Powèm Nasyonal

Powèm Nasyonal kaye No2 a vini ak senk nouvo powèt tout plim tout plimay. Nou pote senk nouvo souf k ap deboutonnen anba ti vant leta, konte grenn siwèl nan syèl jouk sosyete n rejwenn gou lavi, libète ak lanmou. Kaye sila pibliye pou ranfòse ak fè plis pwomosyon pou Pwezi ak Kilti lakay, se yon kokennchenn kanpay sansibilizasyon ak vilgarizasyon sou lang ak Literati Kreyòl ki regwoupe divès Powèt Ayisyen toupatou sou planèt la. Pa janm bliye inisyativ sa se powèt Wilkens Scott Fifi ak Godson Moulite jounalis kiltirèl ansanm ak lòt kolaboratè tankou Powèt Philippeson Juste (Mapou lib e libè), Dawinson Saint Charles aka Malab'art (Grafis) ak Tètpwav Solèy (Atis Pent http://www.tetpwav.com) ki pote l pou ou.

Powèm Nasyonal Sosyal

1

Kanmarad

M reve dlo / M reve van

M reve syèl ak tè a pouri Nan yon sèkèy madoulè nan lari pòdpè

Simetyè tchoupe sou mò Mò tchoupe Bawon Kanmarad M reve pòdpè nan yon dans makwali 

Jan Wilkens Scott Fifi te di a

Se fanmi mò k kriye / se pa mò

Kanmarad

Zo rèv la pa bon pou fè bouton.

Zambo Boukan Zhèd, Pòdpè / Ayiti

 

2

Dyela, Jezi Pa La

Dyela, Tout ti fi se sonj bòlèt Leta toujou bliye Se sa k fè se pa ni nan dòmi

Li kontre kare ak rèv ou… Ou pral gen pou w temwen non w tranzisyone W ap pote tout non

Anvan menm ou ta rive pouse tete.

 

Menm lè sa a Dyela, Pa kite yo konfonn ou pou jou W ap gen pou w fanm nan.

Si depi jodi a ou pa ka danse ak van an Ti fi ou ye a p ap janm vid limanite bezwen ranpli a.

Lè w kanpe ou dwe konnen

Te gen moun Ki te pote ase kouraj pou w viv lib,

Lè w kanpe pou flè te pouse anba pye w,

Se pa mouch sou tout kadav ba

Dèlma

Pou w kite ap vante w san soutyen.

M ap di w sa a

Pèrèz ou yo se yon Sonata

Ou se yon solis

Sou wout Nasyonal bay peyaj Pou andire koneksyon initil ant de ekstremite, Pye w dwe lejè nan Pòtoprens !

Leve !

O pitit fi m leve!

Angaje yo ak fòs pou esans ou

Yo pa ka kenbe nan kaj

Ninia Bien Aimé (Tipowèt)/Miyami, Florida

 

3

M vomi eta Leta

Kite pwezi a vide pou l ret vid

Pou kè rim yo pa plen

Leta pay / Leta vaykevay

Se lannuit pou n vannen sa

Leta enferyè

Santiman grapyay

Rezilta grabday

Leta pwòp kouwè siray Mezanmi, Men boul mikwòb la Nan malpwòp li

Byen mal okipe

Pòtre pwason gate sou waf

Malherbe JOSEPH (Relem Moun)/Okap, Ayiti 

4

Pwason davril Minui 77 Revèy katedral resi afiche lè endig Premye mirak sendenden

Premye novanm pran nan pwason davril 8 jiyè 

Pawòl la plen dyòl

Gran tit nouvèl la pèdi mezirèt Avan katrè Lavant jounalis antre jounal

Nanpwen jenou kwochi Nan

lapriyè kapital

Trap de Amèn kouri 9 milimèt Pak an pak tan tchak tchak letènite Pwentiye, tirè

Leta ak ranpli vid simityè Jilèt bouyi, ministè boukannen Lari a konn doulè règ

Toum tak, toum tak Egui desann mòn, minis albatwòs Pèp pè Leta pèpè

Tap glòt Oseyan vale revolisyon pasifik 

Tout ri tout rèl

Tout ri tout riyèl melanje

Lari a pa pou kò l

Chaje mò atè

Egui ap monte mòn

Dlo je ap neye kè Zetwal yo dòmi nan pye nyaj

Nan klere tou pou antere plenn

Solèy tonbe l pa leve

Youn pa youn

Tout pwovens Jwenn tikal kapital Batistè Pòtoprens pa t janm fèt sou non l.

Ruthza PAUL, Leyogàn / Ayiti

 

5

Sa lougawou bay chen kenbe

pou li

Devan pòt simityè

Fènwa pwès gen tranche

Nan je Bawon lari a fè kansè Tout pòt kay sou gran ri tounen lanvè Lannwit ap jape / L anvi bwè San

Lari a lou kou pwa senkant

Nan ren de chen ki kole

K ap chare zombi pye atè

Se ak zo mò yo bat galipòt

Pilonnen, krabinnen, Kat pye sou tonb Blip!


Yves Romel Toussaint, Ench / Ayiti

 

Powèm Nasyonal Santimantal 

1 Chak ti koze nou pale

Se de dwèt nou kwaze inosamman Se yon kwa nou fè sou kè n

Sou kè Sen Monfò

Ak sou kè Papa Bondye

Jouk pwomès nou jwenn plis jèvrin Èske w konnen chak nou souri Se yon branch lavi nou kenbe ansanm Se yon lòsyè lanmou pyès zouti pa ka mezire

Ooo solèy

Ooo labrenn dimaten

Lakansyèl la kanpe sou pye l

L ap mouri je ban mwen

 

Lè nou souri

Se de dwèt nou / se san n ki kwaze Inosamman jouk pwomès nou Jwenn plis jèvrin

Chak nou kontre Chak ti koze nou pale

Se yon long kwa toudennpyès

Nou fè sou kè n

Sou kè Sen Monfò

Ak sou kè Papa Bondye

Zambo Boukan Zhèd, Pòdpè / Ayiti 

 

2

Se nan renmen w

Mwen konnen mil koulè lakansyèl; Farinen souvni nou nan do kostim diktati.

Men longè kòl nan kou yo

Yon kosyon transandans,

Kote tout senfoni balonnen kwoke

Fòk nou ta gen yon koulè ki rete n.

Kè m lontan pèdi fil kab li Nan klandesten, Lari a se pou Leta li ye.

Demi souf ki rete m nan

Se pou m pote w sou do m

Pou m pa temwen kadav ou Kouwè bwat jina devan palè.

M a kriye si gen tan!

Ninia Bien Aimé (Tipowèt)/Miyami, Florida 

 

3

Diva…

Nan ban dèyè w

M se yon lyon

Sou do douvan w

M se yon mouton

K ap manje vyann pou zèb Rèl mwen chire / pete nan sezon karès ou Diva…Diva… Diva

Se ou k kat kara ekla baraka lasata manman penmba Vire m non,

Tounen m non,

Nan ban dèyè w

Ou se yon matla bonbe kare

Pap la deklare douvan w katolik Ou Lepèp konnen w se Diva

Mwen m konnen

Ou se chaplè konfesyon m

Lè granmoun pa la

Ak balèn mwen nan men m M ap resite jekwazandye / Pè toupuisan

Kondui nevèn ou nan senk ne / venn / ra senti

Ansanm pou n fè kominyon

Nan kalis / riyèl juisans lavi.

Malherbe JOSEPH (Relem Moun) Okap / Ayiti 

 

4

Kò pèdi 

Aswè a m ap fè vèy ou ak lalin nan Zetwal ap koute dèyè nyaj

Lwanj renmen w

M ap pwomennen sou tèt dyòl 

M pran nouvèl

Galata gate santiman

M ap flannen ak Batman kè m Nan pla men m pou m depoze nan pye w

Ou pa bezwen pèdi tan

Nan veye jan w mache

Ou twòp pou tè

Pa lontan n ap renmen kò pèdi

Aswè a ankò

Imaj ou plen tèt mwen

M boukante bonnanj mwen Ak sant swe w,kò m boule rapyetè Batman kè m pòtrè dou m gaz

Eko l fè madebat nan fant janm

mwen Kè m twò piti pou m renmen w Kite m renmen w ak tout kò m! Ruthza PAUL, Leyogàn / Ayiti 

 

Rèv mwen tatouwe nan souf ou Kèm pandye / m ap toufe san plenyen Chak kout Je ou banm S on kout kòf fizi k grafonyen bò kèm 

Fè m karese nanm ou ak bouch mwen Cheri Fè m danse / pyafe nan siwo kann ou Jouk pye m glise nan fant kò w

Fè m naje / ale vini nan pla men w

Fè m woule desann / fè kè m fann tou kanpe Pou san m tounen rigòl dlo wouze jaden w Fè m damou w jouk zetwal nan tèt mwen Fè dappiyanp devan pòt ou

Rèv mwen se yon kout rèl m fè w cheri Avan jou kaye san, nyaj yo chire jis nan do

Chak kote m pase lari a gen sant fanm Lari a gen sant kò w tatouwe rèv mwen

Tou kòche !

 

Yves Romel Toussaint, Ench / Ayiti

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

15 COMMENTAIRES