NABU: pou yon ranfòsman santiman idantitè kay ti Ayisyen

0
479

Nan mwa novanm 2024, NABU fè Emisyon Konbit Liv Timoun ak Premye Bibliyotèk Timoun Ayiti don plizyè dizèn liv. Se gras Madam Alexandra JEANTY-LECLERC ak Madam Françoise Beaulieu THYBULLE liv sa yo te rive jwenn timoun yo. Nonsèlman lespri pataj, solidarite ak jès lanmou an atire atansyon nou, men se sitou kalite liv yo epi ankò konsyans lengwistik ki travèse NABU ki pi enpòtan ankò. Tout liv nou resevwa yo an kreyòl tou. 

Demach sa montre aklè vizyon NABU genyen nan kesyon difizyon, pwomosyon an demokratizasyon konesans. Pa gen wout pa bwa, pi bon fason pou gide timoun yo se pèmèt yo jwenn konesans nan lang manman ak papa yo pandan nou p ap mete akote okenn lòt lang. Okontrè, nou ankouraje tout timoun aprann kantite lang yo kapab. Men yo dwe rete soude ak lang manman ak papa yo. Lang lan kòm yonn nan pilye kiltirèl yon nasyon genyen, se yonn nan prensipal chimen ki mennen timoun yo kwaze ak idantite yo, kilti yo, valè sosyete a pataje, elatriye. Se yonn nan premye sinyal pou nou voye si nou vle demen vin pi bèl: fè tout sa nou kapab pou timoun yo dekouvri tèt yo, dekouvri lavi, dekouvri istwa peyi yo, pandan y ap dekouvri lòt sivilizasyon tou.

Nan tit nou resevwa yo, nou ka site : Maya renmen mango, Kiki pral Aken, Yon gato pou Solange, Epòk drapo nan Tigwav, Ti Papiyon, Didi renmen siwo myèl, Bibin Reve Lanati, Pi bon soup joumou an, Jounen nasyonal monte kap an Ayiti, Abi ak ti Sirèn nan, Peyi mwen, Prensès Manita, Lila ap jwe boul... Sa ki fè plis pase 170 liv.

N ap raple, NABU se yon òganizasyon 501 (c) (3) ki baze nan lakou Nouyòk ki gen kòm misyon pou rezoud pwoblèm balans ki pa egziste nan jan liv timoun kreye ak distribye pou tout timoun kapab jwenn yon chans pou li epi reyalize tout potansyèl yo.

NABU te travay sou yon dividal koleksyon pou ede ranfòse santiman idantitè ti Ayisyen. Se yon pwojè ki merite ankouraje pou pèmèt sosyete ayisyen an pran yon lòt direksyon. Nou gen devwa ak obligasyon pou pèmèt tout timoun jwenn liv nan lang yo konprann nan. Se konsa n ap rive bati yon peyi kote konesans p ap zafè yon ti gwoup moun.

Mèsi NABU pou sipò ou.

Emisyon Konbit Liv Timoun ak Premye Bibliyotèk Timoun Ayiti se inisyativ Observatoire Patrimoine pran pou ede timoun yo rete kole ak konesans, liv, kilti, idantite ayisyen an. Nou pèmèt timoun yo reve yon pi bon demen. Tout moun kapab suiv emisyon Konbit Liv Timoun sou Facebook, YouTube ak sou tout lòt platfòm nimerik yo. Pou kontak ak sipò : observatoirepatrimoine.ht@gmail.com oubyen WhatsApp: +50933502834

Iléus PAPILLON

Prezidan Observatoire Patrimoine

Animatè emisyon Konbit Liv Timoun

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES