Eske yo kapab desantralize yon Ayiti ki pa santralize? Yon diaspora nan peyi Ayiti

0
645

Dimanch, douvan jou, Philippe, mwen menm ak Diony kite Aken pou nou ale Brodken. Nou te pase nan Tchanmi, chimen ki pi kout la. Yon bèl ti bouk ki chita sou tèt yon mòn. Pa gen okenn lòt tèt mòn k ap pèmèt ou pi byen wè gwo dayiva lavil Aken an ke li. Jan douvan jou ap taye banda, ak ti jipon woz byen chita sou li, lap fè wout pou solèy la leve sou lanmè Karayib la.

Pandan n ap desann pa lòt bò mòn nan, premye sa nou kwase se larivyè a, yon rivyè ki fè s s. Bon ti mache sila nan mòn nan te fè nou grangou; nou te oblije pran yon ti poz arebò dlo a pou nou te kapab mete on bagay nan vant nou. Trankilite ti promnad sanble ak bagay nou konn wè nan fim kòbòy yo. Poutan santiman sa pral vole ale lè Diony, jèn ayisyen ki t ap sèvi nou kò m gid la, akoupi arebò larivyè a pouse kèk fèy epi pran dlo a, ak men li tankou se yon tas epi l bwè l.

Mwen menm ak Philippe, ki li menm an Parizyen natif natal, nou youn gade lòt ak sezisman paske nou konnen menm si dlo a parèt pwòp li chaje mikwòb. Philipe di mwen "Gastroanterit egi nan mwens pase inè tan," Men malerezman Diony sanble pa t konnen ki danje ki genyen nan sa, di nou se dlo sa li te bwè pandan tout vi li. Men, a la verite dlo ki pa pwòp sa yo kontribye nan gwo to mòtalite timoun nan peyi a. Tris estatistik EMMUS-VI 2016-2017 la fè konnen : sou 1000 timoun ki fèt vivan, 81 ladan yo mouri anvan laj 5 lane, 59 anvan premye anivèsè nesans yo, 32 nan premye mwa lavi yo. Yo toujou di pou yon mikwòb touye yon ayisyen ki gen plis pase 5 lane, mikwòb pi gwo kou on bèf.

Apre nou fin travèse larivyè a près pase yon douzèn fwa, nou te kòmanse mache ak difikilte nan mòn ak vale yo. Se lè sa a, mwen te resi konprann pwovèb ayisyen sa a: "Dèyè mòn, gen mòn". Mwen menm mwen te fatige men Philippe li menm t ap mache byen pwòp kou yon moun paske li abitye ak mòn nan Alp Lafrans yo. Nou fini pa pran yon ti poz, sa ki te tou yon okazyon, pou nou menm moun ki abite lavil, rekòmanse yonn nan ansyen deba entelektyèl nou konn genye yo, deba sa yo ki fèt sou tout bagay ak nenpòt bagay.

Mwen di Philippe : « ou pa remake Philippe depi endepandans Ayiti a nan lane 1804, pa gen okenn entèvansyon leta ayisyen isit la nan Brodken ? » Se menm bagay la nou ka di tou pou rès 80% peyi a, nou rele " andeyò ". Ayiti bezwen desantralizasyon tout bon vre. » – « Non, non, non, » di Philippe pandan l ap mete aksan sou sa l di a ak endèks li. "Ou pa ka vrèman pale de desantralizasyon pou yon peyi ki pa janm te santralize vre ." Lè nou gade nan konsèp santralizasyon ak desantralizasyon, nou jwenn de apwòch diferan nan gouvènans.

Nan peyi ki genyen administrasyon santralize initè tankou, Ayiti, Repiblik Dominikèn oswa Lafrans, se nan men Leta santral pouvwa desizyon ak pouvwa administratif la chita. Nan teyori a, li genyen enstitisyon sou teritwa a ki dekonsantre nan Leta santral la. Avantaj model gouvènans konsa sa genyen, se inifòmite nan desizyon k ap pran yo, kontwòl strik ak repons rapid lè genyen kriz. Dezavantaj yo menm, se paske genyen plis distans ak espesifisite lokal yo ansanm ak ris pou leta pran move desizyon.

Yon lòt bò, yon Leta desantralize delege pouvwa pou pran desizyon bay antite lokal yo dapre karakteristik enstitisyon yo (minisipalite, depatman, komin ). Avantaj desantralizasyon an se ke li pran an kont bezwen lokal yo. Dezavantaj yo se mank egalite ki genyen nan kolektivite yo ansanm ak konpleksite kowòdinasyon an. Sa mande yon antite desantralize ki solid ak konpetan nan Leta santral la pou asire kontwòl legalite yo, e ke verifye dezisyon kolektivite lokal yo pran yo konfòm ak règ dwa yo.

Pou sa ki gen a wè ak santralizasyon e desantralizasyon, ka Ayiti a, kote tout bagay sanble konsantre nan Pòtoprens, se yon bagay nou pa wè nan pyès lòt peyi e ki pa gen anyen pou wè ak definisyon tèm nan nan fason Leta aplike l nan jesyon peyi a. Evolisyon istorik Ayiti a te vin fè majorite pouvwa ak opòtinite yo konsantre nan kapital la nan Pòtoprens, sa ki fè vin genyen gwo enplikasyon sosyo-ekonomik. Konsekans yo: twòp moun nan kapital la, twò gwo  presyon sou enfrastrikti yo, gwo diferans ekonomik ant kapital la ak rès peyi a ansanm ak yon limit nan kapasite lòt rejyon yo devlope pou reponn a bezwen lokal yo.

Kisa nou panse ki t ap yon bon apwòch desantralizasyon pou Ayiti? Desantralizasyon se an premye yon volonte politik ki montre ke pèp la, ansanm ak moun k ap gouvène li yo, rekonèt ke otorite lokal yo se youn nan motè devlopman yo rele jounen jodiya devlopman dirab, nan dimansyon anviwònmantal, sosyal ak ekonomik. Se tou yon volonte pou distribye pouvwa sa ki ap pèmèt nou genyen yon demokrasi ekilibre ki pran an konsiderasyon kontribisyon patikilarite lokal yo, yon fason pou popilasyon an rekonèt yo nan yon Leta yo konnen k ap sipòte yo nan devlopman lakay yo. Se yon vizyon kote tout moun kontan epi jwenn kichòy, e ki ap mennen nou sou chimen kwasans ak dirabilite.

Ki kritè ki genyen pou yon devlopman ekilibre nan tout rakwen nan peyi? San pale anpil, rekonesans ke Ayiti pa sèlman kapital la, men tou yon peyi ki chaje divèsite, pwovens ak seksyon kominal. Ansyen ayisyen yo kapab temwaye sa. Se koupe fache ak lide sila ki fè kwè Pòtoprens se sèl antite ki genyen kapasite pou dirije peyi a. Rezilta ki devan je nou an demontre a klè lide santralite sa pa pi bon solisyon ki genyen. Okontrè, dezas ke nou ka wè kounye ya se rezilta ke ansyen lide sa yo pa koresponn ak evolisyon peyi a.

Soti nan elit, pou rive nan mas pèp la, tout moun dwe mete tèt ansanm pou remete peyi a kanpe. Ciceron nan Wòm antik, nan travay li « De Republica » nan lane 54 avan Jezi-Kris, te demontre ki jan lyen konfyans ant "elit yo ak pèp la" se sèl kondisyon pou nan zafè piblik yo byen jere.

Sou premye kesyon an, èske nou kapab desantralize yon Ayiti ki pa santralize? Repons dirèk kesyon sa se non. Poukisa ? Pou vanse, leta dwe chanje vizyon devlopman li genyen pou peyi a. Ayiti dwe konnen ki premye nesesite yon leta fonksyonèl dwe genyen, sa ki vle di : a) yon bon sistèm edikasyon, gason ak fanm ki kapab dirije zafè piblik la byen (pèsonèl politik ak pèsonèl administrasyon piblik santral, desantralizasyon ak dekonsantrasyon); b) yon ekonomi ki djanm e tou ki bay bon jan kwasans ekonomik e ki ap pèmèt nou jwenn mwayen pou desantralizasyon an fèt tout bon vre. c) yon Leta ki gen kapasite pou li byen jere tèt li menm jan l ap jere kolektivite yo ansanm ak patnè entènasyonal li yo.

Anplis sa nou sot site la yo, dimansyon kiltirèl ki lye ak kreyasyon Ayiti a dwe youn nan pwen kapital pou jesyon dirab peyi a tou. Pou jesyon dirab la rive fèt fòk "tradisyon ak modènite" makonnen si nou vle wete Ayiti nan fè nwa, ignorans, ak limizè pou nou pran chimen limyè, devlopman ak konesans. Lè nou pale de desantralizasyon nou pa ta wè l tankou yon objektif politik men kou yon rezilta òganizasyon yon Leta modèn ki byen òganize.

Nan moman pwoblèm sila poze a, ayisyen yo dwe dakò ke yo dwe wè bagay yo on lòt jan pou yo kapab rive jwenn bon jan zouti ak konpetans andann ak deyò ki va bay peyi a jarèt. Sa ki mande nan yon premye nivo sibzidyarite (yerachi), pou leta santral la, mete an aplikasyon prensip administratif sa : yon otorite kapab senpleman fè travay ki genyen rapò ak tach li.

Pandan tan sa n ap kreye, enstitisyon piblik nasyonal ki va responsab tout fonksyonman politik piblik yo, n ap kite responsablite pou defini objektif ak estrateji politik piblik yo sou kont ministè yo. Prensip sibzidyarite va efikas. Priyorite a

nan yon premye tan se, pou ministè edikasyon, sante ak afè sosyal a komanse mouvman modènizasyon sila. Pou sa nou kapab gade sou fason peyi Lasyèd òganize fonksyonnman Leta li a. Li bay administration an sèlman aspè estratejik yo epi bay ajans piblik yo responsablite pou mete an aplikasyon politik piblik yo. Peyi Lafrans, ki gen yon bon administrasyon, pa t rive fè fas ak nesesite sila, paske li te pwofite fè refòm enpotan yo nan zafè modènizasyon pou li te kapab adapte administrasyon santral ak nouvo defi yo, sitou nan zafê teknoloji dijital. Egzanp sa yo demontre gwo enpòtans ki genyen pou leta toujou ap fè refòm nan sektè priyoritè tankou edikasyon nasyonal, menm jan ak peyi Benen, ki dekrete kòm yon priyorite e rann lekòl obligatwa, layik, epi gratis pou tout timoun.

Pandan diskisyon nou an sou gouvènans peyi Dayiti, yon bann rara pete yon petwo san nou pa konn kote l sòti, tankou lê chanpwel rive sou ou, e fè tout moun antre nan won. Menm kote a se gwo lanbyans, dans ak koulè yo fè yon sèl pou yo bay lavi ochan e fè nou sonje, malgre defi yo, lespri ayisyen an paka fè bèk atè. Blan franse nou an, Philippe, wa ta di yon grenn pwa blan nan mitan yon barik pwa nwa, antre nan won ak dansè yo ki t ap « taye on banda ». Mesye dam lasosyete, se wè pou nou ta wè gouyad tèt chat Philippe yo! Gouyad ki te tou fè Philippe tounen vedèt selebrasyon an.

 

Aldy CASTOR, M.D., aldyc@att.net

Prezidan: Haitian Resource Development Foundation (HRDF)

Direktè: Sèvis Medikal Ijans pou Misyon Sekou Medikal Ayiti, Asosyasyon Doktè Ayisyen Aletranje.

Manm, Tèt ansanm Dyaspora Ayisyen

 

Philippe FRANÇOIS, philippefrancois.fr@gmail.com

Ansyen administratè teritoryal nan peyi Frans

Konsiltan nan Biwo Prezidan HRDF.

Gradye nan sosyoloji nan University of Paris IX Dauphine, nan Òganizasyon dinamik ak transfòmasyon sosyal

Gradye nan jesyon ak administrasyon otorite lokal yo nan Inivèsite Paris XII Val-de-Marne

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES