Jounen entènasyonal pou diminye risk ak dezas lè gen katastwòf

Fason Temwen Jewova yo ede nan diminye risk ki makònen ak katastwòf natirèl.

Avèk katastwòf natirèl yo k ap ogmante san pran souf nan lemonnantye, li vin pi ijan ann Ayiti pou yo redui risk ki makònen avèk yo. Jodi a, an mwayèn, gen 400 katastwòf natirèl ki fèt nan lemonnantye chak ane. Men, dapre sa syantifik ki nan Nasyonzini yo fè konnen, pou rive 2030, yo prevwa kantite a ap ogmante pou rive nan yon mwayèn 560 katastwòf natirèl.

Pou ede moun yo pran konsyans sou enpòtans pou diminye dega katastwòf yo lakòz, Asanble Jeneral Nasyonzini an deziyen 13 oktòb kòm jounen entènasyonal pou diminye risk ak dezas lè gen katastwòf.

Pandan jou a ap pwoche, anpil moun ap chèche fason pou yo prepare yo pou yo fè fas ak nenpòt katastwòf ki ta ka menase manm fanmi yo ak vwazen yo. Pou Junior Chéry, k ap viv Okap Ayisyen, atik ki te parèt nan Reveye n! no 5 oktòb 2017 la ki gen tit Kèk konsèy ki ka sove lavi nou lè gen katastwòf te ede l anpil. Peryodik la te site Pwovèb 27:12, ki di: “Moun ki gen lespri a wè danje a, li kache, men, moun ki pa gen eksperyans lan kontinye ale tou dwat e li peye sa.”

Madanm li, Sabrina, fè konnen: “Lefètke nou te egzamine atik sa a  ansanm nan fanmi nou, sa te ede nou byen konprann enpòtans pou n prepare nou pou sizoka ta gen yon katastwòf. Nou tabli yon plan pou n kite zòn nou abite a, e nou mete bagay n ap bezwen ann ijans yo sou lamen. Konsa, nou santi n ap mwens strese si ta gen yon katastwòf. Nou te menm fè kèk egzèsis anrapò ak sa n ap fè si ta gen yon tranblemanntè. Sa ede nou pou n santi nou pi byen prepare pou n fè fas ak yon katastwòf.”

Se objektif Reveye n! no 5 oktòb 2017 la menm. Li ede fanmi yo suiv twa etap pou yo ka byen prepare yo pou yo fè fas ak yon sitiyasyon ki mande pou yo aji ann ijans:

  • Anvan – Prepare w!
  • Pandan – Aji vit.
  • Apre – Pwoteje tèt ou!

Anplis de sa, peryodik la bay yon lis materyèl ijans ki ta dwe nan yon "valiz sekou" pou moun itilize si yo oblije rete lakay oswa si yo oblije kite zòn kote yo abite a.

Men sa Fred Aimé, pòtpawòl nasyonal Temwen Jewova yo ann Ayiti, fè konnen: “An jeneral, lè yon moun prepare pou yon katastwòf, move efè katastwòf la genyen sou byennèt fizik li, sou emosyon l e sou relasyon l ak Bondye diminye anpil. Yo te fè peryodik sa a espesyalman pou ede fanmi yo ak moun k ap viv poukont yo pou yo pa santi yo lage de bra balan devan katastwòf natirèl yo."

Gen posiblite pou nou telechaje peryodik  Kèk konsèy ki ka sove lavi nou lè gen katastwòf la gratis nan sit entènèt ofisyèl Temwen yo, jw.org, yon sit ki gen enfòmasyon ki pratik e ki baze sou Bib la nan plis pase 1 080 lang.

Pou plis enfòmasyon, tanpri kontakte Syèj nasyonal Temwen Jewova yo ann Ayiti (+509 28 13 1560) oubyen ekri nou nan InboxPID.HT@jw.org.

 

Lesly Gaussaint

Biwo Relasyon Piblik

Syèj nasyonal Temwen Jewova yo

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES