I. De mannyè ou kapab konprann monn nan
Yon jou, mwen genyen yon zanmi m filozòf doktè Frantz Bataille ki te di mwen konsa : « genyen de mannyè ou kapab konprann monn nan, ou kapab konprann li tankou Descartes ki li menm konprann monn nan ak pasyans, ak metòd, ak « lojik » oswa ou kapab konprann li menm jan ak Einstein ki li menm konprann li sou emosyon ak jan lide l di l ». Youn ap chèche verite nan lojik, nan reflechi lòt la li menm jwenn verite a nan jan li viv lavi li ak jan li santi sa li ap viv yo. Tout piwèt ou lèzòm ap fè chita sou de bagay sa yo : sèvo ak kè ; metòd ak emosyon.
Mwen fèt Pòtoprens men mwen te toujou konn al pase vakans Aken, yon ti vil nan peyi Dayiti kote lanmè a chita pou li kase ti bwa nan zòrèy mòn yo. Nan Aken avan menm ou aprann jewometri Euclide la yo aprann ou konprann van an. Avan w konn reflechi tankou Descartes ou danse tankou m ta dou w chak tanbou se nan kè monn nan sa frape. Pandan anfans mwen mwen grandi nan peyi sila a kote moun mache sou lide yo sèlman, kote lojik pa ekri sou papye men nan kò a.
Lavi rive fè m janbe de nan lòt toubiyon emosyon aprè Ayiti : Ayiti peyi emosyon an ; Meksik peyi mistè a ; Etazini peyi metòd la. Yo chak montre m yon figi bon sans lan genyen. Twa bèl nòt diferan nan yon sèl melodi : Rapò lèzòm genyen ak linivè, rapò ki genyen ant bon sans ak emosyon epi rapò ki genyen ant metòd ak lafwa.
II. Wayom Descartes la : kalkil ak kontwòl
Lè mwen rive New York apre mwen fin etidye medsin nan Universidad Nacional Autónoma de México (UNAM), mwen rankontre Descartes, men mwen pa rankontre miche an pèsòn men an espri. Nan lopital inivèsitè ameriken yo tout bagay pwograme : lè yo, pwotokòl yo, dòz yo, dyagnostik yo. Chak jès genyen rapò ak yon metòd, chak lide chita sou yon grafik. Pou mwen lespri ameriken genyen yon metòd byen planifye pou chak bagay. Mont lan pa senpman yon aparèy men se yon zouti ki pou w fè w pran responsabilite w. Tan an se lajan, reta li menm yon peche.
Yon jou pandan m te nan gad nan inivèsite Lincoln Hospital ki nan Bronx, mwen te vle mache sou lide m, epi pwopoze yon fason pi rapid pou nou te fè yon akouchman ki te koumanse depi dig dantan. Yon enfimyè atrap mw depi anlè : “Doctor, that’s not in the protocol.” Doktè sa pa nan pwotokòl la. Lè sa a mwen konprann ke nan wayom Descartes la lojik la pase avan sa lide w di w fè, menm lè lavi ap kraze pòt sal akouchman pou l soti. Disiplin bèk fè sa a aprann mwen ke m dwe fè tout sa m ap fè byen e aprann mwen fè chak bagay jan yo montre m fè l la. Mwen fini pa konprann ke lè metòd la byen chita li kapab sove lavi. Ameriken pa kwè nan pichon, yo kwè nan “check list” yo. E pafwa ti bout papye sa ou wè a fè lanmò fè bak.
III. Ayiti : chalè kè a
Nan souvni m genyen de peyi Dayiti, medsin pat janm sanble ak matematik. Lakay nou anpil moun bay laswenyay ak pawòl, ak konfyans, epi ak on bon chalè kè. M gen yon tonton m ki te rele Prevent, miche se te yon ougan nan Zangle yon seksyon kominal tou pre Aken, miche te di m yon jou : “Lè ou tande kriye, pa chèche doktè, chèche kè.” Enben dapre zanmi m Frantz se konsa « ennstenyen » yo panse : yon entelijans ki soti nan enèji, emosyon, o lye yon entelijans ki soti nan metòd.
Einstein te konn di E = mc², se mas sa a limyè ki an mouvman transfòme a, se tankou m ta diw, ou déjà konnen chak matyè déjà genyen etensèl ladan. Ayiti li menm konprann ekwasyon sa a nan fason pa li : lè limyè solèy la karese po yon peyizan, se yon fòm konesans. Lè yon grann swiv lide l epil kreye yon remèd ki fèt ak fèy ak lapriyè, se yon esperyans laboratwa ki pa genyen mikroskòp men ki genyen lafwa. Nou pa kalkile men nou santi, nou viv. Se lojik sa a ki fè nou toujou kanpe djougan e se gras ak li nou tout pa fin mouri déjà. Lojik sa kreye nan katchouboumbe, ak nan bèlte ki genyen nan monn nan. Men menm lojik sa a genyen pwòp pwoblè m pa li : anpi fwa chalè kè a pran plas fòs tèt la . Men se lojik sa a ki fè nou toujou kanpe djougan ede nou kenbe chalè nou, diyite nou ak kapasite sa a nou genyen pou nou souri menm lè nou pa wè monte nou pa wè desann.
IV. Meksik : tè ekilib la
Nan mitan 2 monn sa yo, mwen dekouvri yon twazyèm : peyi meksik. Lè mwen rive nan peyi Meksik mwen te yon jèn ti etidyan nan medsin, mwen te anvi konnen anpil bagay. Jan mwen te swaf konesans la se konsa m te swaf tacos al pastor tou. Mwen pase 8 lane sou tè sa a, 8 lane ki aprann mwen ke lojik genyen sans li sèlmans si li ka chita pale ak mò yo. Chak 2 novanm, El Día de los Muertos (jou lè mò yo), Meksik tounen yon tablo vivan : lari yo chaje ak koulè, kay yo dekore ak anpil flè, mizik rive jouk nan simityè yo. Mwen sonje zanmi m yo, Chucho, El Chachis, El Chirrisco ak El Pollo ki te konnen ap drese lotèl, limen balèn pou defen yo epi ofri yo mezcal. Se pat ni yon jounen tristès ni yon jounen fèt laperèz tankou Halloween, men se yon jounen kote w chita fè ti pale ak tan an, kote w selebre kè kontan ak souvni yo.
Meksiken yo aprann mwen ke w kapab rasyonèl e mistik an menm tan, syantifik ak powèt nan yon sèl souf. Nan fakilte medsin UNAM, nou diseke kò moun ak anpil metòd nan maten epi le swa tou pre Zócalo, nou al danse sou dekonm ansyen sivilzasyon yo. Gen dwa se sa ki bon jan rekonsilyasyon ant Descartes ak Einstein nan: konprann ke lasyans kapab danse nan menm lakou ak lè mò san l pa pèdi chalè l. Nan peyi Meksik mwen aprann pran lavi o serye san m pa pèdi kè kontan m, e tou mwen aprann fè lojik san m pa pèdi chalè kè m.
V. Louisiane :Amerik kreyòl la
Kounya kite m pale nou esperyans mwen fè Lafayette. Lafayette twouvel nan Louisiane se sou bout tè sa a mwen travay kòm doktè jiskaske mwen pran retrèt mwen. Louisiane sa ou wè la, tèt chaje ! Se te premye sezisman m nan amerika : Mwen twouve Ayiti san m pa kite Etazini. Nan Nouvelle-Orléans simityè yo sanble tèt pou tèt ak simityè Pòtoprens yo, legliz yo gen menm sant lansan ou konn jwenn nan peristil yo, gumbo,a glise nan lestomak ou menm jan ak on bon bouyon kalalou ak sirik lakay.
Se nan Louisiane mwenk kontre zanmi ameriken nwa sa yo, Boudreaux, Thibodeaux, …. Priye, danse, ri tankou konpatriyòt Aken mwen yo. Menm si w wè yo se potestan men anba anba memwa Lafrik ak chalè kè a, toujou la. E menm la tou chalè kè a toujou melanje ak disiplin oksidantal la : nou konn ap pale de Bondje ak anpil pasyon menm jan nou pale de biyoloji ak presizyon. Gen yon vye kòlèg kreyòl mwen ki te di m“Doc, down here we don’t think, we feel first.” Pa bò isit la nou pa panse se santi nou sansti bagay yo avan. Li t ap panse tankou Einstein san l pa menm konnen.
Louisiane sa, mwatye rezon mwatye mistè, se li menm ki rekonsilye m ak lide ke lakilti se yon sistèm nève, li reyaji, li vibre, li aprann. Li fè m konprann ke la syans pou l toujou gen chalè, pafwa li dwe chita pou l tande yon kè k ap bat avan menm li tande bip machin nan. Nan peyi Dayiti, pasyan mwen yo di m konsilte yo ak de men, youn pou lasyans, men ki koute kò a, lòt men an li menm li mistik, se li menm ki tande e konprann nanm nan. Jounen jodiya mwen rive panse ke se kapab sa ki laswenyay kreyòl la : yon preskripsyon pou kò a epi yon ti kout je pou nanm nan.
VI. Weston : Floride ak yon kout je gade dèyè
Lè mwen rive Weston nan Florid mwen dekouvri yon veritab ti laboratwa sosyal. Nan vwazinaj mwen genyen jwif ki te abite New York, se moun yo ki gen anpil metòd ak anpil pasyon. Genyen kiben egzile nostalji prèske fin touye. Venezyelyen chik chèk chòk men wa pale anpil pa w. Kolonbyen ki gen bon jan, ki debrouya. Ayisyen ki chaje rèv. Ameriken ki kwè nan metòd yo anpil. Yon mozayik aksan, kizin, mizik ansanm kontradiksyon ki fèt nan lòd.
Yon jou maten pandan m ap jwe tenis mwen tande yon vwazen ameriken m ki t ap bay yon fawouch : “ My wife is so logical she schedules our arguments”, Madanm mwen tèlman son moun ki kwè nan lojik li ke li planifye kilè pou nou nan kont. Lè sa a mwen di tèt mwen se Descartes tèt koupe men ki melanje ak fawouch moun Florid tou pi.
Nan Weston yo planifye tout bagay nèt : twotwa yo, pye kokoye yo, menm lè pou yo wouze plant yo. Men pafwa planifikasyon anraje sa manke on ti anbyans, e se moman sa yo mwen konn regrèt chalè ki genyen nan dezòd Aken an kote chen ap jape depi lalin nan manke parèt pwent tèt li, timoun ap kraze Football nenpòt lè nan pousyè a, kote menm yon ti kout zeklè kraze gwo diskisyon filozofi ki toujou ap fèt anba pye zanmann yo. Amerika aprann mwen genyen lòd, disiplin nan ; Ayiti aprann mwen mizik la, Meksik aprann mwen kadanse ak chalè.
VII. Pèp ak ekwasyon
Mwen toujou panse ke moun ki swiv Descartes, moun ki planifye, ki kode, analize se yo menm ki pran monn materyèl la. Men pèp ki swiv Eistein, moun ki aji sou lide yo, sak viv bagay yo, ki ap envante yo, se nan men yo kle monn vivan an ye. Youn ap konstwi fize lòt la li menm la pou fè w sonje avan menm fize a dekole fò w leve je w gade syèl la. Ayiti, Meksik, New York ak Louisiane : kat laboratwa ki genyen menm enèji. Kat kote mwen wè rezon ak emosyon, metòd ak mistè demere nan menm lakou. Nan New York se disiplin ki domine, men enèji ki genyen nan Harlem oswa nan Bronx raple w ke jazz oswa salsa kapab rezoud nenpòt ki ekwasyon. Nan peyi meksik lojik la chaje ak koulè mistik. Nan Louisiane lasyans ap taye banda ak vodou jouk jounen jodiya ; Nan peyi Dayiti li menm lavi a tounen de seri de ensperyans ki fèt brid sou kou men ki klere ak lafwa.
Einstein te konn di : imajinasyon pi enpòtan pase sa konesans, siman li te vle di ke limyè konesans la klere tout bon vre lè w aksepte resevwa yon ti chalè kè.
VIII. Soti rezon pou n tonbe kadanse
Mwen konsilte fanm, pèp ak kilti. Tout kote mwen toujou tande menm kout tanbou a ; Mwen Bezwen konprann, mwen bezwen esplike yo esplike m, mwen bezwen kontinye viv. Men wout yo diferan. Disip Descartes yo analize poul moun nan Ennstenyen yo yo menm tande kè a. You nap pale w de ekilib asid ak baz, lòt la ap pale de kijan santi l de kijan lespri l ye. Poutan tou de ap chèche menm bagay la : lapè nan nanm, nan kò, nan tèt ak nan lespri nan yon inivè k ap layite kòl
Gen de pafwa Nan lopital ameriken yo, limyè ekran pran plas yon ti souri, nan peyi Dayiti se pa sa nou fè: pa genyen kouran men nou pa manke etensèl nan nanm nou. Nan peyi Meksik nou limen balèn pou mò yo ; nan Florid, se pou moun fè damouklè, chak flanm rakonte yon listwa diferan.
IX. Yon priyè pou rekonsilyasyon
Mwen reve wè yon monn kote Descartes ap aprann danse, Einstein ap aprann planifye. Yon monn kote disiplin bèk fè pwotokòl medikal la ap marye ak chalè kè a, kote lasyans ap rekonèt ke lide se yon fòm konesans tou. Kote yo pap wè ayisyen an tankou yon moun tèt cho ankò men tankou yon moun ki reflechi yon lòt jan : tankou yon moun ki pote lavi, kouraj ak lafwa chak jou.
Ou gen pou wè Ayiti, jan l parèt pòv sa, genyen yon richès ke nasyon yo rele nasyon ki devlope yo bliye : yon richès ki montre nou kouman pou nou transòme emosyon an pwezi, dezas an enèji, fatig an souri. Chak fwa yon timoun souri sou dekonm yo, se yon fòm renesans ; chak fwa yon manman kreye yon manje san l pa menm genyen de twa engredyan, se ekonomi kreyativ, chak fwa yon jèn fè on eskilti rèv li nan on moso bwa oswa nan yon moso tòl se yon leson lespwa. Wi Ayiti blese men l ap viv toujou, yon peyi kote kè a bat pi fò pase estatistik yo, kote malgre tout sa w ta kapab tande limyè a toujou jwenn wout li.
X. Ant fòs tèt la ak chalè kè a
Lavi a pa yon tablo nwa kote yo trase ekwasyon vre. Se yon mas enèji kote chak èt vivan ap chèche ekilib ant fòs tèt la ak chalè kè a. Mwen kwè se sa ki dènye bout sajès la : lè w konn kilè pou w reflechi ak lè w konn kilè pou w kite emosyon anvayi w. Descartes te di : mwen ap panse donk mwen egziste, Einstein te kapab reponn li mwen gen emosyon donk m ap tranfòme.
Mwen viv lavi mwen nan mitan yo de prensip sa yo. Soti nan lanmè Aken an pou rive nan gwo bilding New York yo, pase nan lotèl Meksiken yo, nan koulwa dezenfekte lopital yo. Mwen fini pa konprann verite pa ni nan fòmil yo, ni nan lafwa men nan kè yon moun ki pa sispann bat, motè sila ke okenn teyori nan linivè pa ka fin konprann. E si yon jou yo ta va mande m kisa m aprann apre pil lane pase ap analize, eseye konprann lèzòm, m ta p senpman reponn, entelijans gide w men se enèji ki fè w viv. Paske limyè ki briye plis la se pa limyè laboratwa oswa ekran yo men limyè k ap briye nan je yon pèp ki derefize abandone
Ayiti se prèv vivan limye sila a. Malgre eprèv yo, li li toujou kenbe kapasite li genyen pou li ri nan mitan katchouboumbe, pou l espere kote tout bagay sanble fin pèdi, pou li reyenvante lavi chak maten kòm si se te premye fwa. Monn nan bezwen enjenyè ansanm ak ekwasyon yo, men tou, nou bezwen sa nou genyen andedan kè nou : limyè ki soti nan doulè, fòs ki soti nan dousè. E gen dwa se sa ki se bon jan lespri ayisyen an : transfòme chak difikilte an opòtinite, fè chak blese tounen yon mizik. E fwa chak solèy la leve sou Aken, Pòtoprens, sou chak rakwen peyi sa aki fin depatcha men ki toujoun kande drèt la, mwen di tèt mwen malgre tout sa w tande Ayiti pap peri paske lespwa toujou ap boujoun ande kè pèp sa.
Doktè Aldy Castor
Weston, Floride
Novanm 2025
