« Soup joumou pou nou tout » Asosyasyon Kiltirèl Bonjou Lakilti ap selebre lespri zansèt nou yo

Nan lide pou selebre 220 an endepandans peyi a premye janvye 2024 Asosyasyon Kiltirèl Bonjou Lakilti ap prezante twazyèm edisyon « Soup joumou pou nou tout » . Aktivite sila a ap pèmèt anpil Ayisyen mete tèt ansanm pou pataje lanmou , linite ak solidarite ki te anime zansèt nou yo. Nou te fè yon ti pale ak Junior Félix Yon responsab Asosyasyon an.

Le National :Depi 3 an Asosyasyon Kiltirèl Bonjou Lakilti ap òganize soup joumou pou tout moun. Poukisa nou vle  selebre tradisyon sa a ?                                                  

Junior Félix : Jan nou konnen soup joumou se yonn nan patrimwàn lakay, e pou n ane pi lwen li se patrimwàn kiltirèl imateryèl limanite. Asosyasyon Kiltirèl Bonjou Lakilti ki gen pou misyon bay bourad ak tout sa ki fè valè nou kòm pèp alò nou selebre tradisyon sa pou n pataje siy lanmou, solidarite, viv ansanm ak tout konpatriyòt nou yo.     

 

LN :Kisa k ap diferansye 3 èm edisyon sa a de lot yo ?

JF :   Diferans kap genyen pou 3 èm edisyon an ane sa : Pandan nap bwè soup la nap profite moman ak yon bèl espektak kiltirèl .

LN : kisa k ap genyen pou jounen an ?

JF :   Yon jounen kap demare ak ti kout prezantasyon pou sila k pral fè konesans ak asosyasyon an, pati konvivyalite a ki se jwèt  ak chan tradisyonèl,konferans, kozri, rezital pwezi, espektak kiltirèl.

LN : Konbyen moun nou konte resevwa pou jounen an ?           

JF :    Pandan jounen sa nou vle prepare pou n resevwa anviwon 200 moun.

 

LN : kiyès ki sipote  nou ?

 

JF :    lSe toujou grès kochon an ki kwit kochon an, se konbit, kole zepòl, lonje men bay youn lòt nan ekip la ki toujou fè nou rete kanpe pou n ofri piblik la tout gran evennman nou yo, menm si gen kèk gren patikilye piti kou l ye konn ba nou bourad.

 

LN :  Kisa soup joumou an reprezante nan Kilti nou ak idantite nou ?                            

JF : Soup joumou se yonn nan pi gwo ekspresyon tèt ansanm ,fyète kòm pèp lib ke zansèt nou yo kite pou nou nan okazyon dat espesyal sa.

 

Le National :Yon denye mo ?                               

Junior Félix :An nou rete makonnen yonn ak lòt, an nou toujou sonje se linyon kap ba nou fòs, an nou konnen Ayiti se pa nou nou, se nou ki pou sove l.

 

Schultz Laurent Junior

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES