Doktè Aldy Castor
Avril 2026
Lè pwovèb laten yo kontre ak chalè twopikal
Genyen pawòl ki fè chimen yo nan tan an tankou zepe byen file, « Si vis pacem, para bellum » se youn ladan yo. Pawòl sila a soti nan bouch Publius Flavius Vegetius Renatu, yon women ki te viv pandan IV syèk la. Miche pa te janm mete menm yon pwent zòtèy li bwa kayiman, men ou santi li t ap renmen chak kout tanbou nou yo. Nan Epitoma rei militari, yon liv li ekri ki pale de estrateji, Vegetius esplike kouman ou kapab prepare lagè si ou vle toujou genyen lapè. Men, kòm n ap rantre Ayiti nan koze a, genyen yon mo n ap mete tit liv li a : Si vis pacem, para bellum mente (Si ou vle genyen lapè prepare lagè nan lespri w).
Pwovèb sa a sanble ak pwovèb nan lamedsin ki di « Mens sana in corpore sano », (yon bon lespri nan yon bon kò). Se yon pwovèb ki toujou ap monte nan lespri m lè m ap bay ayisyen ki sèvi lwa yo laswenyay. Nan panse yo, yon doktè ki kapab bay laswenyay ak 2 men, men lasyans ak la men mistik la se yon pi bon doktè pase doktè ki genyen senpman men lasyans lan.
Pa bò lakay nou, lagè mem jan ak laswenyay premye kote sa kòmanse se nan lespri, apresa li tounen yon poud, oswa yon medikaman. Lapè oswa yon bon gerizon se pa ak kout zam, ni kout bistouri sa bati, men ak lide, eritaj epi lafwa. E fò m di w tou si Vegetius se Pòtoprens li t ap viv, m rete kwè miche t ap oblije prepare lespri l pou l kapab gouye byen gouye anba tèt chaje ak pawòl tafya nèg pa bò isi. E
Boukman oswa batistè diyite
Ann fon kase tèt tounen nan rasin nou. Nan dat 14 dawout 1791 nan Bwa-Kayiman, Boukman Dutty rasanble tout esklav yo nan yon seremoni ki t ap al chavire monn nan tèt anba. Se pat yon kongrè politik ni yon reyinyon zoom, men se te nanm tout esklav yo ki te fè yon sèl. Avan premye kout zam nan pati, lagè endepandans la te déjà kòman nan tèt esklav yo. Bwa-kayiman se premye lekòl kote yo aprann moun tèt kole youn ak lòt, yo aprann moun kwè nan tèt yo, e tou yo aprann moun sispann bouche nen pou bwè dlo santi. Yo te konn pase mèt la nan betiz avan yo leve kont li, paske yo te gen tan konprann kè kontan se yon zam tou.
Istwa sila dwe sèvi lanp pou klere chimen nou. Avan fòs pou elimine gang ke konsèy Nasyon zini te vote 30 septanm 2025 lan vini nan peyi Dayiti, ayisyen yo bezwen yon lòt angajman. Angajman sila pap al fèt nan bwa men nan konsyans nasyonal nou. Yon Bwa-Kayiman nan nanm kote tout ayisyen ap sèmante bay peyi a ke y ap rekòmanse a zero, y ap rekòmanse sou lòt baz.
Si gang yo konprann pouvwa lespri a e nou menm ?
Chèf gang yo pap dòmi, y ap mache ak yon estrateji wa ta di ki soti nan yon ansyen liv Machiavel. Yo konnen pouvwa se mistik se zam ki bay sa. Ebyen ( pawòl pa ou se mwen k ap di w ) sòlda yo al kay ougan, y al pran beny, y al mete sou yo, seremoni sa yo fè yo kwè yo pap genyen anyen ! Genyen k ap mache ak mouchwa wouj nan pòch pantanlon yo, mare nan ponyèt yo, gen lòt tou ki genyen fetich ki pi chè pase inifòm lapolis tache sou yo owsa koke nan kou yo. Yo fè moun yo pral batay ak li a pè ak mistik. Yo domine lespri moun yo.
Jan bagay la ye la Leta pa kapab rete li pran yon plan sekirite ki soti lòt bo dlo sèlman. Li dwe montre popilasyon an l ap reprann peyi a mistik tou: ak senbòl, ak eritaj ak diyite. Batay kont gang yo Leta ap mennen an dwe genyen de fas. Bon zam ak fè moun yo reprann konfyans nan tèt yo. Zam yo kapab reprann teritwa yo men se sa nou kwè yo k ap reprann nanm yo.
Yon ti kè kontan avan batay la kòmanse
Genyen ki pral di bagay sa sanble mistik gen lòt ki pral di se yon rèv. Ebyen si n ap reve an nou reve ak lespri. Anvan nou voye cha blennde yo, an nou fè yon seremoni pou nou mete lespri sòlda yo djanm. An nou envite powèt, pwofesè, pè, ougan, pastè, tanbourinè, chofè kamyonèt, chofè moto, elatriye. Chak moun mache ak verite pal, ak sa li kwè, ak priyè l, ak blag li. Nan peyi Dayiti pa janm genyen okenn gwo bagay ki fèt san yon gwo kout ri. Kè kontan, fawouch, se konsa nou di mouche lanmò men kwa manman w men kwa papa w si w kapab vin pile l.
Benen marasa peyi Dayiti
Benen nan Lafrik se marasa Ayiti. Lontan nan wayom Dahomey a te genyen anpil boulvès nan pouvwa, men Benen deside charye tradisyon li yo, selebre vodou epi ba li plas nasyonal. Benen pa krache sou pase l, li transfòme l an richès: touris ak lakilti, fyète idantite, edikasyon sivik, devlopman ekonomik.
Pandan tan sa a, Ayiti ki soti anba joug lesklavaj foure tèt li anba yon lòt chèn ankò: laperèz ak iyang iyang. Mawonaj kiltirèl anpil fwa pran plas planifikasyon. Sa di wi pou peyi ki envante mawonaj kiltirèl la pa menm ka mete tèt ansanm pou vanse.
Poukisa refòm ki fèt nan peyi Benen yo difisil pou fèt konsa nan peyi Dayiti ? Paske Benen rive marye tradisyon ak modènite. Ayiti li menm pa konn si pou l lapriyè, si pou l fè pwojè, si pou l monte kabann li kouche. Se pa chwa a non ki defi a men se marye tou de ansanm nan. Lafrik rive jwenn modènite a san l pa jete nanm li. Rete nou menm kounya pou nou aprann modènize nanm nou sa nou pa pèdi eritaj nou yo.
Pa nou poko fè a. Pa ki transfòme lide an reyalite
Nan peyi Dayiti nou pa genyen pwoblèm lide. Pwoblèm nan se paske nou pa konnen kijan pou nou fè sa nou dwe fè yo. Nou konprann anpil bagay. Nou analize, nou fè deba, nou denonse. Men kan pou poze aksyon an se afè bab mayi, nou pa janm fin dakò sou anyen e nou toujou ap voye l pou demen. Nou genyen yon kokenn richès kiltirèl, li chaje tradisyon, kwayans, eritaj ak senbòl. Men anpil fwa richès sa rete kole nan pase nou o lye li ede nou bati yon demen miyò
Se pa voye jete kisa nou ye. Men pito, se tranfòme tèt nou. Fè tradisyon yo tounen yon fòs pou nou kapab leve kanpe. Soti nan yon memwa ki ap pwoteje nou pou nou pase nan yon memwa k ap ede nou konstwi. Tonton m Prevent ki se yon ougan nan Zangle rele sa chanje direksyon. Nou menm jounen jodiya nou pale de chanje mantalite. Men se menm bagay la poutan : aprann mete sa nou konnen nan sèvis sa nou dwe fè. Pa sa a nou tout konnenl, kounya se kilè nou deside fè.
E si nou voye chèche wa Allada
Nou ta kapab imajine yon bagay konsa : Menm mit sa gang yo sèvi pou pwoteje yo a n ap sèvi ak menm mit sa pou nou dezame yo. An nou envite wa wayom Allada, ki se bèso yon pati nan memwa afriken nou an, nan yon seremoni pou chase move lè nan peyi a. Doktè ki nan Asosiyasyon medikal ayisyen k ap viv a letranje yo te déjà ale vizite wayom nan 23 jiyè 2023 nan kad reyinyon yo konn fè chak ane. E apresa nan mwa novanm 2025 ki sot pase la doktè Angelo Gousse te resevwa wa Allada nan Miyami kòm envite donè.
Imajine youn nan desandan wayom afrik la deklare : « Vyolans gang se ra se ta nan peyi Dayiti! ». Se ap yon kokenn chenn jès ki ap sèvi tankou on pon pou konekte de bò on rivyè : bò zansèt yo ak bò nou menm ki vivan. Se pa maji men se bèl politik. Nasyon yo bezwen aksyon senbolik. Lafrans genyen maseyèz, Etazini se sèman yo fè bay drapo a. Nou menm ayisyen nou kapab imajine pwòp fason pan ou pou nou mete sivik nou an kanpe djougan. Yon lòt fwa ankò ou pa mande m se mwen k ap di w, si yon wa afriken ta ka ede nou chase ansyen demon nou yo, sa t ap retire anpil nan depans lajan ki pral fèt pou voye chèche yon misyon ki genyen espè peyi lòt bò dlo vin ede nou, e sa t ap pi bèl toujou lè y ap pase l nan televizyon.
Soti nan mistik pou pase nan modènite
Seremoni Allada se pa retounen nan bagay fè nwa, men se fè yon kout je gade dèyè e sèvi ak sa pou nou kapab bati yon demen miyò. Se pa fè espri desann, men se bay valè nou yo plas yo merite. Si yo pran yon lide konsa yo byen aplike l, yo pran l o serye, yo fèl ak transparans, li kapab bay 3 rezilta ki ap dire pou anpil tan : l ap fè ayisyen kwè pa genyen mistik dèyè vyolans la ankò, l ap ede ayisyen reprann fyète ak diyite yo, epi l ap mete kaka chat tout moun ki kontribiye nan zak vyolans, briganday, sasinay nan lari pou ayisyen kapab ba yo sa yo merite.
Tout gran sosyete yo te genyen yon pa yo oblije fè. Se pa envante pou nou envante yon nouvo kwayans, men òganize yon seremoni piblik kote n ap fè yon reparasyon senbolik, ki rantre nan plan pou chanje peyi a tout bon vre. Nouvo pa senbolik sa li menm sèlman pap kapab ranplase refòm ki dwe fèt nan enstitisyon yo, men san li refòm sa pap kapab kenbe.
Lè fòs pou elimine gang yo tounen on motè pou nanm
Fòs sa ki pral vin dechouke gang yo pa dwe sèvi pou kraze bouda vagabon sèlman. Fòs sa de vini tou ak objektif pou li rebati moral ayisyen. Pou li remete lakilti kanpe. Fòs sa kapab tounen yon motè pou solèy tout ayisyen deja imajine a klere tout bon. Men pou sa rive fèt fòk Nasyon Zini ansanm ak lòt patnè Ayiti yo rekonèt ke sekirite pa mache san lakilti, san lafw, san tèt ansanm.
Esperyans mwen fè nan kowòdone aktivite sivil ak militè, nan fòmasyon ak misyon sou teren mwen pran, plis tou nan pwogram imanitè nan Assistance Program U.S. Southern Command, aprann mwen yon bagay ki enpòtan anpil anpil : repare yon tanbou kapab koute w menm depans ou t ap fè ak si w t ap voye rele yon eskwad ame. Rekoud yon mòso twal senbolik nan yon katye, re bay pawòl piblik la valè, se prepare teren an pou lòd ki pral mete a kapab dire. Ijans ki genyen nan moman kote Leta fè bèk atè a mande pou aksyon militè yo mache ak travay ki fèt sou nanm tout moun.
Fòs sa k ap vin dechouke gang yo, dwe vini tankou yon fòs k ap vin reprann teritwa pèdi yo men tou, tankou yon fòs k ap vini reveye nanm, k ap vin reveye konsyans sivik ayisyen. Avan fòs sa vini fòk nanchon an ta dakò gade tèt li, gade verite a, aksepte tò l li epi sèmante 77 fa 7 l ap leve kanpe ankò. Moman senbolik sa se ap premye pa a pou nou rebay ayisyen diyite yo, anvan menm nou bay malfektè yo sa merite nan tèt kole ak enstitisyom ki kapab bon gouvènans, k ap bay Leta jarèt e k ap fè pèp la reprann konfyans nan enstisyon l yo.
Ann fon pase rekonstriksyon peyi a nan betiz avan
Se kè kontan ki te toujou bay Ayiti fòs ak kouray pou l kapab kenbe. Lè ou ri se pa mawon ou mawon, se kanpe ou kanpe djanm, pou w travèse doulè, peripesi yo. Ri chanje lawonte an fawouch, li kreye yon de pa distans ki pwoteje lespwa. Lè l pi fè nwa yo kè kontan tounen limyè. Anvan nou fè gwo aksyon, pran gwo desizyon, premye bagay la se mande chak moun pou fè kè yo kontan, epi apresa n ap kapab rebay nanchon dwa pou l pase tèt li nan rizib.
Fòk nou ri ak tèt nou klè. An nou griyen dan sou pawòl tafya yo. An nou griyen dan sou pouvwa sa yo ki pran pòz y ap vin chanje bagay yo pandan se nan pòch yo y ap mete. Fòk nou griyen dan sou bandi sa yo ki panse yon ti chèn plastik ki beni anba gwo lalin fè yo paka pèse. Ri nan sa pa yon imilyasyon se liberasyon l ap pote. L ap ede viktim yo rakonte istwa yo, l ap ede nou bat chalbari dèyè responsab yo. Montre monn nan nou toujou genyen kè kontan se raple kèlke lan swa zanmi ki vle lonje men ban nou, li dwe respekte diyite ak pawòl nou. Lè tanbou nou yo ap refrape ankò se pa pou nou di grenadye alaso, men pou nou montre lavi kijan pou l make pa. Kè kontan se ap premye pa pou rekonstwi peyi a.
Lagè nan lespri lapè nan tèt
Lide pa m nan se pa yon fab mistik, ni yon fòs militè k ap vin aji tankou wobo. Se yon estrateji kote gwo ponyèt rankontre ak konsyans, kote fòs makonnen ak lafwa. Yon lapè ki va la pou tout tan nan peyi Dayiti pap fèt nan fè gang depoze zam, men l ap fèt si nou genyen viktwa sou laperèz. Li pap parèt brid sou kou lè entelijans chita pale ak espirityalite, lè pisans fòs k ap vini an fè tèt kole ak pisans sitwayen k ap viv andedan peyi a.
Ann fè yon afè : wa Allada, ouga, pè, pwofesè lekòl, powèt elatriye, chak moun ap pote yon ti moso limyè nan fè nwa Ayiti a. Makonnen listwa, modènite, lakilti, bon jan lespri pou pèp ayisyen an pa bezwen kwè nan maji men pou l kwè nan Ayiti. Si vis pacem, para bellum mente se pa yon piwèt enlektyèl, se yon estrateji : reflechi avan nou aji, konprann avan nou kòmande, geri anvan nou rekonstwi.
Vizyon sa a kapab tounen aksyon nan kanpay pou ledikasyon sivik ki chita sou valè nasyonal yo, nan diplomatik kiltirèl ki ap mete limyè sou kapital senbolik Ayiti a, nan seremoni k ap fèt nan kominote yo, nan jefò pou sekirite, estabilite, nan rantre nan wonn nan lidè relijye, edikatè ak aktè kiltirèl elatriye, ak nan estrateji lokal ak nasyonal ki kapab fè nou kenbe kin ala ganach.
Ou pa janm konnen gen dwa se sa ki pi bèl fawouch politik nan istwa nou : kwè ankò si yon genyen entelijans ak anpil lanmou, lapè kapab tounen yon revolisyon ki fèt san bri san kont ki va dire pou lontan. Se lafwa sa ki pou klere chimen nou, klere aksyon senbolik nou yo, klere refòm nou pral fè tout bon yo pou Ayisyen kapab reprann ni teritwa pèdi yo ni nanm yo tou.
