Nan yon videyo ki dire 3 minit ak 42 segond, Minis Niola Lynn S. D. Octavius prezante bilan li reyalize nan tèt ministè a soti jen 2024 rive janvye 2026. Li remèsye ansyen Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an ansanm ak Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé pou konfyans yo te mete nan li pandan yo pèmèt li sèvi peyi a.
Minis lan fè konnen bilan sa rantre nan kad yon chimen ekip li an trase pou rekonstwi ministè a avèk metòd, disiplin ak sans leta. Depi mwa jen 2024 yo lanse plizyè aksyon pou bay MJSAC yon kad legal, òganizasyonèl ak administratif solid ki kapab soutni politik piblik yo.
Nimewo 1 ministè a mete aksan sou konviksyon li: san enstitisyon ki stab, pa gen politik efikas pou jènès, espò ak aksyon sivik. Nan yon kontèks nasyonal ki chaje ak kontrent, yo chwazi refòm, òganizasyon ak kontinite kòm prensip pou dirije aksyon yo. Li ajoute tout travay ki lanse yo fèt ak yon vizyon ki gade pi lwen pase lorizon, ak objektif pou ranfòse lyen ant Leta ak jènès la.
Jenès la, yon fòs endispansab pou devlopman
Minis Octavius raple misyon li se ankadre jenès la. Pou li, lajènès se yon fòs endispansab pou devlopman peyi a. Espò a sèvi kòm zouti koyezyon sosyal ki transmèt valè tankou disiplin, respè ak pèseverans. Aksyon sivik la, li menm, se yon espas sitwayen ki mennen nan konstriksyon yon lòt kalite nasyon.
Sansibilize jenès la pou eleksyon yo
Minis lan anonse brigadye ak aksyon sivik yo deja mobilize pou bon dewoulman eleksyon yo ane sa. Li lanse yon apèl ak jenès la pou yo pote kole nan siksè pwosesis elektoral la: pou yo angaje yo kòm kandida epi pou yo vote an mas.
Mobilizasyon pou Grenadye yo nan Mondyal 2026
Depi enstalasyon li an jen 2024, Minis Octavius te lanse mobilizasyon pou ede Grenadye yo kalifye pou Mondyal la. Jou 18 novanm 2025, objektif sa te rive vre lè Grenadye yo jwenn kalifikasyon yo pou Koup Dimond 2026 la. Minis lan fè konnen, avèk sipò Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, gouvènman an ap kontinye travay ansanm ak lòt sektè pou Ayiti bay yon bèl prestasyon nan konpetisyon an.
Pèspektiv pou ane 2026
Minis Octavius deklare 2026 se yon chantye refòm kote:
- Reyabilitasyon enfrastrikti yo dwe vin yon reyalite
- Modernizasyon administratif la dwe byen enstale
- Patenarya yo dwe vin pi laj ak pi solid
Pou fini, Minis Niola Lynn S. D. Octavius raple ke bilan li reflete pwomès li te fè nan jen 2024 pandan diskou envestiti li: “Yon pawòl dwe rete yon pawòl.”
Gérald Bordes
