Association FEL Caraïbes « Kanpe pou lapè ak patrimwàn pou kwape laperèz»

Sou rezo li yo, Association FEL Caraïbes anonse dimanch 21 avril 2024 la yon nouvo pwojè li batize « Kanpe pou lapè ak patrimwàn pou kwape laperèz ».  Pwojè sa a genyen nan djakout li plizyè aktivite tankou : atelye kreyasyon powetik, kozri ak konferans sou tèm lapè ak patrimwàn, atelye teyat, elatriye. Nou te kontan kontakte Doktè Marie Jocelyne Pierre pou plis detay sou pwojè a.

« Jan nou toujou kwè sa nan Association FEL Caraïbes, lè tout bagay parèt febli nan yon peyi lakilti se dènye ranpa pou lavi pa fayi. E, asosyasyon kiltirèl yo, kreyatè yo ak operatè kiltirèl yo genyen yon wòl santral nan demach sa a. N ap viv nan yon sosyete kote laperèz blayi kò li prèske tout kote. Anyen pa an sekirite. Ata menm richès patrimonyal nou yo, ki se temwanyaj pase nou kòm pèp, pa epanye. Konsa, ak sipò Ministè lakilti, « Haut-Commissariat des Nations – Unies aux droits de l’homme epi Tamise ki responsab aspè kòdination ak lyezon an,  nou lanse nouvo pwojè sa a ki konsène esansyèlman elèv lekòl, oubyen si w vle, jenn fi ak jenn gason nan Pòtoprens », nou t ap site Kòdonatris jeneral Association FEL Caraïbes la, Doktè Marie Jocelyne Pierre. Daprè madam Pierre, yo gentan pran tout dispozisyon nesesè pou aktivite yo demare nan fen mwa avril la : « Gras ak dinamis kòdinasyon aktivite eskolè FEL Caraïbes ki genyen nan li pwofesè Jonathan Thermidor ak pwofesè Patrick Ellias. N ap kòmanse premye aktivite nou yo 29 ak 30 avril k ap pwoche la a kote n ap genyen yon atelye sou pwezi ak yon fòmasyon sou aktora (Fòmasyon aktè). Nou rete plas pou sèlman twa patisipan pou chak aktivite yo. yon moun ki enterese kapab kontakte nou sou imel  nou ki se  felfestivalkarayiv@gmail.com». 

An kolaborasyon ak patenè li yo tankou Fondation Maurice Sixto, Organisation Martiniquaise pour le Développement des Arts et de la Culture, Observatoire Patrimoine, Association FEL Caraïbes se ògàn ki responsab reyalizasyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl an Ayiti chak ane. Se powèt Anivince Jean Baptiste Ki fonde li.

 

Frantzley Valbrun

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES