Savalouwe tout moun : tout bizawèl ; tout tatawèl ; tout fanmi, zanmi, ras, tokay ak vye sò. Malaba Pitit Plim ranmase yon krèy mo wòdpòte ki t ap valkande sou twotwa lekzistans, li pote yo nan bèk plim li, vin pentire vizaj nou ak lajwa.
Depi janvye pral mete pye, tout ri, tout riyèl, tout katye, tout blòk, tout zòn, tout vil lote plezi. Plezi lote 2 pou 5, 3 pou 15, 4 pou 25. Plezi fè galmatcha. Angwo ak andetay. Granmoun kou timoun ap bwote plezi, pa gode, pa mamit, pa barik. Y al pran plezi tout kote : nan lekòl, nan legliz, anba peristil, nan sant kiltirèl, nan tisourit elatriye. Kote plezi a ye yo prale.
Nan moman sa yo, sant bèlte gaye anba tounen chak vil ki plòtonnen nan zokòt peyi a. Tout kay rat mouri. Kay rat sitwonèl, tout ap pwòpte. Vye divan klopi klopan. Kabann katpikèt, kabann an fè, tout ap kouvri ak bèl dra, bèl lenn, bèl dòmidous k ap anbeli rèv nan mitan lannuit.
Lè 31 desann rive menm, mache Dipi pa gen kote pou pike zepeng. Mache a vètomi. Moun fou, moun tèt drèt, moun deregle, moun save, tout kalite moun. Men swasant pousan nan moun sa yo se machann joumou.
Soup joumou wa gou pa w !
Kòmdabitid, anvan premye janvye rantre, m toujou lave vant mwen byen lave. Se pa ak savon, klowòks, fab, digo non ! Pou m byen di nou, m pa manje manje ki lou. Ti manje lejè, pou m ka mache bwè soup kay vwazinaj, kay tonton, matant, kouzen, kouzin ; kay parenn ak marenn mwen.
Se pa visye, saf, devoran, aloufa m ye non ! Se konsa gran paran m montre m selebre endepandans peyi : m nan kè kontan ak griyen dan. Se yon jès patriyotik ki fè lanmou triyonfe nan kè Desalin, Kristòf, Boukmann, Peral, Manno Chalmay, Kastra, Jan Dominik, Jak Wòch...
Premye janvye sa m pral pale nou de li a la a, se te yon gwo jou dimanch. Yon jou anmè kou fyèl. Yon jou siwo myèl. Yon jou lalwa. Yon jou rapadou. Yon jou asowosi. Yon jou alsiyis. On dous on cho. On lo vyann, on lo zo. M fin bwè kont soup joumou m, vant mwen won k on balon djaboulani k fèk dekachte, detire pi mal ke vant zotobre a babin ki gaspiye lajan petwo karibe nan manje pwason bò lanmè.
Anba yon solèy pwa senkant kote swè ap soti nan rèl do m pase desann nan fant bouda m. Rad mwen mouye tranp. M ap mache di moun « Bon konba ». Depi milan santan grann mwen t aprann mwen lavi Ayiti se grenn nan bouda, rat pa kaka. Se poutèt sa, m pa janm di moun « Bonne année ». M viwonnen bouk la kouwè bakòp zoreken k ap fè patwouy. Apresa m retounen lakay mwen.
Lè solèy la fin dekrase mezi kras pipi kite nan kòd grenn li nan tèt kretyen vivan, m abiye m byen bòzò. M fre kou fèy bwa Me. Tchas nan tèt mwen klere pase plim kolasòt. M fè yon bèl koup nan tèt mwen. Se pa « Coupe du monde », « Coupe América », « Coupe d' Europe » non ! Modèl bòs fè nan cheve. Yon koup ki rele « kouvèt chodyè ». M te tou akonpanye l ak yon siy Boudjou.
Lè m pran lari a, m ap monte, ti do m, m chanje mach kouwè tibredjenn ki pral blofe limenna. Gen yon grandèt ki rete sou katye a ki rele bòs Abou. Se youn nan pi gwo bòs ebenis Ti Rivyè Latibonit genyen. Tout ti tchovi ki fèt nan katye Tamaren, bòs Abou bay tout nèt ti non jwèt. Genyen li rele Kakabwa, Pwèlfina, Rachepwèl, Tètkapèt... Li gen non pou tout.
M manke bliye m pa di nou, laj fè tiyon sou zo bwa tèt grandèt la. Nèg respè !
Sa nou kwè l di m lè m parèt ak koup la !
--- Ooo ! Tikòk, sa w fè nan tèt ou la a ?
--- M pa fè anyen non, bòs Bou.
--- Mesye ! Ou pa nan pwèl pent !
--- Manzè Tani poko wè w ?
--- Manman m pa la non.
--- Si m te ou, m t ap al wete l wi.Paske m konnen manman w pa nan rans avè w. Si pwèl ou pa t swa, ou pa t ap janm f on bagay konsa nan tèt ou.
M siveye l. M mawon kouwè nèg sou tan lakoloni. Lè l vire, m fè twa pa pou m al chita sou rasin tamaren an, kot nèg yo. Men nan jan m wè nèg yo sispèk tankou se chen k pete legliz la, m oblije ret kanpe dwat k on ti estati nan repozwa kay gwo zouzoun. Len ap gade lòt y ap ri. Gen youn ki di : « Woy gad on tèt benezwèl ! ». Gen yon lòt menm ki di : « Jodi a sanble se fèt li, li fre konsa a. Li te sere rad sa yo pou l mete premye janvye. Apa s on Tijanvye misye te ye ! »
M p ap kache di nou sa. M wont !
Nèg yo ban m tout koulè fawouch nan jou a : fawouch nwa, fawouch blan, fawouch ble, fawouch gri. Mwen wè disèt koulè lakansyèl. Se kont pou m ta f on sèl kout san m touye tèt mwen.
— Tijanvye
—Pa rale rad mwen
— Gwo soulye
— M di nou non !
M tire yon bannann masòk dèyè youn, li koule. Mwen sot tonbe sou fas, bip. Moun ki t ap pase tonbe ri m. Malgre sa m kenbe kè, m pa rele. Men, m wont ! M ranmase so a epi m leve m siye kò m.
Chans pou mwen, mwen wè Wozi Flè Kayimit ap pase desann nan kafou madan Simon sou ri Pòl Ejèn Maglwa. Mwen pete yon sèl boulin kouri, kòmsi m ta di nou, mwen pase tout senk vitès ki anndan vant mwen an. M al soti nan djòl koridò madan Bètran.
M estasyone m an bon jènjan. An bon matcho. An bon blòdè An bon bredjenn : de ti men m foure nan pòch mwen. M ap konte koze nan lespri m. M ap priye nan kè m. Paske bote Wozi se blokis bonnanj mwen pè travèse. Bote l pa nan soustraksyon ni adisyon. Se miltipliye bote l ap miltipliye chak jou bondje foure nan almanak lavi. Manmzèl twò bèl ! Bote l chire batman kè m. Se pa on zoratmawon non ! M ap file l byen lontan wi. Ti konmkonm pa t menm ko mande Bondje pou l goumen ak manzè Berejèn. Li ban m bò wi. M pa konn si se filmòl l ap ban m. Mwen wè l ap vini an souriyan, an chantan. Mwen resevwa l an dansan.
«Mwenlevedimanchmatenmalelegliz Mwenrankontredetwatimesye mwendiyobonjou Mwendiayayaycherimtafontibo Tiboralemouchwasiperyèllisiyefigim Lèmarivesoutètnasyonalkiyèsmarele Marele... »
Wozi kouri vin vole sou mwen. Mwen kontan. S on bagay m t ap chache anlè m jwenn li atè. M santi m nan bouyon rejwisans mwen. Mwen pran san m. M keyi yon bann ti mo dous nan jaden pwezi fè l kado. Li kontan. Li tou ban m pwèv. Si w ta wè lonje djòl mwen pou tibo a pa sot tonbe.
Priyè a monte gras la desann. M vole anlè kouwè lè Christiano Ronaldo fè twa gòl nan yon sèl match « Ligue des champions ». Nou planifye pou n al f on ti benyen nan plaj
« L'Ester beach ». Kote karès ap tonbe tankou grenn lapli. Pou n al goute dousè lavi anba lakay. Nou separe. Li fè agoch. Mwen m fè adwat.
Lè m rive lakay la, manman m desann chalè kè kontan an pou mwen ak yon woule chaplèt, poutèt, m fè koup la nan tèt mwen an. M oblije kouri ak tout rèl la pandje nan bouch mwen pou m al jwenn yon bòs kale tèt mwen tou wòz.
Lè m rive, bòs la ban m yon ekip ti sinyal, yon ekip ti limyè wouj pou m jwenn vire nan kafou byen alèz.
Annapre, m al kay marenn mwen Mirèy. Lè m rive, marenn mwen byen kontan resevwa m.
— Bonswa marenn !
— Bonswa fiyèl !
— E pa w pa bo marenn ou ? Fè ti ba pou marenn ou, fiyèl. (Mmmmmmmm ouaaa !)
— Gad ki jan fiyèl mwen fin fè gwo gason.
— Ki laj ou, kounya fiyèl?
— 16 an marenn.
Depi tan n ap pale a, Marenn mwen lage m nan yon gwo plat soup joumou, kote tayo ak bannann ap koule leve san rete. Lè m prale, Marenn mwen fè m kado 25 goud ak 2 gode pwa mwa kòm zetrenn.
Liv : Byennèt pou tout moun (Lodyans)
MALABA Pitit Plim
Ekriven-Powèt, Kontè, Lodyansè, Komedyen, Womansye. Prezidan Salon international du livre et des arts contemporains. PDG Éditions Papye9.
