FDSE :Lansman chè sou lang kreyól

Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik (FDSE) nan Inivèsite Leta Ayiti a pran inisyativ pou li kreye yon Chè Kreyòl. Lansman ofisyèl aktivite sila a te dewoule nan Rektora Inivèsite Leta Ayiti, jou ki te 21 fevriye 2024. Visprezidan Akademi Kreyól ayisyen an ( AKA) Rosilia François raple pou tout moun alawonnbadè Akademi Kreyòl Ayisyen, nan tèt-kole ak Inivèsite Leta Ayiti ak divès Fakilte Dwa an Ayiti, déjà pran tout dispozisyon pou yo tanmen yon pledwaye anfavè entegrasyon lang kreyòl la nan Lajistis.

Lè li te pran lapawól , Rosilia François nan non AKA di li kontan anpil pou tout   inivèsite leta Ayiti a pran pou lang manman an blayi jan li vle tout kote nan sosyete a. Yon  mannyè pou moun nan popilasyon an jwenn jistis nan lang li, nan lang li pale ak nan lang li konprann toutbon an, lang manman li an, lang kreyòl. Jounal la pibliye Yon bout  nan diskou li te fè.

 

« Pou selebrasyon 24èm Jounen entènasyonal lang manman, Akademi Kreyòl Ayisyen chwazi kòm tèm: “Kreyòl Lang manman: kreyòl nan lajistis”. Tèm sa a genyen tout sans li sitou lè nou konsidere lang manman nou an poko jwenn plas li merite a nan branch lajistis la kòmsadwa. E se pou sa, nou kwè jounen 21 fevriye sa a se yon jou istorik kote plizyè enstitisyon mete ansanm pou yo : kore inisyativ Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik (FDSE) nan Inivèsite Leta Ayiti a pran pou li kreye yon Chè Kreyòl. Nou nan ane 2024 ki make 10èm lane egzistans enstitisyon an. 10 an apre kreyasyon AKA, se yon lonè pou li patisipe nan kalite pwogrè evènman sila kòm yon siy yon gran pa annavan nan konba n ap mennen pou lang manman nou an. Lòt pwen enpòtan ki merite nou dwe siyale : se yon inisyativ ki dwe pèmèt peyi a gen yon Fakilte Dwa kote yo ap fòme moun ki gen kòm prensipal misyon travay pou yo amelyore lajistis, respè dwa moun, elatriye. Nan sans sa a, nou dwe sonje : pa ka gen respè dwa moun san respè dwa lengwistik popilasyon an.  Yon lòt bò, kreyasyon Chè Kreyòl sila a montre tou: nan moman peyi a anba gwo tansyon sou tout fòm, tout kalite, anpil bèl lide konn pran fòm. Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik lanse yon pari. Men se yon pari li tou genyen paske lide pou mete yon Chè Kreyòl nan espas inivèsitè a esprime bon jan entansyon ki anime dirijan antite sa a. Mèsi anpil pou gwo bourad sa FDSE bay lang kreyòl ayisyen an epi pou mak respè li montre pou dwa lengwistik pèp ayisyen an. Se yon grap plezi tou lè nou sonje ki kantite lòt enstitisyon ki ranmase lide a epi ki ap travay nan pwodui refleksyon pou pwojè sa a reyisi. Nou vle site enstitisyon tankou Lekòl majistrati, Ofis Pwoteksyon sitwayen, Fakilte lengwistik Aplike, ... Souple, n ap mande nou bay yon gwo chay aplodisman pou bèl reyalizasyon sa a. 

Nan menm kontèks kreyasyon Chè kreyòl sa a, Akademi Kreyòl Ayisyen, nan tèt-kole ak Inivèsite Leta Ayiti ak divès Fakilte Dwa an Ayiti, deja pran tout dispozisyon pou yo tanmen yon pledwaye anfavè entegrasyon lang kreyòl la nan Lajistis. Ansanm echanj sa yo ap dewoule pandan tout ane a, toupatou nan peyi a sou fòm konferans deba, yon fason pou nou pi byen sansibilize etidyan nan dwa ak lòt aktè nan lajistis la (avoka, jij, komisè gouvènman, grefye, uisye, notè apantè…, sou nesesite pou yo pote kole nan gwo konbit sila a.  AKA di inivèsite leta Ayiti a yon gwo mèsi pou inisyativ sa a li lanse a. Komite pilotaj ki ap travay sou pwojè sa a depi mwa desanm 2023 ap kontinye fè tout sa ki nesesè pou lang kreyòl ayisyen an rive antre fon nan sistèm lajistis peyi Ayiti, yon mannyè pou moun nan popilasyon an jwenn jistis nan lang li, nan lang li pale ak nan lang li konprann toutbon an, lang manman li an, lang kreyòl.   Yon lòt kote, nou pa kapab bliye pale de kreyasyon Pri literè Emile Celestin Mégie. Se yon Pri Akademi an deja lanse kote li envite tout plimeyank, tout ekriven pou yo manche plim yo pou yo patisipe nan bèl avanti literè sa a ki pote non yon gwo ekriven, yon kreyolis wòdpòte: Emile Celestin Mégie.  Tout aksyon sa yo gen yon sèl objektif : yo vle pwouve, depi kreyasyon li, Akademi Kreyòl Ayisyen mete tout fòs li nan balans la pou li fè pwomosyon ak sansibilizasyon sou nesesite pou tout Ayisyen, tout enstitisyon, itilize lang kreyòl ayisyen an san baboukèt nan tout nivo nan sosyete a. Se pou sa tou, Akademi Kreyòl Ayisyen toujou louvri pòt bay tout sektè ki reprezante vrè fòs peyi a, kreyatè yo, pwomotè lang kreyòl yo, operatè kiltirèl yo, espesyalis lang yo, jounalis yo, pou nou site sa yo sèlman, pou yo pote kole nan batay pou nou valorize lang pèp ayisyen an pou peyi sa a rive rejwenn diyite, grandè ak fyète li. Akademi an ap pwofite moman sila a pou li envite tout aktè, tout sektè pou yo kenbe flanbo kreyòl la byen wo epi byen vivan. Ayiti dwe toujou sonje vrè fòs ak richès li chouke rèdmare kilti li, idantite li, tradisyon li, ak istwa li. Nou kwè se menm vizyon sa a Inivèsite Leta Ayiti pataje ak Akademi Kreyòl Ayisyen, ki fè li te wè nesesite pou li asosye AKA nan reyalizasyon yon konkou tradiksyon ki te pote sou tradiksyon kreyòl Ak Lendepandans peyi Ayiti a ak Pwoklamasyon Jan Jak Desalin, Papa Nasyon an, Jeneral an Chèf Lame Endijèn nan te fè nan Lakou Gonayiv, 1e Janvye 1804. Konkou sa a te yon okazyon pou anpil etidyan ak lòt moun te pran konesans ak tèks fondatè Leta Ayiti a, men, li te pèmèt nou dekouvri kouman 220 lane apre, kouman jenn inivèsitè ayisyen yo te kapte ak entèprete lespri ki dèyè dokiman fondalnatal sa yo. Yon lòt fwa ankò, nou salye travay Inivèsite Leta Ayisyen an ap fè pou li kore travay pwomosyon k ap fèt, travay pwomosyon anpil enstitisyon ap fè, pou lang kreyòl la jwenn plas pa li a nan sosyete peyi Ayiti nan kòmansman 21èm syèk sa a.  

Men, nou dwe toujou gade byen wo sa nou reprezante nan listwa. Epi, toujou sonje, yon peyi se anvan tout bagay lang li, idantite li, kilti li ki se fondman li. 

Pou nou fini, n ap envite tout sektè nan sosyete a pou yo pran reskonsablite yo, pou yo fè devwa yo epi pou yo angaje nan yon gran jefò tètansanm pou nou wete peyi nou nan katchouboumbe li plonje la a jounen jodi a. Nan tout peyi sou latè, se toujou yon ti ponyen moun k ap maspinen lòt yo, k ap fè lòt yo pase nan je zegwi e k ap sal imaj peyi yo devan je lòt nasyon yo. Se pou tout moun ki di yo renmen peyi sa a jwenn yon mannyè pou yo mete fòs, entèlijans ak mwayen yo genyen ansanm pou yo kwape tout fòs fènwa ak fòs divizyon ki soti pou yo fè peyi sa a tounen yon simityè tou louvri. Non, Ayiti pa nou an p ap peri e li pa gen dwa peri. Zansèt nou yo pa te goumen pou sa, san yo pa te koule pou sa, sa ta vle di pou granmesi.  Lang kreyòl ayisyen an, kòm zouti liberasyon nou, zouti batay pèp la, zouti angajman ak transfòmasyon sosyal la, bezwen pi plis tout konsiderasyon nou, tout entèlijans nou, tout limyè nou, tout konpetans nou ak tout sa nou gen kòm savwafè pou li toujou kontinye sèvi kòm bon jan siman nan mitan popilasyon ayisyen an jan atik 5 Konstitisyon 1987 la di li a. Se pou Ayisyen pwofite jounen sa a, jounen lang manman nou pou nou kontinye reflechi sou tout fason nou ka itilize lang nou an, lang kreyòl la pou nou wete kò nou bò falèz nou ye la a. AKA rete kwè se yon chans nou genyen kòm pèp pou nou genyen pwòp lang pa nou, paske sa demontre pèp ayisyen gen fason pa li pou li wè epi konprann lavi ; epitou li gen pwòp fason pa li pou li viv lavi a tou. An nou kore lang kreyòl la pou li jwenn plas li merite a nan lajistis peyi nou, paske kote ki gen jistis genyen pwogrè, kote ki gen jistis gen lavi e kote ki gen jistis gen lapè ak sekirite.

Mèsi tout moun ! »

 

Schultz Laurent Junior

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES