Dòktè Aldy Castor
Chita pale – 2 mas 2026
UNESCO declare 29 avril se jounen entènasyonal dans. Yon lòt fwa ankò dansè ki soti nan chak kontinan yo ap reyini pou selebre ansanm yon mouvman ki bay lakilti ochan. Mouvman sa kòmanse nan lane 1982 gras ak Konsèy Entènasyonal Dans, ki se youn nan òganizasyon ki se patnè ofisyèl UNESCO nan sa ki gen pou wè ak dans. Komemorasyon sila ki fèt chak ane a montre ki jan dans se youn nan nannan edikasyon, lasyans ak lakilti.
Nan lane 2026 la se Seksyon Komite Entènasyonal Dans peyi Etazini ak Komite Entènasyonal Dans peyi Meksik ki ap òganize nan vil Ixtlahuacán selebrasyon sa e se konpa l ap bay ochan. Konpa se yon estil mizik ak dans sosyal ki orijinal Ayiti. Men ane sa a selebrasyon sa vle di plis toujou. Se pa dans sèlman l ap bay ochan men tou l ap selebre 196 lane relasyon diplomatik ki genyen ant Ayiti ak Meksik.
Nou dakò kadanse ansanm. Pa yo tounen memwa nou. Mouvman yo tounen diplomasi. Espektak la li menm yon pon. Nan tèt kalte mouvman sila chita Michel François Jacques. Li se edikatè, koregraf, pwomotè lakilti, li prezidan e se li menm ki kreye seksyon Konsèy Entènasyonal Dans UNESCO peyi Etazini. Pakou pwofesyonèl mesye sa a sanble tèt koupe ak pakou entènasyonal konpa.
Fòmayson teknik ak angajman pou lakilti
Michel François Jacques aprann danse nan Enstiti Entènasyonal Dans. Li konstwi baz teknik li nan lekòl dans salon ak dans latino. Li esplike m ke : « se disiplin ballroom sa a ki aprann mwen estrikti, jan pou m kenbe kò m, jan pou m make pa sou son mizik la. Li aprann kò a respekte fòm.» Ballroom nan ba li displin teknik la men se konpa a li menm ki mare kòd lonbrik li ak Ayiti.
Depi nan lane 1982 Michel genyen lekòl dans li nan Pòtoprens kote l ap aprann moun danse konpa. Li anseye li tankou yon espas dans sosyal, li marye teknik dans inivèsèl ak mouvman ayisyen. Ansèyman Michel pa sèlman chita sou montre moun make pa men li konstwi tou sa nou kapab rele yon literati lakilti. Michel te di m :« pou mwen dans se pa sèlman bèl mouvman. Se edikasyon. Se memwa. Se sikoloji sosyal.»
Nan lane 1979 li dekri yon bagay ki louvri je l tout bon: li pran konsyans ke dans se yon idantite nasyonal tou. Lè pratik ki nan san w yo disparèt se yon pati nan istwa pèp ki efase. Nan ka sa a konpa pa mizik sèlman li se yon achitekti sosyal .
Estritikti mizik, ak bote on ti gouyad
Pou w konprann angajman Michel la fòk ou konprann kisa ki nannan konpa. Nan mizik yo rele konpa « konpa dirèk » li chita sou yon tan 4/4 ki pa chanje. Bas elektrik la ap frape tankou yon kè k ap bat san rete, men pa dèyè l genyen gita, klavye, konga ak tanbou, e tout son sa yo bay mizik sa a ki tonbe daplon an. Tenmpo a li menm pa ni two vit ni two dous li nòmal, se li ki kreye repetisyon ki pran nanm ou an, lè mizik la mache nan san w ki fe tout ayisyen tout rele: « woy men konpa a ! »
Pandan dans latino rapid yo, fè w vire moun nan anpil e fè w fè de seri de gwo pa , konpa a li menm se plis kole ap klere bouk sentiron pandan senti ap brase e se sa yo rele « gouyad »la. .
Anpil fwa etranje toujou mal konprann dans sa. Li pa woywoy, li pa egzajere. Se yon kole sere ki mache ak son mizik la e ak anpil respè tou. Michel toujou ap di :« konpa se tankou yon chita pale, chèf la bay ton an epi lòt patnè a reyaji. Pa gen afè domine, men pito komikasyon. »
Siro ki genyen nan konpa gen anpil disiplin ladan. Senti yo pale tou dousman, pa yo glise, moun nan kenbe w on ti jan di men nou tou de dakò sou sa. Dapre pawòl ki soti nan bouch Michel bwodè sa a se ou menm ak patnè w la selman ki kapab viv li. Nan mitan dyaspora ayisyen an, mouvman sa yo ki soti nan nanm moun nan genyen yon pi gwo sans toujou. Lè ayisyen an ale lòt bò dlo, li kapab vin adapte l ak lang epi anviwonnman kote l vin ye a, men rit konpa ap vwayaje avè l san on yota pa chanje ladan. Konpa tounen sa Michel rele yon ti Ayiti ki toujou nan malèt ou.
Lejann réinterprétation et codification historique
Michel toujou ap rakonte yon istwa ki plis sanble ak on lejann, yon kont o lye yon istwa ki chita sou dokiman, men se pou l kapab montre kote lespri senbolik konpa soti. Li mennen nou nan Ayiti ki nan koamnsman XIX syèk la, nan yon gala kote merenge franse ap jwe nan yon sal ki te genyen sa ran ak klas nan epòk klas epòk kolonyal la toujou. Nan toubiyon inifòm ak pafen yo, yon ofisye lame endijèn ayisyen an t ap danse ak yon fanm blanch ki se madan yon ofisye Napoleon. Mizik la ak kò madanm nan tèlman pote misye ale ke l fon bon brase senti l, yon bèl kout gouyad.
Sa w tande a, mari fanm nan fon gwonde e menm kote a, madanm nan ki sou men li di ofisye ayisyen an kreyòl kreyòl « Si ou konn bout, pa manyen bouda m », Michel pandan l ap rakonte istwa sa. Se pawòl sa ki tounen rit konpa la, pèkisyon an vin ralanti, e mouvman yo tou chanje sou plas. Gen de pafwa evolisyon kiltirèl yo kòmanse sou pis dans yo.
Kit li se yon bagay ki pase tout bon oswa on istwa yo imajine, lejann sa fè nou wè yon verite istorik ki pi gran pase sa. Fòmil mizik ayisyen yo souvan yo fèt nan re entèprete olye nan imite. Nou pran Estrikti ewopeyen nou fè yo vin pi dous, yo makonnen nan rasin ak sansiblite afriken jous li tounen orijinal Ayiti.
Pwosesis transfòmasyon sa jwenn pwòp espresyon pa l nan lane 1950 yo. Nemours Jean-Baptiste mete estrikti ak kòd sou li e fè l toune yon estyle mizik apa. Li mete disiplin nan amoni an, li kenbe menm rit nan, li mete estanda nan aranjman mizik yo, li kreye konpa ki se yon veritab estil mizik ayisyen. Pou m repete mo ki soti nan bouch Michel « konpa pa kopye li transfòme.» E transfòmasyon sa, plis pase tout listwa yo rakonte nou, demontre fòs lakilti ayisyen an.
Rankont ak Nemours Jean-Baptiste
Relasyon Michel ak konpa pa sèlman teyori li pèsonèl tou. Li rakonte nou : « Mwen rekonèt Nemours Jean-Baptiste en pèsòn m sonje sa. Li te konn vin nan vil mwen Okay, poul jwe mizik ak mayestro, Destinobe Barato nan Marabou social Club. Li te yon zanmi fanmi m tou. »
Nan lane 1981, pandan l t ap travay Tele Ayiti, Michel t ap pase mizisyen sa tout moun konnen kòm achitèk Konpa modèn nan enntevyou. Li te mande l poukisa rit konpa fèt ak kadans sa a, poukisa toujou genyen menm batman sa olye li mete sakad nan rit la, poukisa li kenbe moun yo kole o lye li separe?
Dapre Michel, Nemours wè konpa kòm yon ofrann kiltirèl. Li te wè l tankou yon kado li bay pèp ayisyen an. Yon patri ke w kapab mete nan malèt ou. Kèlke swa kote yo ale yo kapab danse epi sonje kiyès yo ye. Se konsa konpa vin plis pase yon senp mizik li tounen yon rezistans kiltirèl pou nou pa bliye Ayiti, menm si lang ak kote nou ye ta chanje nou.
Konpetans ak enfliyans entènasyonal
Michel ki sèmante 77 fwa 7 fwa ke l ap pwoteje epi rann patrimwan koregrafi ayisyen an pwofesyonèl, al viv nan peyi Etazini pou li kapab genyen plis esperesyans nan teknik ak nan enstitisyon mizik yo. Li etidye kijan pou w anrejistre son, sistèm elektrik, sinema ak dwa dote. Dapre li disiplin sa yo enpòtan anpil pou fè lakilti dire o lye senpman fete l, onore l. Michel toujou ap repete :« Si ou vle defann lakilti ou dwe konprann za ak estriskti .»
Nan Florid li mete tèt ansanm ak Arthur Murray Board of Ballroom and Latin Dance Educater pandan l ap mete estrikti nan ansèyman konpa a gras ak sipò didaktik. Li anrejistre tou sou yon DVD pou ansèyman, baz mizik ak koregrafi konpa pou moun ki ta vle konn danse. (videyo referans la https://youtu.be/ogZKdhzcy7A). Li esplike ke : « danse, se entèprete mizik. Se pale, kominike. Se yon fason ou viv. E se kè kontan tou.»
Nan lane 2005 li prezante yon DVD pedagojik sou konpa nan World Congress on Dance Research nan peyi Lagrès, pou l voye Ayiti monte sou sèn akademik entènasyonal la. Aprese konpa vwayaje avèl Anmboug, nan Almay (World Dance Congress), nan Japon (Global Dance Festival) nan End (Kala Ghoda Festival).
Chak prezantasyon bay konpa plis jarèt toujou nan zafè rechèch koregrafi mondyal, li mete l kòm yon plezi sosyal , men tou tankou yon fòm za kiltirèl ak akademi ki genyen plas li. Michel toujou ap repete :« Chak fwa mwen ap prezante konpa m toujou ap repete yon mo : original. Orijinal Ayiti.»
Rekonesans enstitisyon yo ak diplomasi kiltirèl
Dènye efò ministè lakilti peyi Dayiti nan tèt kole ak konsèy entènasyonal dans UNESCO fè pou mete orijin ayisyen konpa a devan se yon etap ki enpòtan anpil. Rekonesans sa a pwoteje diyite. Michel di tou : « rekonèt konpa sèlman pa sifi. Nou dwe gaye l nan kat kwen monn nan.»
Se sa ki fè selebrasyon jounen entènasyonal dans 2026 nan Meksik la pran yon dimansyon senbolik ki fò anpil. Li ap komemore 196 lane relasyon diplomatik ant Ayiti ak Meksik ; pandan y ap kontinye bay bous detid ak fòmasyon ki gen rapò ant Ayiti, Meksik, ak Etazini jarèt. Michel fe nou konnen : « Se pa sèlman yon pèfòmans, se diplomasi kiltirèl. Dans la tounen mouvman. Dans la tounen opòtinite.»
Gerizon ak pataj konesans
Apre Meksik Michel ak kolèg li yo pral òganze nan vil Okay yon kongrè mondyal rechè sou dans konpa kòm yon mòd laswenyay sikososyal. Mouvman sa ap fini Florid pandan douzyèm kongrè entènasyonal rechèch sou dans lan.
Pou Michel travay l ap fè nan dans klè kou dlo kokoye. Li di konsa : « Konpa pa yon rit sèlman. Se yon fòs. Se yon diplomasi san politik. Se laswenyay san preskripsyon doktè.» Li fon ti souri pandan l ap di pawòl sa : « Ou kapab wè tout bagay te kòmanse ak yon gouyad e gade jodiya li se yon mwayen kominikasyon mondyal.»
Pou nou met on bout an koze a
Moman sa yo anpil moun ap jete yo, kilti yo ap fè on sèl ak anpil vitès, men malgre tout bagay sa k ap pase yo nou dwe cheche yon mannyè pou nou toujou kenbe tradisyon ki fè nou konnen nou se aysiyen kole anba po nou.
Dans lan vivan. Li mande pou w la. Konpa se pa yon mòd. Li se epistemoloji relasyon, ak idantite pa w ke w vin genyen gras ak rit konpa e non nan pale anpil.
Lè ayisyen yo ap danse konpa se pa bouje sèlman yo bouje . Memwa yo retounen. Yo konnen kiyès yo ye. Yo santi kòd lonbrik ki mare ak lakay yo. Nan mwa avril la, fyète ak kwayans sa ap vwayaje yon lòt fwa ankò, men se pa tankou yon souvni ki ba w chagren men kòm yon istwa ki vivan
