GWOJEMONI NAN RASIN LEKÒL TÈT AN BA NAN PEYI TÈT AN BA (1e pati)

Pwòf Michel DeGraff | 29 jen 2022

MIT Linguistics & Philosophy | Inisyativ MIT-Ayiti | Akademi Kreyòl Ayisyen

@MichelDeGraff @MITHaiti @MIT

 

DEFINISYON « GWOJEMONI » — GWO JE ETRANJE AK GWO JE LOKAL

Pwòf Serge Madhere pa flate tèt li ak okenn tit « lengwis-tèminològ ».  Men, se li menm menm ki envante nouvo mo kreyòl sa a, « gwojemoni », depi an 2016 :

https://www.facebook.com/serge.madhere.5/posts/pfbid0oDXt2tM9sCZy3VPwibp9R7u1GzvSK1tKVpy5pYYeXEa6YjvVbnngrfs9szYnR1rgl

 Epi « gwojemoni » rive antre nan vokabilè kreyòl la kòm yon ekivalan pou mo franse « hégémonie » ak mo angle « hegemony ».  Nan dat 24 avril 2022, Pwòf Madhere esplike m istorik mo sa a :

 

« … Se te an 2016. Mwen t ap travay sou yon fòmil matematik pou m te ka idantifye epi mezire ki faktò ki pi nesesè pou devlòpman yon nasyon. Pou m te rive fè sa, mwen vin oblije ap egzamine diferans nan degre avansman ki genyen ant gwo peyi ak ti peyi. Natirèlman, kesyon sou resous yo vin poze. Se atò mwen vin reyalize ki jan listwa ak ekonomi politik montre gwo nasyon modèn yo toujou gen yon tandans ‘ejemonik’ lakay yo nan yon moman oswa nan yon lòt : yo gen JE yo sou sous resous ak richès lòt peyi epi se sa ki lakòz, anpil fwa, y al fè lagè. Lè m reflechi sou tandans sa a nan kad kilti nou, mwen vin wè se GWO JE, wi, peyi sa yo genyen sou zafè moun : yo pa janm kontante de pa yo a sèlman epi yo bezwen pran pa lòt (ki pi piti oswa pi fèb) pou yo monte chay pa yo pi wo.

Se sou baz sa a mwen kreyolize mo ‘hégémonie’ an : mwen fè li tounen ‘GWOJEMONI’…

 

POU SA KI ENTERESE W LA, PA BLIYE ANPIL FWA GWO NASYON YO PA T AP KAPAB TABLI PWOJÈ GWOJEMONIK YO A SI YO PA TE JWENN AJAN LOKAL KI POU EDE YO METE GWOJEMONI AN PLAS. »

Nan esplikasyon sa a, nou wè ki jan fonksyonnman gwojemoni depann de faktò jeyo politik ki an DEYÒ peyi a epi, tou, gen faktò ki ANNDAN peyi a menm, « ajan lokal » yo, k ap defann enterè pèsonèl pa yo pandan y ap kolabore ak puisans ekstèn yo — puisans kolonyal oswa neyo kolonyal yo.  Se mwen ki mete tout lèt majiskil sa yo nan dènye paragraf nan sitasyon an paske se faktò « ajan lokal » la ki pral sèvi kòm tematik prensipal nan atik w ap li a, sitou nan 2yèm pati atik la kote mwen pral analize, an detay, diskou ajan lokal pami Akademisyen nan Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) k ap bay franse priyorite sou kreyòl.  Men, pou n kòmanse, fòk nou gade 2 kategori faktò sa yo — jeyo politikal ak lokal —  youn apre lòt.

 

GWOJEMONI — GWO JE ETRANJE (JEYO POLITIK)

Konsènan FAKTÒ JEYO POLITIK k ap bloke Ayiti nan lamizè : Nou deja konnen ki wòl peyi ewopeyen yo, sitou Lespay, Lafrans epi Etazini, te jwe pou yo fè dappiyanp sou resous zile a. Gwo je etranje sa yo, se sa Pwòf Sosyològ Jean Casimir rele « Lagrandyab » nan analiz li sou « 2 men klas mwayèn lan ».  Dappiyanp Lagrandyab sa a te kòmanse depi lè Kristòf Kolon te debake ann Ayiti an 1492 epi Espayòl yo te vin rele Ayiti « Ispanyola » — ki vle di… « ti Espay » ! Dappiyanp lan te vin kontinye nan Sen Domeng kòm « Perle des Antilles » epi Charles X ak Boyer te vin ban nou frap ranson 1825 lan, epi nou pase nan okipasyon ameriken (1915–1934) rive jounen jodi a nan 21yèm syèk la kote n ap pase tray toujou. 

Nan analiz Pwòf Marlene Daut, kokenn chenn dèt sa a Wa Charles X te vin enpoze sou Ayiti depi 1825 se rezilta « Lafrans [ki] te tòde men Ayiti [nan] pi gwo vòl nan listwa ». Jounen jodi a, dèt sa a — egal : kantite lajan pou Lafrans ta remèt Ayiti — genlè depase 28 milya dola.  Epi Marlene Daut byen esplike ki jan « Lafrans bati pwosperite li sou do mizè Ayiti ». Youn nan rechèch ki pi pwofonde nan dosye pwosperite Lafrans sou do Ayiti se travay ekip Thomas Piketty nan peyi Lafrans epi nouvo atik nan New York Times nan mwa d me 2022 ki demontre klè Ayiti pa t ap fouti ka devlope apre kokenn chenn ranson sa a.

Ki donk fòk nou sispann repete « Ayiti se peyi ki pi pòv nan emisfè lwès la ».  Verite sou tanbou : Ayiti se peyi Lagrandyab pi plis apovri nan monn lan !

 

GWOJEMONI — GWO JE LOKAL (MOUN « AN WO » SOU TÈT MOUN « AN BA ») K AP SÈVI ENTERÈ GWO JE ETRANJE

Kounye a, an n kite kantik pran priyè : An n antre nan faktò ENTÈN konsènan ajan lokal sa yo k ap kore dominasyon « gwo » peyi gwojemonik k ap bwè pwa sou tèt « ti » peyi tankou Ayiti ki toujou ap soufri an ba bòt neyo kolonyal gran puisans yo.  Lè n ap gade faktò entèn sa yo, fòk nou konsidere konsekans kiltirèl ak sikolojik fenomèn « gwojemoni » a — selon analiz filozòf Antonio Gramsci, sikyat Frantz Fanon, ekriven Ngũgĩ Wa Thiong’o, antwopològ Jean Price-Mars ak lòt syantis k ap analize sistèm dominasyon k ap krebete lespri pami moun ki kolonize yo e ata pami sila yo ki, legalman, pa kolonize ankò.

Nan dimansyon kiltirèl konsekans gwojemoni, Antonio Gramsci te analize ki jan elit yo (« moun an wo » yo) rive mete chenn mantal nan lespri pifò moun nan mas popilasyon (« moun an ba » yo).  Se chenn mantal sa yo ki fè gen moun pami mas popilasyon an ki adopte menm yerachi valè ki nan enterè elit la ak enterè puisans kapitalis enperyalis yo — menm lè yerachi sa yo pa sèvi enterè klas pwoletarya a ansanm ak majorite popilasyon an. Nan 2yèm patik atik la, nou pral detaye epi analize yon ka kon sa.  Epi, tou, se kon sa chenn mantal sa yo vin sèvi kòm zouti pou moun an wo yo ansanm ak pouvwa kapitalis enperyalis yo domine nasyon ki pi fèb yo ansanm ak klas popilè yo.

Nan dosye « ranson » Lafrans kont Ayiti, nou menm jwenn elit lokal tankou Pwòf Pierre Buteau, Prezidans Sosyete Ayisyen pou Istwa, Jeyografi ak Jeyoloji, ki di se sèlman « reparasyon senbolik » Ayiti bezwen nan men Lafrans.  Epi gen Pwòf Jean-Marie Theodat ki deklare dappiyanp 1825 lan se te yon tranzaksyon « pèdan pèdan » kote se ni Ayiti ni Lafrans ki pèdi : Ayiti pèdi nan finans li (plis pase 28 milya dola !) pandan Lafrans pèdi nan … otorite moral li — kòm si Lafrans te janm gen otorite moral pou l pèdi apre syèk kolonizasyon, esklavaj, jenosid, vòl e latriye.  Nan dosye sa a, nou wè klè ki jan diskou ajan lokal yo nan klas mwayèn lan ap sèvi enterè puisans entènasyonal yo — enterè Lagrandyab, dapre analiz Jean Casimir sou 2 men klas mwayèn lan.

 

DEZEKILIB GWOJEMONIK NAN « BILENGWIS EKILIBRE », « PARITE LENGWISTIK » AK « FRANKOFONI »

Enben, se kon sa, tou, nan dosye lang ak edikasyon, ajannda ki sèvi enterè elit lokal yo ansanm ak enterè Lafrans vin kore yon reprezantasyon dezekilibre pou 2 lang ofisyèl yo nan peyi d Ayiti (kreyòl ak franse).  Se kòm ki dirè fòk gen « parite lengwistik » ant 2 lang ofisyèl sa yo epi fòk se tout Ayisyen ki ta dwe pratike « bilengwis ekilibre » — paske, nan analiz gwojemonik sa a, se tou lè 2 lang sa yo ki dwe chita nan menm nivo nan patrimwàn nou kòm nasyon.

Pou ki sa mwen di pawòl « parite lengwistik » ak « bilengwis ekilibre » sa yo se pawòl ki antre nan ajannda « gwojemoni » ?  Se paske, nan yon peyi kote majorite popilasyon an pale yon grenn lang (kreyòl) epi se yon ti pousantaj tou zuit ki deja alèz nan pale 2 lang yo (kreyòl ak franse), « bilengwis ekilibre » sa a tou pote bèl avantaj pou moun sa yo ki DEJA gen opòtinite pou yo aprann 2 lang yo fasil fasil nan anviwonnman klas sosyal yo, fanmi yo e latriye, anvan menm yo rantre lekòl.  Wi, si n ap mande pou se tout popilasyon an ki dwe vin pale 2 lang yo nan menm nivo konpetans pou yo ka reyisi lekòl, pwofite sèvis leta, jwenn travay, e latriye, enben, sa tou kreye yon dezekilib malouk ant gwo majorite sa a ki pale kreyòl sèlman epi ti minorite zuit la ki deja bileng depi an lagan paske y ap benyen tout la sent jounen nan 2 lang yo depi nan vant manman.

Se pwoblematik sa a Minis Joseph C. Bernard te deja konprann depi an 1982 lè l te pibliye  « Décret organisant le système éducatif haïtien en vue d'offrir des chances égales à tous et de refléter la culture haïtienne ». Dekrè sa a te mande klè pou se lang kreyòl la ki sèvi kòm lang ansèyman nan 10 premye ane lekòl epi franse ta vin sèvi kòm 2yèm lang ansèyman, ansanm ak kreyòl, kòmanse nan 6yèm ane fondamantal — apre ti moun yo pase 5 premye ane yo y ap aprann franse sou ban lekòl kòm yon 2yèm lang. Objektif la, vreman vre, se te pou sistèm lekòl la respekte idantite ti moun yo kòm Ayisyen epi pou lekòl la sèvi ak lang nasyonal la pou ti moun yo ka patisipe djanm djanm nan fabrikasyon bon jan konesans selon prensip syantifik nan fondasyon metòd aprantisaj aktif.  Se kon sa, tou, aprenan yo ap ka vin pi maton nan aprann franse kòm 2yèm lang.

Malgre fondasyon syantifik solid nan nannan Refòm Bernard sa a, jounen jodi a, genlè puisans neyo kolonyal kapitalis Lafrans toujou vle fè n kwè se lang FRANSE a ki fè idantite nou kòm nasyon.  E, poutan, se PIFÒ AYISYEN KI PA METRIZE FRANSE DITOU PYÈS epi se 100% popilasyon an ki pale KREYÒL kòm lang NATIF NATAL — lang ki « simante tout Ayisyen nèt ansanm » (Atik 5, Konstitisyon 1987). Se depi an 1974 Prezidan Giscard d’Estaing te esplike a klè ki jan Frankofoni se strateji « soft power » (« pouvwa mòl ») Lafrans k ap chache sèvi ak lang franse pou l vale teren nan relasyon ekonomik ak jeyo politik li nan peyi Sid yo.  Nan analiz Giscard d’Estaing, lang franse a dwe sèvi pou Lafrans jwenn pi plis avantaj finansye pa rapò ak peyi Sid sa yo ki gen lang franse kòm lang ofisyèl, lang ansèyman, lang administrasyon, e latriye. Lang franse a sèvi kòm zouti pou vann pwodui Lafrans e pou kore kontwòl Lafrans nan esplwatasyon resous peyi Sid sa yo.

Estrateji Frankofoni sa a vin byen kadre ak objektif « parite lengwistik » ak « bilengwis ekilibre » ki nan ajannda sèten entelektyèl k ap chache enfliyanse konsyans kolektif popilasyon an.  Dapre pwofil lengwistik popilasyon peyi d Ayiti, kote majorite a sèlman benyen nan yon grenn lang (kreyòl), objektif « bilengwis ekilibre » ak « parite lengwistik » sa yo pa chita sou syans lengwistik ak syans edikasyon.  Pifò anseyan pa metrize franse ; ale wè pou aprenan yo !  Ki donk se sèl demagoji ak pwopagann ki ka kontinye pwone objektif enposib sa yo kòm ki dirè metriz kreyòl ak metriz franse ta dwe rive nan menm nivo nan pratik lengwistik tout popilasyon an.

Lè n aplike analiz Gramsci sou sitiyasyon Ayiti a, nou ka di pwopagann sa a pou « parite lengwistik » ak « bilengwis ekilibre » se zouti gwojemoni lokal paske sa bay « moun an wo »  yo, ki deja bileng an franse ak kreyòl, avantaj bab e moustach sou tèt « moun an ba » yo ki pale kreyòl sèlman nan kominote yo e ki pa benyen nan okenn milye sosyal ki pou ta ede yo jwenn okenn « ekilib » nan pratik 2 lang yo. Kòm « moun an ba » sila yo ki pale kreyòl sèlman se gran majorite popilasyon an, yon politik lengwistik ki vreman ekilibre ta dwe mande pou se gwoup ki pi piti a (egal : bileng yo) ki ta dwe akomode majorite a.  Si ta dwe gen yon politik lengwisitik ki « eklibre » vre, fòk ekilib sa a ta rekonèt e valorize pwofil lengwistik gwo majorite sa a ki gen kreyòl kòm sèl grenn lang ki rele yo chè mèt chè mètrès.

Tout detay sa yo mennen nou nan yon grenn konklizyon : Objektik « bilengwis ekilibre » ak « parite lengwistik » sa a se yon estrateji an ba chal k ap pote bèl benefis ekonomik ak politik pou sila yo ki deja bileng — pandan y ap kore ajannda ekonomik ak politik Lafrans kòm puisans neyo kolonyal ki toujou ap sèvi ak « soft power » lang franse pou l chache domine Ayiti ak lòt peyi Sid yo ki swa dizan « frankofòn ».

 

WI, « FRANKOFOLI » SE YOUN NAN RASIN LEKÒL TÈT AN BA NAN PEYI TÈT AN BA

Nan ka lekòl nan peyi d Ayiti, lè anseyan yo ap anseye (oswa lè y ap ESEYE anseye) an franse kòm lang ansèyman, sa kreye yon sistèm lekòl tèt an ba kote, sila yo ki deja konn pale franse ak kreyòl kòm lang natif natal pa yo, y ap toujou jwenn gwo avantaj sou sila yo ki sèlman pale kreyòl nan kominote pa yo.  Enben, se kon sa, depi syèk, sistèm gwojemoni entèn sa a vin garanti avantaj ekonomik pou elit la. Egal : Sistèm lekòl tèt an ba sa a ap kenbe « moun an ba » yo an ba nèt pandan « moun an wo » ap pwofite de sistèm lan.  Epi se menm « moun an wo » sa yo k ap mande pou franse rete sèl kòk chante nan lekòl e k ap kore preferans pou franse (« frankofili ») kòm zam dominasyon ki tou pwofite Lafrans kòm puisans neyo kolonyal.  Se kon sa, tou, lang franse a vin sèvi kòm « soft power » pou enterè Lafrans ansanm ak enterè ajan lokal sa yo k ap pwone frankofili nan divès sektè sosyete a — sitou nan lekòl yo.

Kounye a, nou fin detaye 2 engredyan kle ki nan definisyon « gwojemoni » dapre Pwòf Serge Madhere : premyeman, goumen sou echikye jeyo politik entènasyonal la pami gran puisans yo ; dezyèmman, goumen sou echikye klas sosyal yo kote ajan lokal pami « moun an wo » yo ap sèvi ak lang ak edikasyon pou dominasyon kont mas popilasyon an pandan y ap vyole dwa « moun an ba » yo.

Nan 2yèm pati atik la, nou pral aplike kad teyorik sa a (gwojemoni jeyo politik + gwojemoni lokal) nan domèn lang lang ak edikasyon pou n analize an detay yon echantiyon enpòtan pami diskou ak aksyon « ajan lokal » k ap kore gwojemoni jeyo politik k ap sèvi peyi Lafrans.  N ap pran echantiyon sa a pami diskou frankofil sèten Akademisyen nan Akademi Kreyòl Ayisyen. Sa tris anpil lè diskou sa yo bay franse priyorite sou lang kreyòl la. Men, fòk nou dimistifye diskou sa yo pou n bati fondasyon solid pou lekòl tèt an wo — pou peyi tèt an wo.  Se sa nou pral fè nan 2yèm pati atik la…

 

Bibliyografi pou 1e pati atik la :

Refòm Minis Joseph C. Bernard (1982) epi mi wo mi ba ann apre :

https://twitter.com/MITHaiti/status/1434341743118409736?s=20

https://www.facebook.com/michel.degraff/posts/10159644420583872

 

Alexandra Breau (2015) konsènan « Aristide et la France : Les raisons de la discorde »

https://www.facebook.com/791208871/posts/10154491294563872/

 

Pierre Buteau (2022) konsènan ranson Lafrans kont Ayiti :

https://www.facebook.com/791208871/posts/pfbid0XPBLW8BocgvkvQxjGuogDRL1vF4ejDRUXC7DnYK3T6WCpaB8WKZvj3VyD4segUkBl/?d=n

 

Jean Casimir (2021) konsènan « 2 men klas mwayèn lan » :

https://mit-ayiti.net/resous/klas-mwayen/

 

Marlene Daut (2020) konsènan ranson Lafrans kont Ayiti :

http://woymagazine.com/cr/2020/07/17/jan-lafrans-te-tode-men-ayiti-pi-gwo-vol-nan-listwa/

 

Michel DeGraff (2015) konsènan « Le devoir néocolonial et le non-devoir devoir de maison du président François Hollande »

https://lenouvelliste.com/article/144761/le-devoir-neocolonial-et-le-non-devoir-devoir-de-maison-du-president-francois-hollande

 

Michel DeGraff (2017) konsènan « Diskriminasyon lengwistik ann Ayiti » :

https://www.opendemocracy.net/en/openglobalrights-openpage/diskriminasyon-lengwistik-ann-ayiti-se-yon-mepri-pou-dwa-timoun-epi-/

 

Michel DeGraff (2021) konsènan « Rèv Yves Dejean, rèv mwen, rèv ou, rè nou … pou solèy edikasyon rive klere an kreyòl » :

http://lingphil.scripts.mit.edu/papers/degraff/DeGraff_2021_Rev_Yves_Dejean.pdf

 

Michel DeGraff (2021) konsènan « Nan ki lang lajistis dwe pale ? » :

https://culanth.org/fieldsights/what-does-justice-sound-like

 

Ki moun ki Frantz Fanon ?

https://fr.wikipedia.org/wiki/Frantz_Fanon

 

Valéry Giscard d’Estaing (1974) konsènan filozofi ak objektif Frankofoni :

https://www.facebook.com/791208871/posts/10152885405933872/

 

Antonio Gramsci konsènan ejemoni :

https://en.wikipedia.org/wiki/Antonio_Gramsci

https://fr.wikipedia.org/wiki/H%C3%A9g%C3%A9monie_culturelle

 

Diskou François Hollande (2014) sou idantite Ayiti :

https://twitter.com/micheldegraff/status/1278760305795964930?s=21

 

Ki moun ki Jean Price-Mars ?

https://fr.wikipedia.org/wiki/Jean_Price_Mars

 

Thomas Lalime (2020) konsènan ranson Lafrans kont Ayiti :

https://lenouvelliste.com/article/211316/au-minimum-la-france-devrait-rembourser-plus-de-28-milliards-de-dollars-americains-a-haiti-aujourdhui-soutient-le-celebre-economiste-francais-thomas-piketty

https://www.facebook.com/radiocentreville.cinq.3/videos/210861893292495

 

Serge Madhere (2016) konsènan « gwojemoni » :

https://www.facebook.com/serge.madhere.5/posts/pfbid0oDXt2tM9sCZy3VPwibp9R7u1GzvSK1tKVpy5pYYeXEa6YjvVbnngrfs9szYnR1rgl

 

New York Times (2022) konsènan ranson Lafrans kont Ayiti :

https://www.nytimes.com/ht/2022/05/20/world/ayiti-lafrans-esklavaj-etazini.html

 

Thomas Piketty (2020) konsènan ranson Lafrans kont Ayiti :

https://lenouvelliste.com/article/211316/au-minimum-la-france-devrait-rembourser-plus-de-28-milliards-de-dollars-americains-a-haiti-aujourdhui-soutient-le-celebre-economiste-francais-thomas-piketty

 

Jean-Marie Theodat (2022) konsènan ranson Lafrans kont Ayiti :

https://www.facebook.com/791208871/posts/pfbid02Gw6q8a1ZEQLK74D69VdTBNk6x8AoCzUEwh1ychzfEMDYa4C9ngDaq6H5ynha9cHUl/?d=n

 

Ki moun ki Ngũgĩ Wa Thiong’o ?

https://fr.wikipedia.org/wiki/Ngugi_wa_Thiong%27o

 

 

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

2 COMMENTAIRES