pa fè m defo, m ap sonje te genyen 54 kandida alaprezidans.
Nan moman kanpay la, pawòl kandida sikile nan zòrèy tankou boul malatchong. Pawòl sipotadin, pawòl siwolin, pawòl soulay, pawòl dous, pawòl kremas, pawòl makòs, pawòl van pou chavire bonèt. Depi jounen an louvri pye l byen laj bay solèy rantre nan fouk li, se konsa sa pase.
M p ap kache di nou sa. M ap dòmi mwen reve m ap vote, lè je m kale. M pa mande pèsonn ki boul rèv sila a bay nan tchala. Pou yo pa mande m ki kandida m te wè m ap vote nan rèv la. Paske grenn vòt mwen chita nan fon kè m.
Ebyen, nan jou vòt la, m leve byen bonè. M pike monte kouwè kap ki jwenn bon jan van. M al estasyone m nan tèt Fò Lakrètapyewo, m ap kontanple Latibonit k ap dodomeya bò pye mòn nan. Se te yon gwo jou dimanch. Syèl la tegen tan louvri 2 bra l pou l ranmase priyè pote bay Bondje. Annapre, mwen vin sonje m pral vote. M kouri sou pwent pye tankou lè timoun ap fè jwèt alarive, jwèt koulentchent, nawè sa k ap kenbe pentad. M kouri, m kouri jouk m ateri lakay mwen. Lè m rive,m swe kouwè
revolisyonè k ap manifeste pou lajan petwo karibe. M chita tann kèk pousyè segonn vante, epi m pran dlo m benyen. M met bèl ti rad mwen sou mwen. M fre tankou kola 15. M foure kat elektoral la nan bouda pòch mwen,
epi m plonje pou sant vòt « Madame Pajot ». Se la non m soti. M pa konn nan ki biwo sèlman.
Fò m di nou sa, tout nan wout la, m jwenn bèl ti grenn fanm kreyòl ki abiye ak pantalon san fouk, tche mayo tòde yon bò lonbrit, toubote blayi deyò. Genyen tou ki mare tèt jip yo byen long ap trennen atè. Tout nèt pran fè m je dou. Kòm tout janm vire kè m, mwen wè Wozi Flè Kayimit parèt, m oblije mawozo, koyo, tchòtchòwè devan medam yo.
Lè m rive, mwen wè yon dividal moun nan lakou a. Malgre chalè lakontantman vle kwit chagren nan kè m, m pa fè tèt cho. M pran san m pou m gade nan ki biwo non m afiche. Mwen wè se nan biwo 8. M pase menm nan vizaj mwen, pou lè yo ban m bilten an pou m ka wè foto yo byen, epi m rantre anndan biwo a pou m al vote.
Lè m rantre mwen wè yon ti gwoup moun isit, yon ti ponyen moun laba. M apwoche. M lonje kat la bay prezidan biwo a. Li gade l, li gade l, li gade l. Li di mesye ou vote deja. M sezi ! Sa pa
ko anyen toujou. Lè m gade byen, mwen wè gwoup moun yo se bilten y ap kwaze met nan bwat. M pa rache yon mo voye nan kòlèt mesyedam yo. M soti san bri, san kont, m al chita anba yon gwo pyebwa k ap simaye frechè sou tout kò lakou a, pou m ka poze tèt mwen dezoutwa
kesyon : « Kilè n ap kwape koripsyon isit ? Kisa dirijan nou yo vle fè ak peyi a menm ? Poukisa nou krache sou jefò zansèt nou yo
? » M tèlman sezi dlo je m monte wotè katredal.
Nan de tan twa mouvman gen yon gwo nèg ki pòtrè wobo fabrike nan peyi Japon, ki parèt sou mwen.
— Sa k gen la a, piti ?
— Poze wi.
— Ou vote deja ?
— Non.
— Kot kat elektoral ou ?
— Li nan pòch mwen.
— Ou konn sa w pral fè pou mwen la a ?
— M pa konnen non.
— M ap ba w 1000 goud, pou w al vote yon kandida nan sant vòt Lise Anry Kristòf la pou mwen.
San okenn lakrentif pa danse nan tèt mwen, m di misye : « Sansal ! Tèt flit, ou pa al bay papa w li ! »
Misye fache. Li fè sa pou l kouri sou mwen. M pase men m atè m pran 2 bisuit leta pou m fann tèt li.
Chans pa l, gen 4 grandèt ki sanble ak
ansyen choukèt lawouze sou tan makout ki vin kenbe m. Yo pale ak mwen epi m desann kòlè m plat atè.
Misye bat lestomak li pou l di O ! bagay m fè la a se bagay pou m mouri. M di konsa, mwenmenm ou wè la a, m prè pou m travèse fontyè peyi san chapo ak diyite m kenbe anba bra m.
MALABA Pitit Plim
Liv : Byennèt pou tout moun (lodyans)
