Ventyèm syèk la prodwui yon moniman literè, yon eseyis, yon womansye, yon militant politik, yon nerològ. Eritaj li tèlman imans. Ineliktableman, se yon nesesite pou nou restitye savan ayisyen an ki fèt nan vil gonayiv 22 avril 1922. Jak Stefèn Aleksi egzije pou abode zèv li yo yon apròch transfontalye paske li manyen plizyè jan literè similtaneman. Apriyori, Kòman mwen te dekouvri Jak Stefèn Aleksi ?
Mwen pat fèt nan bibliyotèk, sa pat anpeche depi mwen tou piti, mwen te gen yon pasyon debodan pou literati. Li ak ekri se aktivite mwen te bay tout vi’m depi nan klas primè jiskaske mwen rive nan fakilte. Mwen dekouvri Jak Stefèn Aleksi nan medyatèk Pòtoprens kite sou Bwavèna a nan yon atelye ekriti direktè medyatèk la te konn oganize chak samdi. Se konsa kom jèn lektè, mwen pral tonbe sou premye woman otè a te pibliye « Konpè jeneral solèy » ki te soti pou la premye fwa nan edisyon galima nan lane 1955.
Se yon woman ak tèz nan resi an Jak Stefèn Aleksi mete yon pèsonaj prensipal Hilarius Hilarion, yon nèg enfotine ki soti Pòtoprens, akoz move la vi. Li oblije volè pou li manje. La polis kenbe li apresa yo bat li twakamo. Yo mete li nan prizon kote li ta pral rankontre yon militant kominis ki aprann li yon moral kont loksidan ki anpeche nèg yo oganize pouvwa politik la pou jayi lavi nan kominote a.
Le li soti nan prizon. Hilarion te konvtèi tèt li en kominis. Apre li te finn rankontre Claire Heureuse sou yon plaj, li marye avèk li. Hilarion premye pitit yo te konnen yon jwa ephemè. Helas ! Asasen fasis te tiye li. Li mouri pandan solèy la tap kalbende. Woman Jak Stefèn Aleksi ki se ayisyen natif natal gen yon stil tire kont et li prolonje manyè sanba yo. Se yon woman ilimine , ki pote anpil revòlt , ki revandike dwa pou mounn viv byen. Sikoloji pesosnag la reflete move kondisyon mounn ap viv.
« [D]ans la conjoncture historique actuelle, c’est d’abord avec le roman des peuples noirs et d’Amérique latine que le roman haïtien a une fraternité de combat. Tant que le racisme et l’impérialisme n’auront pas été définitivement liquidés sur la planète, les peuples noirs, les peuples de couleur et les peuples sous-développés devront se tenir fermement les mains. Faisons notre Bandoeng littéraire » in ou va le roman ?
Jak Stephen Aleksi te konsilye estetik literè li ak yon lojik konba. Pli lwen, li te deside pozisyone li ideyolojikman nan kouran maksis, anti-kolonial, kont emperialism. Donk, depi premye piblikasyon konpè jeneral soley apre li te kreye yon jounal ki pozisyone li nan lagoch ‘’La Ruche avec Rene Depestre elatriye. Li mobilize yon postila nan demach literè li an ki charye syans imen et sosyal , filozofi ansanm roman li yo pou edike kont sou-devlopman, movèz gouvenans, koripsyon , kont inegalite nan lide pou transfome , refonde premye Repiblik nwa. Il te entranzijan nan fason li ekri .
De tout evidans, nou kap konkli ke Jak Stefèn Aleksi se yon ekriven engaje nan tout totalite li. Pou nou alimante ipotez sa a, nou pral gade ki saka pase nan zèz literè li yo moso pa moso. Enspirasyon otè a telman prolifik, li pibliye ‘’ Les arbres musiciens nan edisyon galima en 1957. Nan validite entèn woman sa a, otè pa chanje ditou nan strikti retorico-agimantatif la. Ki s’ak pase nan resi an menm ?
Nan ‘’Les arbres musiciens ‘’ militant politik la ( Jak Stefèn Aleksi) plonge nou nan epòk dezyèm gè mondyal en menm tan li ale pi lwen fouye je gade kampay anti-sipestitye Legliz katolik lokal la te lanse kont mas ayisyen yo. Ekriven an kanpe yon resi kote li pran defans peyizan ayisyen yo ki trouve yo akoz feblès pouvwa politik la nan yon dinamik deposesyon, kote yo viktim, yo pran tè yo te genyen. Mwen gen enpresyon nenpot lektè ki ta vle konprann atikilasyon antre relijyon ak politik.
Se yon woman ou ta dwe li. Jak Stefèn Aleksi se yon filozòf nan demach li yo ki mobilize literati pou edike, pa selman pou konstwui bèl fraz, men konstwi yon postila qui charye praksis, konba, ideyoloji politik pou transfome premye Repiblik nwa. Pou rezon sa a, pèsonaj li kanpe nan woman li yo chak grenn pote yon diskou ki chita sou engajman. Leonie Osmin se yon politisyen k’ap fè kanpay jiskaske li rive eli kandida pa li a pou depite.
Pli lwen, pitit li yo tou nan fason yo kapap patisipe nan vi piblik ayisyen. Diyojèn rentre nan seminè. Li odone prèt katolik olye li panse mennen yon konba kont disfonksyonman systèm sosyal la. Li vire do bay konpatriyòt li, angajeli avèk tout enèji mistik nan mennen yon konba kont rityèl vodou, detwi oumf ò yo, asasinen ougan ak manbo, lenche vodouvi yo. Jak stefèn Aleksi nan pespèktiv li pwopoze yon politik sekilarizasyon nan espas piblik ayisyen.
Sak pa janm rive reyalize jiskamentnant. Legliz Katolik lokal kontinye domine espas politik ayisyen, kotinye jwi tout privilèj nan peyi an tankou: Franchiz dwanye, yo posede aprè leta a plis tè nan peyi an. Sak pi mal la prosedi edikasyon leta ayisyen an ap sibvansyone a pa rive frennen analfabetism lan nan peyi an. Edgar, ki se ofisye nan lame a enskri nan menm lojik mennen operasyon pou oprime peyizan yo retire tè yo nan men peyizan yo ki t’ap viv Fonparizyen. Bois- d’Orme Letiro nan konplisite ak General Miracin kontinye oprime peyi an. Lè peyizan yo santi yo about ak zak asasinay.
Yo reyini tout ougan nan rejyon yo e deside mete sou pye yon strateji. Gonaibo ki se protagonis prensipal woman sa a te en tèt mouvman rasanbleman sa a t’ap vi’v sèl nan etan an. Tout mounn ki konn istwa legliz katolik episkopal, romen an Ayiti san mwen pa nan demach sibvesif pou mal endemik enstitisyon sa a fè Ayiti.
Nou ta sipoze òganize nou choute yo ak koup pye. Jak Stefèn Aleksi nan konviksyon politik li kwè gen yon konplisite kont Ayiti kifèt ant Legliz katolik ak enstisyon oksidantal yo pou detwi peyi an nan yon pespetiv istorik. Mwem di tèt mwen sa t’ap yon yon parès entelektyèl si nou pa selebre eritaj teyorik Jak Stefèn Aleksi kite pou syans imanite yo, syans sosyal, at literati ayisyen sitou karibeyen yo.
Nan lojik sa a nou paka pale de literati ayisyen san restitye non sèlman ansanm prodiksyon ki repoze sou yon rekonesans syantifik transfontalye ki ta vle di Jak Stefèn Aleksi pa sèlman prodwui zèv literè eksklizivman, pli lwen nou pral wè sa nan tèks li yo angagman politik li nan kouran lagoch ki te a la mòd nan epòk kote militant politik lan te patisipe nan premye kongrè atis nwa en, rankontre plizyè militan nan lagoch la Maosetong, Fidel Castro pi lwen istwa ide politik ayisyen an pral konnen kreyasyon pati entant popilè militan kominis lan ta pral mete sou pye ak tout yon manifès politik.
De zan aprè li finn pibliye les arbres musiciens. Jak stefèn Aleksi trouve li nan yon proliksite sa ki pouse li pou pi devan nan menm stil literè ki mobilize literati comme yon instriman pou relaye yon kominitasyon politik kont dezimanizasyon, majinalizasyon pèp ayisyen an. Se konsa en 1959 , otè natif natal ayisyen pibliye ‘’ L’espace d’un cillement’’ Se yon kreyasyon literè ki nouvo nan woman ayisyen an pou jan konstriksyon pa janm sispann etone mounn. Otè a kanpe resi a sou sèt jou nan sèt chapit istwa a deroule pendan semen sen an e kanaval rara nan Potoprens
‘’ Le premier jour, ils se verront , le deuxieme jour, ils s’entendront parler …. Et ainsi de suite. Je voudrais faire une sorte de suspence des cinq sens’’
De tan zantan potrè de pèsonaj ki pote anpil kontradiksyon ak revandikasyon ta pral desine tèt yo en mod koko mak pou yon chanjman radikal striktiral La Nina Estrellita et El Caucho. Nou pral vi’v avèk yo peryod lekti sa. Nina Estrellita se yon bèl jenn fanm kiben ki emigre Potoprens. Li se yon prostitye nou ka pap konsidere li kòm vedèt sensayon ba akoz de opilans li. Li san eta dam , mounn ou ye pa entèrese li, li pa gen sansibilite pou pyès mounn akoz de metye l’ap mennen an, li pa atache ak mounn mwen pa bezwen di ou si li gen deteminasyon menm.
El Caucho se yon mekanisyen itineran ki soti kiba, k’ap fè tou mediterane karibeyen
« « Il est la parce qu’il en a envie. Il est dans son nuage ….. Il fait ce qui lui plait. Il mange moderement . Il va a la femme moderement …. A vrai dire, il a un vice , un gros : Il aime lire. Il lit n’importe quoi , mais prefere les bouquains difficiles a comprendre » »
Aposteryori ou byen avant tou konsiderasyon posib, sendike, li bay tèt li pou missyon defann oprime yo , pote revandikasyon yo devan klas politik la, li pran ris nan opoze li yo ak tiran yo ; tout rèv li ak anbisyon li se etabli yon sendika pou defann prostitye yo. Mwen menm pèsonelman mwen santi gen anpil ironi kay Jak Stefèn Aleksi nan jan li kanpe de protagonis sa yo. El caucho en menm tap mennen yon mòd de vi edonis jan an tan t’ap pase li te vinn Abitye ak sansasyon ba a li te profite espas sa a pou li obsève marin ameriken yo ki t’ap deplòtonen en grap se la li ta pral tonbe damou la Nina estrellita
« Et de sa place, au bout de la galerie, Nina observe la main de l’homme acoudee au bar, elle ne le quite pas des yeux. Cette patte donne l’illusion d’un gros crabe …L’homme a qui elle appartient doit placide, bon enfant. Ce doit etre amusant de danser avec l’homme qui dispose d’une telle main »
Se yon woman ki ekri nan yon etik filozofik ki chita sou kesyonman alterite nan gade kijan li posib pou envante yon modèl devlopman andojèn. Sitou santiman revòlt ki jayi nan obsevasyon El caucho nan jan l’ap gade blan meriken yo ki apropriye espas politik sosyal ayisyen an. Premye pati kritik filozofik, politik, ak literè m’ap fè sou Jak Stefèn Aleksi an konsène yon etik ki bay tet li pou misyon defini yon patisipasyon, ou byen yon konsèp an filozofi politik ke yo defini konsa « Alterite » nan twa zèv majè Jacques Stefen Aleksi yo mwen mansyone epi pote pwòp kiritk literè mwen sou yo ap poze yon powetik ki gen yon fondman etik k’ap entrèoge rapò ki egziste entre lyen e individyalite, ak kolektivite.
Menm etik sa a tou depase kad la nan chèche konprann mounn odinè yo ki mennen yon vi nan povrete ekstrèm, nan manyè invidividi yo oganize vi yo nan kolektivite a. Pou nou fini ak chapit sa a ki konsilye etik, pwezi ak, yon literati ki chita sou angajman abouti ak yon sèl eksperyans kise lanmou.
Taberneau Louis-jeune
