Fermer les yeux et écouter la chanson des vents sur Makaya

L'Éternité de Dieu existe dans la moindre parcelle de Vie. Sur Terre-Mère-Amour-Ayiti-Kiskéya-Boyo-Hispaniola, c’est fermer les yeux et écouter la chanson des vents sur Makaya, les murmures de l’eau sur les berges de L’Artibonite, respirer profondément, en paix et sécurité, sous les Ailes des Entités de Lumière, Esprits des quatre continents réunis sur cette Terre, Archanges, Chérubins, Divinités Célestes, Lwa, Esprits des Ancêtres, Génie qui veille à notre destinée de Peuple.

Comprendre que nous existons et notre existence n'est pas superflue. Voilà ! Nous existons au sein de l'Existence; nous faisons partie de l'Eau Vive, émanée de la Source de Vie. Les larmes noires que nos fautes collectives de peuple ont fait couler, nos erreurs, nous devons les assumer, les essuyer. À présent : devant ! ouvrons et faisons chemin vers un festin divin, vers une vie meilleure, vers une République d’Haïti digne et souveraine, éblouissante de bonheur, par la grâce des Puissances d’en Haut et par notre volonté, force, courage, détermination et notre travail.

 

Devant !

 

Bondye Lavi a etènèl, li prezan nan tout bagay. Nan lakou Manman-Latè-Damou-Ayiti-Kiskeya-Boyo-Ispayola, nou ka jis fèmen je nou pou n koute mizik ki nan van kap soufle sou Makaya, mizik kap sonnen nan dlo Latibonit la. Nou ka pran on gwo souf nan lapè san kè sote anba zèl Fòs Limyè yo, Fòs ki soti nan 4 kontinan yo ki fè kolonn nan lakou Manman-Latè-Damou-Ayiti-Kiskeya-Boyo-Ispayola, Cheriben yo, Divinite Selès yo, Lwa nou yo, Espri Zansèt nou yo, Sòlda limyè yo ak tout fòs pozitif yo ki toujou vle byen pou nou.

Nou bezwen konprann nou egziste, nou bezwen konprann egzistans nou pa pou granmesi ! Men li ! Nous egziste nan mitan egzistans linivè a ; nou fè pati dlo vivan ki soti nan sous lavi a. Nou dwe aksepte soufrans ki soti nan  erè nou te fè anvan yo, apre n fin asime yo, nou dwe efase yo. Kounye a, ann gad devan ! Ann nou chache chimen pou n al byen viv nan plan Bonde Lavi a, ann pran direksyon kote lavi miyò, ann pran direksyon pou yon Repiblik Dayiti granmoun ak diyite, ki bèl, kap naje nan kè kontan gras ak Puisans dimansyon siperyè yo epi gras ak volonte nou, fòs nou, kouraj nou, travay nou san mòde-lage. 

 

Devan !

 

Savannah Savary

Tradiksyon Nody Guerrier

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES