Gwo konsè lansman an fikse pou samdi 22 novanm 2025 nan Spot 69, Delmas 60. Gwoup la lanse yon apèl ploutouf ploutouf pou fanatik, patnè ak tout zanmi mizik la vini selebre moman sila ak lo.
Gen dat ki pran plas yo tankou pwomès, tankou batman kè nou tout. Men gen lòt tou ki pran plas tankou batman plim je. 22 novanm 2025 se youn nan sa yo ki tankou batman kè. Jou sa a, Rapadou Twoubadou envite tout piblik la vin selebre 24 ane sou wout mizik la : 24 lane rit ki travèse lari, fanmi, fèt, ak tristès; 24 lane son ki marande moun ak memwa yo.
Nan nòt enfòmasyon gwoup la pibliye 17 novanm la, pa sèlman yo fikse yon dat. Yo lanse yon apèl, yon klewon, yon kout lanbi k ap envite fanatik yo, kolaboratè yo, patnè yo, e tout moun ki gen lanmou pou mizik ayisyèn nan, vin viv yon gwo moman pataj. Spot 69 pral tounen sèn kote mizik fè kò, kote pale vin chante, kote kilti vin respire.
Rapadou Twoubadou pa jis yon gwoup : se yon souf, yon pawòl, yon respè pou rasin ak rit yo. Chak mizik se yon istwa, chak tonalite se yon tras nan memwa pèp la. Se poutèt sa konsè 22 novanm nan pote plis pase yon fèt : li pote yon enèji nasyonal. Nan menm moman an, Grenadye yo ap ekri pwòp istwa pa yo ak kalifikasyon yo pou Mondyal 2026. Gwoup la salye eksplwa a epi envite peyi a selebre doub viktwa sila a : mizik k ap kenbe pèp la vivan, ak foutbòl k ap fè l leve tèt li.
Rapadou Twoubadou remèsye depi kounye a tout moun ki pral reponn prezan. Chak moun se yon nòt ki fè melodi peyi a pi rich. E jou sa a, n ap chante tankou tanbou : fò, fyè, ak endesan.
