Pou salye mirak bote w komèt
flè louvri
sou chimen prentan
Arivis lapli fè pou mak pye w
se benefis tout lanmè
tout rivyè
ki machande souri w
Defile solèy
ak tout kòtèj papiyon sèke lodè w
pou frennen lanbisyon sitwonèl
avan jwèt la make san
Clunie, kontinan yo renmen lè flè yo ap chante pou ou cheri, chèdèpoul bat fò nan kò tout peyi ki renmen w pou solèy, ki renmen w pou lalin, ki renmen w pou zetwal. Ki mèvèy ki manman w? Ki mèvèy ki papa w? Se kesyon ki sou pankat tout powèm zanj yo ekri pou ou. Byen lontan, lari a ap konte mirak plasman pye w ak melodi kè w nan je vil yo. Ki lanmè ki pa renmen lodè souri w lè vag yo mouri nan pye sab, nan fant tete wòch galèt.
Clunie
M mande papiyon pran defans ou
lè lanmè ap chache Lasirèn nan miwa w
Pou salye mirak bote w komèt sou chimen lakansyèl, zetwal leve alanvè nan rèv douvanjou. Pou salye mirak bote w komèt sou chimen lakansyèl, solèy chanje kadans lavi. Pou salye mirak bote w komèt sou chimen lakansyèl, lapli pote sansiblite sou dwèt bay powèm ki ekri ak sans ou. Pou salye mirak bote w komèt sou chimen lakansyèl, nyaj imite pa w nan videyo syèl fè ankachèt pou chame lalin. Pou salye mirak bote w komèt sou chimen lakansyèl, papiyon pentire lapli ak koulè prefere w. Pou salye mirak bote w komèt sou chimen lakansyèl, lanmè chanje po nan je sab lonbrit ou batize. Pou salye mirak bote w komèt sou chimen lakansyèl, koral zwazo nan bwa chante sou batman kè limanite. Pou salye mirak bote w komèt sou chimen lakansyèl, letènite rete bra louvri. Pou salye mirak bote w komèt sou chimen lakansyèl, san lavi mache pou ou. Pou salye mirak bote w komèt sou chimen lakansyèl, wòch galèt desinen w bay ti van ilan ilan ki dòmi nan panse Lasirèn.
Liv : Anba je flè (Pwezi/Kont) Finalis Prix International de l'invention poétique 2026.
MALABA Pitit Plim
Ekriven-Powèt, Lodyansè, Womansye, Komedyen... Mansyon Espesyal Prix International de l'invention poétique 2023. Prezidan Salon international du livre et des arts contemporains. PDG Éditions Papye9. Prezidan Prix International De Poésie Contemporaine.
