Jounal Le National te gen plezi rankontre powèt Manno Ejèn, yon ekriven ki chwazi sèvi sèlman ak lang kreyòl ayisyen pou pibliye tout zèv li yo. Travay li make pa yon angajman pwofon pou lang manman an, yon chwa ki pa sèlman estetik, men tou yon pozisyon kiltirèl ak ideyolojik ki mete valè sou idantite ayisyen an.
Depi powèm istorik “Choucoune” Oswald Durand lan, rive nan zèv Félix Morisseau-Leroy ki te pote kreyòl la sou sèn teyat ak nan liv, san bliye “Dezafi” Frankétienne ki make literati modèn nan, lang kreyòl ayisyen kontinye enpoze tèt li kòm lang kreyasyon, panse, ak refleksyon pwofon. Se nan menm liy sa a powèt Manno ap mache, pandan l ap montre kreyòl la se pa sèlman yon zouti kominikasyon, men yon lang pouvwa, emosyon ak vizyon.
Entèvyou ak Manno Ejèn
Le National: Ki sa ki te pouse ou chwazi ekri sèlman an kreyòl?
Manni Ejèn:
Anvan mwen reponn kesyon an, mwen te vle pote yon presizyon sou de erè grav ki poze nan fòm kesyon an poze a : " ekri an kreyòl ". Yonn, pou fè konnen, lanng tout ayisyen pale a, li se yon lanng kreyòl. Yonn nan dives lanng kilti kreyòl la kreyol yo. Yo pa ta dwe rele li kreyòl, men pito ayisyen, ou pito lanng ayisyen. Menm jan nou kapab di genyen plizyè lanng kilti latin nan kreye, tankou : franse, italyen, pòtigè, espanyòl, elatriye.
Dezyèmman mwen vle klè pou tout moun, mwenmenm Manno Ejèn, mwen pa ekri an kreyòl. Di li konsa se fè mwen pase yon etranje ki aprann pale oubyen ki ape fè efò pou metrize ekriti lanng ayisyen an. Kòm ayisyen mwen kapab ekri an franse, an anglè, an epanyòl... paske yo se lanng etranje pou mwen. Lanng mwen ale lekòl pou mwen aprann pale yo, ekri ladan yo. Sa pwouve mwen metrize lanng sa yo, se pwouve konpetans mwen ladan yo.
Pito mwen kapab di mwen ekri kreyòl, mwen ekri nan lanng mwen. Sa ki vle di, m ape ekri kilti mwen.
Men pou reponn kesyon ou an, mwen kapab di, mwen chwazi ekri lanng mwen, nan lanng mwen , li se tou dabò yon kesyon ideyolojik, politik. Li se tou, yonn nan fason pou mwen afime kilti kreyòl mwen, pou mwen asime kreyolite mwen. Se sa mwen rele kreyolizay la, nan sans : " kreyòl " pou lanng, kilti, sivilizasyon, fason panse. Epi " lizay " kòm abitid, respè, bon manyè.
Ki fè kreyolizay la, pou repete Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukouwouj, 21 août 2024), lanng lan se pa sèlman yon senp mwayen kominikasyon, men pito valorizasyon li nan ranfòse santiman apatenans nou, fyète kiltirèl tout ayisyen an jeneral fè pati a. Men tou, se apresye eritay zansèt yo kite pou nou, detèminasyon yo pou yo te konstwi yon lòt fason panse, yon nouvo vizyon sou monn nan, nan tou sa ki antoure nou anjeneral, vizib oubyen envizib.
Ekri nan lanng ayisyen an se pote kontribisyon pa mwen pou anrichi devlopman literati sa a.
Le National: Nan je ou, ki wòl lang kreyòl la dwe jwe nan literati ayisyèn ak nan devlopman kiltirèl peyi a?
Manno Ejèn:
Lanng se zouti yon kilti bay tèt li la pou li eksprime sa li ye, diferans li, kapasite li. Nan sans sa a lanng nasyonal ayisyen an, lanng kreyòl ayisyen an genyen tout enpòtans li nan devlopman literati ayisyen an, nan devlopman kiltirèl peyi a an jeneral, sou plizyè rezon, tankou pa ekzanp :
Identité kiltirèl.
1- Kreyòl la se pati entegral idantite kiltirèl ayisyen an.
Se li ki anmezi reflete pi byen : istwa, tradisyon, vivasyon epi valè pèp ayisyen an.
2 - Ekspresyon literè
Kreyòl ayisyen an pa pote non li pou bèl twèl. Li ofri yon richès ekspresyon literè ki pèmèt ekriven yo eksprime yo fason ki pi natirel, epi touche emosyon lektè yo nan yon fason ki pi efikas.
3 - Sou plan edikasyon
Se depi plizyè jenerasyon lanng lan ape jwe yon wòl li, make enpòtans li nan edikasyon peyi a. Pi patikilyèman nan premye ane fondamantal yo. Li pèmèt timoun yo aprann pi fasilman, epi konprann plis, e pi byen.
4- Nan devlopman kiltirèl
Li make tout istwa kiltirèl peyi a sou plizyè fasèt, tankou nan : mizik, teyat, sinema, elatriye.
5 - Nan kad yon revalorizasyon
Mwen rete kwè li enpòtan pou Leta ayisyen envesti plis, atravè diferan enstitisyon li genyen ki konpetan pou sa, tankou Palman an atravè lwa ki kapab vote. Nan diferan ministè : edikasyon, lakilti, patrimwà, elatriye, pou yo tabli pwojè epi mezi ki pou valorize lanng lan. Kreye aktivite pou ankouraje tout sosyete ayisyen an pou yo apresye, damou lanng yo pi plis. Epi pou divès milye kiltirèl yo pou yo mete plis aksyon nan revalorizasyon lanng, nan kapasite richès li pou li eksprime tout nyans kiltirèl peyi a.
Ankouraje epi envesti nan literati lanng nasyonal la :
1. Nan pwovèb, epi kont. Etidye, fè plis rechèch sou pwovèb yo, sou kont yo. Mete plis emisyon radyo, televizyon, bann dinen pou ede plis moun konprann tout sajès, epi richès tradisyon pèp ayisyen an genyen.
2 . Nan Pwezi : Aprann epi ankouraje yo apresye tout bèlte ki nan ekspresyon poyetik lanng lan, tout emosyon li charye.
3 . Teyat. Kòm fòm ekspresyon kiltirèl epi idantite ki mande plis envestisman.
4 . Touris. Kòm lanng nasyonal, li kapab atire plis touris ki enterese nan kiltirèl ayisyen an, epi kontribye anpil nan devlopman ekonomik peyi a.
Se pou tout rezon sa yo nou di lanng ayisyen an kapab ede nan pi byen nan devlopman, ni nan peyi a ni aletranje.
Le National: Ki defi oswa baryè ou rankontre kòm yon ekriven k ap pibliye sèlman an kreyòl?
Manno Ejèn:
Apre plis pase 60 ane ekriti, pi gwo defi mwen, se lè mwen ava wè milye literè lanng lan avèk pwòp enstitisyon li, tankou yon mache òganize.
Pi gwo defi mwen se Leta, se prejije klas ekonomik la vizavi lanng lan, vizavi literati lann lan. Nan yon peyi pov tankou Ayiti, se lè mwen wè leta ki ape sivansyonen plis pwodiksyon liv, plis konkou literè. Se lè mwen ava wè klas ekonomik ki ape envesti nan literati lanng nasyonal la. Sa ki prale redui pri liv yo, rann literati pi aksesib, pi demokratik.
Le National: Kisa ou ta renmen jèn ekriven ayisyen konprann sou valè ak fòs lang manman yo?
Manno Ejèn : Mwen ta renmen tout jenn ekriven yo konnen epi konprann tou, lanng manman an se pa sèlman yon lanng nasyo al, ni yon mwayen kominikasyon li ye sèlman, men tou li se yon fason pou nou eksprime kilti nou genyen an pataj la, tradisyon nou, valè tou sa nou ye, epi ki kapan transmèt istwa nou. Li se yon lanng ki trè rich, ki fleksib, ki kreyatif. Yon lanng ki kapab adapte li fas avèk tout sitasyon yo kapab twove yo.
Men sitou, fè yo konprann lanng manman yo a se tout yon fòs li ye. Yon lyenaj ki marande nou avèk rasin nou, avèk kominote nasyonal epi revele nou bay monn nan. Li se sèl lanng ki anmezi devlope idantite nou, eksprime nou epi kominike avèk lòt moun.
Mwen ta renmen yo asime kreyolizay yo. Seta di, nan afime vivasyon yo kòm pèp, kòm manm yon sivilizasyon kreyòl. Fè lanng lan tounen yon pati entegral nan lavi yo, nan èv yo. Pou yo ta pi kreyatif nan pwodiksyon yo.
Le National: Èske ou panse lekòl yo dwe itilize plis literati kreyòl nan pwogram edikatif yo? Poukisa?
Manno Ejèn: Wi, mwen panse ministè edikasyon dwe ankouraje lekòl yo itilize plis èv ki fèt nan lanng lan. Pote modifikasyon nan pwogram edikatif yo ki pou penmèt timoun yo konekte avèkk rasin yo, avèk tradisyon yo, avèk valè yo.
Devlope konprensyon yo nan aprantisajyo. Penmèt yo aprann pi fasil, paske li se lanng zantray yo, lanng ki pale lakay yo.
Pasle, devlopman literati lanng lan penmèt yo devlope langaj yo, dekouvro epi aprann nouvo mo, Aprann y reyestriktire fason yo eksprime, jan y ape eksprime.
Paske yon literati nan lanng lan pèmèt devlopman yon imajinasyon pi kreyatif.
Paske plizyè etid ki fèt sou kesyon an montre timoun ki aprann nan lanng manman yo genyen pi bon rezilta akademik.
Le National: Kisa ou ta renmen lektè yo pran kòm mesaj prensipal nan travay ou yo?
Manno Ejèn : Mwen kwè lektè mwen yo kapab aprann mwen se Manno Ejèn, yon powèt, eseyis, jounalis, ekriven kreyolis ki fèt an 1946, nan Kamagwe, peyi Kiba. Li pase titès li nan vil Pòdpe (Nòdwès Ayiti), epi ki grandi epi fè yon pati etid li nan Pòtoprens. Li se yon kreyolis militan, defansè lanng ayisyen an, ki ekri sèlman nan lanng sa a.
Mwen se yon ansyen manm Mouvman kreyòl nan ane 60 yo, manm retrete, yonn nan fondatè Sosyete Koukouy seksyon Kanada. Mwen se yon ansyen manm patisipan nan komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen (2011_2013). Yo kapab aprann tou, mwen te pran mayòl Prix National Jacques Stephen Alexis de la nouvelle, pou tèks « De ti tou pou deklete lalin » (1998), epi mayòl Pri Mouvman kreyòl haïtien (1966).
Lektè mwen yo kapab rive sènen mwen pi plis, nan aprann anpil enfòmasyon sou kalite moun mwen ye, avèk sou demach ekriti mwen divèsite ekriti mwen abòde, estil mwen, ansanm avèk tematik mwen devlope nan èv mwen. Yo kapab dekouvri tout enpòtans lanng tout ayisyen pale a genyen nan lavi mwen, nan ekriti mwen; sou idantite kiltirèl mwen kòm ayisyen; sou mounite mwen, lanmounite mwen genyen an pataj, epi sou plizyè lòt bagay ankò.
Yo ava konnen mwen se powèt, yon eseyis, yon jounalis retrete. Yo kapab genyen yon ide sou diferan liv mwen pibliye, tankou : Ekziltik (1888) ki se eksplorasyon yon tematik, tantatif ekriti sou lekzil, yo idantite kòm yon dyaspora nan yon imigrasyon ki dechire mwen pakanpak; sou aganmafwezay¹ mwen sibi nan liv Sezon papiyon an (2007) ki se yon chante danmou, yon chanson pou libète. Yo ava aprann, nan Aganmafwezay (2008) se ekspresyon kreyativite mwen, fezèdte imajinasyon mwen. Pandan yo kapab dekouvri Pwezi pou anwoule tan mwen (2024) se yon refleksyon sou lavi avèk lanmò, avèk enfliyans tan an sou mwen. Nan Se mwen ki mwen: Lèt mwen ekri tèt mwen (2024), limenm, ki se yon refleksyon filozofik sou entimite mwen, yon plonje nan fenfon mwenmenm.
Avèk chwa li fè a, powèt Manno Ejèn kontinye ranfòse pozisyon lang kreyòl ayisyen kòm yon lang kreyatif, pwisan, e ranpli ak lavi. Travay li antre nan liy tradisyon powèt ak ekriven ki te ouvè chemen an, soti nan Durand, rive nan Morisseau-Leroy, jiska Frankétienne. Se yon rapèl klè ke lang kreyòl la se zo rèl do idantite ayisyèn nan, e li merite tout plas li nan literati ak nan lespri pèp la.
Pawòl Feguerson Fegg THERMIDOR ranmase
ecrivainfeguersonthermidor@gmail.com
