Ou ka save
Ou ka filozòf
Ou ka powèt
Ou ka pent
Ou ka imanis
Ou ka onèt
Ou ka santi ou moun tou
Ou ka anba palmis libète a
Men pa janm di grannèg fout
Pou li pa keyi kalbas
Fè kwi mete nan men ou
Ou ka save ak rasin kare nan lespri ou
Ou ka filozòf k ap poze kesyon sou tèt ou
Ou ka powèt ki di lavi nan tout metafò
Ou ka.pent ki fè lakansyèl nan sous dlo
Ou ka imanis ki renmen tout moun
Ou ka onèt ak degouden penitans
Ou ka santi ou moun kote moun moun
Ou ka anba palmis libète 1804
Depi ou di grannèg fout
Se ak kwi kalbas ou ap mande diyite
Cheriscler Evens
Pwofesè, powèt, jounalis