Anpil inivèsitè, mizisyen, entèlektyèl, jounalis oubyen pwofesyonèl kilti yo, sa ki konsyan ak sa ki pa konsyan enskri yo nan demach sikològ koyitif Steven Pinker pou di mizik se sèlman yon aktivite lwazi, pastan. Kidonk, pou repete sikològ la, « un cocktail de drogues récréatives ». Konsa lwazi sa yo pa kontribye pou yo defini kiyès nou ye antanke vivan imen anpi sèvo nou pa evolye pou pran plezi li nan aktivite mizikal sa yo ki pa pote anyen kòm benefis pou adaptasyon lòm nan nati a.
Pozisyon Pinker a se rive bay yon kad syantifik pou reflechi sou plas ak fonksyon mizik nan lavi krityen-vivan. Jan n di pi wo a, pou li, se vre mizik se yon pwodui evolisyon men ki pa kontribye nan bay jarèt ak konpetans sikolojik lakay lòm: se sèlman yon aktivite ki bay plezi anpi nan kèk ka ki bay kreyasyon èv atizay pou pwodui labote. Sa rive fèt, se gras ak kèk konpetans fondamantal ki lakay lòm ki te rive devlope nan objektif pou reyalize aktivite SERYE.
Ak linèt eksperimantal sikoloji koyitif, newosyans E. Bigand ak B. Tillmann ak antwopobiyoloji filozofik langaj Jacques Poulain nou rejte apwòch sikològ koyitif Steven Pinker a paske li inyore mizik se yon nesesite biyolojik lakay lòm, anpi mizik kontribye nan transfòme sèvo li nan objektif pou rezoud pwoblèm adaptasyon ki desizif pou vivasyon li. Pou dayè, nan ven denyè ane ki sot pase yo, rechèch nan newosyans koyitif montre klèman gwo efè mizik sou sèvo lòm.
Nan menm apwòch newo-koyitif sa a dyalòg mizikal kòm pwosede ritmiko-pwozayik gen kapasite pou l geri apati lakay lòm loske li pa rive sonje kèk pasaj nan lavi li. Li geri sila ki afazi yo tou oubyen sila ki sibi twoub langaj ak memwa, sitou lè pasyan sa yo pa rive itilize lapawòl pou yo kominike. Sa vle di mizik gen dimansyon terapetik jan newològ Oliver Sacks wè li nan liv li ki rele «Musicophilia». Anfen, tande mizik gen kapasite pou rezoud konfli koyitif yo pandan l ap aktive kapasite memwa nou anpi pou l libere n anba kontraryete koyitif kominikasyonèl yo.
Nan sa ki gen awè ak mizik ayisyen, etandone n ap pale sou mizik Konpa, preyokipasyon n pou li menm jan ak tout lòt rit ayisyen yo, se pa chache fè listwa l oubyen gade dimansyon patrimonyal li oubyen tou gade jan atis yo mime kriz sosyal ak politik, chante lanmou oubyen pote leson moral, elatriye men se pito ouvri diskisyon pou gade kòman estil mizik sa a kapab kontribye nan favorize aprantisaj lakay timoun yo ak nan lekòl? Kòman mizik konpa atravè makè ekspresif yo (tenb, rit, melodi) kapab patisipe nan swanye maladi ki gen pou wè ak mantal? Kòman estil mizik Konpa a kapab favorize viv ansanm nan devlope konpetans koyitif ak afektif?
Nan sans sa a nou pran kòm materyo pawòl ki chante yo anpremye aprè nou pran enstrimantal la. Poukisa n pran pawòl ki chante yo avan? paske depi nan vant manman nou, nan relasyon n ak langaj eksteryè nou te aprann ke nou chante avan nou pale.
Orso Antonio DORÉLUS