Solèy la cho kon pate cho
Solèy la desann Mòn Dede
Solèy la pase Sentantwàn
Solèy la chita Pòsmachan
Machann labapen desounen
Machann fresko mete siwo
Machann akasan jete dlo
Machann pèpè peye pote
Machann bega koupe rache
Machann mabi koupe fache
Machann pistach pote boure
Machann kleren ap balanse
Machann tablèt peze souse
Machann jouman lave latya w
Lapolis ka fè arimay
Lapolis sou fè deblozay
Ti gason retounen lakay
W a pran sèso nan rachepwèl
W a bwè bon dlo nan kanari
Ougan pa ba w pwen pou kafou
Lwa yo depale nan govi
Foumi mouri anba sak sik
Djòlè dechoukè delala
Kriminèl asasen pè san
Genyen wi laa !...genyen nan bouk…
Christophélès
(Goudougoudou karateka et autres textes sismo-poétiques, 2025)