Direktè Jeneral Institut National de Formation Professionnelle (INFP) prezante rapò l sou resansman Sant pwofesyonèl prive yo, sou yon evantyèl avan pwojè lwa sou finansman Fòmasyon Pwofesyonèl peyi a ak sou vizit li nan gran Nò ak Sidès peyi a.
Jou mèkredi 6 me a vè 10 :00 nan maten, nan sal konferans INFP devan plizyè kad ak konfrè Laprès, Direktè Jeneral INFP a, Me Franck LAUTURE prezante rapò l, premyèman, sou rezilta resansman Sant pwofesyonèl prive yo. Dezyèmman, sou yon evantyèl avan pwojè lwa sou finansman Fòmasyon Pwofesyonèl peyi a. Anfen, sou vizit li nan gran Nò ak Sidès peyi a.
Konsènan rezilta resansman an
Jan ke m te gentan rapòte l nan 2 atik presedan yo: Responsab yo nan INFP Lanse yon resansman nan pwofi tout lekòl pwofesyonèl prive yo, l ap dire yon mwa, sòti premye pou bout 30 avril 2026 la . ak, Institut National de Formation Professionnelle (INFP), resansman pou Sant fòmasyon prive yo.
Selon Me Franck LAUTURE, aktyèl DG INFP a, genyen 427 Sant pwofesyonèl prive ki rive anrejistre a pati de fòmilè ke nou te mete disponib anliy pou sa. Nan menm lide sila a, antèm de rezilta : depatman Lwès rive an tèt ak 142 Sant pwofesyonèl prive anrejistre, depatman Latibonit ak 65 Sant, depatman Sidès ak 60 Sant, depatman Sant (Plato Santral) ak 36 Sant, depatman Nò ak 34 Sant, depatman Nòdwès ak 33 Sant, depatman Sid ak 19 Sant, depatman Nòdès ak 16 Sant, depatman Nip 15 Sant, anfen, depatman Jeremi ak 7 Sant, fè an total 427 Sant prive anrejistre nan baz done INFP nan kad resansman an.
Ki pwochèn etap ?
Toujou selon DG Lauture, Responsab yo pral trete tout done ke yo jwenn swit ak resansman sa a. e aprè trètman done yo, nou pral pran kontak a chak Sant yo pi presizeman sa yo ki poko akredite onivo INFP ki se 306 sou 427. Priz kontak sa ap fèt nan objektif pou nou fasilite 306 Sant sa yo jwenn rekonesans yo, pandan n ap mete disponib pou yo sou entènèt (anliy) fòmilè demann akreditasyon an.
Antèm de pèspektiv, INFP ap pibliye sou platfòm li lis tout Sant ki akredite yo (piblik, sibvansyone ak prive yo), tout Sant prive ki gen yon demann akreditasyon ankou ak Sant ki pa gen rekonesans INFP. N ap fè sa pou nou ankouraje efò Responsab Sant yo, e an menm tan pou nou dekouraje Responsab Sant k ap fonksyone dèyè do lalwa.
Fon finansman Fòmasyon Pwofesyonèl
INFP ap travay sou yon avan pwojè lwa pou finanse Fòmasyon Pwofesyonèl peyi a. Anfèt, menm jan ak Fòmasyon eskolè pati klasik la ki gen Fon Nasyon Edikasyon (FNE) ki finanse ou pote apwi l nan kad aktivite ki relye ak fòmasyon eskolè. Lòt bagay, onivo Ministè Enteryè gen yon fon espesyal pou Kolektivite Tèritoryal yo ki se CFGDCT. Menm jan an tou, Fòmasyon Pwofesyonèl peyi a bezwen yon finansman. Sitou, yon finansman domestik ou local ki kadre ak anbisyon nou nan sans pou nou ka pwodwi toutbon vre. Tèks sa a, n ap soumèt li a Minis Edikasyon an, ki pral soumèt li bay Premye Minis la e defann li nan nivo Konsèy Minis yo.
Anfen, konsènan kèk vizit
Nan sousi pou INFP fè yon travay de pwoksimite anvè Sant pwofesyonèl piblik yo, pou ak founi je gade atou potansyèl yo ak pwoblèm y ap fè fas pou INFP kab pi byen reponn ak bezwen yo. Se konsa, nan jou pase yo nou t al fè yon evalyasyon kote nou vizite plizyè Sant tankou : Sant Kap-Ayisyen an, Sant Twou nan Nò (Trou du Nord), Sant Piyon kote lè lapli tonbe gen anpil pwoblèm ak lokal la, nan sans sa a INFP ap pare pou fè entèvansyon san pèdi tan nan Piyon, konsènan Sant Ench la, lokal li oke, kote ki gen plis pwoblèm se nan Sant Dondon an epi nan Sant Gwo Rivyè nan Nò (Grande Rivière du Nord), nan Dondon gen yon konstriksyon ki te tanmen depi administrasyon Prezidan Martelly men sit la abandone e travay yo rive a anviwon 50 pou san reyalizasyon. Pou Sant Gwo Rivyè nan Nò, INFP pral fè entèvansyon pou al mete Sant la nan yon anga an natandan konstriksyon yon lokal adekwa paske Responsab yo la anfème yon lokal ki pa vrèman reponn men y ap mande yo lokal la.
Sanse tout vizit yo rezime nan rapò konsènan karans nan enfrastrikti ak yon ta pwoblèm pou INFP rezoud onivo pèsonèl yo.
Pou fini, mwen panse ke Direkson jeneral INFP koumanse yon bon travay, konsènan resansman Sant pwofesyonèl prive yo (sa ki gentan rekonèt ak sa ki poko) san m pa bliye vizit DG a nan plizyè Sant pwofesyonèl piblik yo. Kesyon ke anpil moun ap poze eske ap gen yon ralonj pou Sant prive ki poko gen rekonesans INFP nan kad resansman an ? Bòn nouvèl, DG Lauture konfime ke lyen ki konsène resansman an toujou rete disponib pou lòt Responsab Sant pwofesyonèl ka al ranpli.
Donk, se yon opòtinite pou tout Responsab lekòl pwofesyonèl yo ta tou pwofite. Konsa, mwen swete bonjan kontinwite ak tip inisyativ sa yo k ap ede sektè Fòmasyon Pwofesyonèl la vanse nan bon direksyon.
Ruben Sanon
509 3846-7208
