Nou konen sa Ayiti vo,
Eritaj sa, li pa pou yo!
Se byen pa nou,
Ba li lanmou,
Rele'l, chè mèt, e chè mètrès,
Yon refuj si nou gen estrès!
Nou pa dwe janm abandone'l,
Ni panse nou ka iyore'l.
Pa kite yo mete'n deyò,
Repete sa ankò, ankò'
Se nan kè nou li dwe rete,
Nan lespri nou, san rete.
Nou ka deplase, ale byen lwen,
Nou dwe sou li ap panse byen,
Ke gen yon jou pou nou tounen,
Lakou lakay la, se pa pou ryen.
Ti moun yo, ke nou fè deyò, Panse kon sa, yo pa bal bò,
Se yon devwa pou fè yo wè,
Yo se Ayisyen, wè pa wè.
Nou dwe toujou fè yo konprann,
Peyi a, se yon vrè manman,
Sa yo ta ka santi pou li,
Pa dwe pou nou, panse fini.
Peyi ya se yon wòch byen fò,
Pou ni andan e ni deyò,
Ayiti sa, li ba nou vwa,
Se yon istwa ki ba nou dwa.
Nou ka deyò, panse tounen,
Nan lespri nou tout la jounen,
Nou dwe toujou genyen yon plan,
Pou peyi sa rete vivan.
Se pou nou tout chèche konnen,
Sa li sere pou nou demen.
kontinye pote li nan kè
Si nou deyò, ki sa n’ka fè.
Nou se yon sèl, yon pèp ki fò,
Sispan panse ke nou gen tò.
Nou ka danse, chante ak fòs,
Nou deyò vre men fèm opòs!
Dr. James Joseph (Didi)