Si w pa wont

 

Mren, m wont. Anpil.

M santi m wont anpil lè m ap asiste jan tout moun prizonye nan zòn yo. Nou ka pase lè yo lage l.

M santi m pi wont lè y ap kidnape moun ; lè, chak jou, se moun pa nou menm, moun nou konnen ben y ap kidnape epi sèl sa n ap di :

  •  Ki kote yo pran yo, kileÌ€ l te ye...?
  • Mh!
  • LeÌ€ sa a, sa yo t ap feÌ€ la menm ?
  • Mh !
  • Konbe yo mande, konbe yo bay?
  • Mh !
  • Yo te pran enteÌ€l tou wi ak tout mari l, moun nou wi...
  • Mh !
  • LoÌ€t moun yo te pran semenn pase a, yo te lage yo yomenm

apre 3 jou, yo te gen chans ...

  • Mh
  • Koulye a, yon moun se feÌ€ atansyon wi...
  • Mh !
  • AteÌ€ a pyeje neÌ€t.
  • Mh !

Epi, epi ankò..., m pi wont, m santi m sal devan Ayiti, lè m tande bann betizè betizèz k ap pale yo Se. Yo Se

Revolisyonè !
Pwogresis !
Revolisyonè anplis pwoletaryen ! Revolisyonè anplis kominis entènasyonalis.... .... Anplis se LIY lan. Denpi 34, 32, lane.

Kakabrèt! Bounda nini! Radòt radotay! Menm aksyonè yo pa ye.

Menm grenn plen yo pa ye.

Menm fou yo pa fout ka fou.

Yon bann jenn ak tout fòs yo sou yo kouri al kache nan lòt peyi.

Yo kite po dyòl yo sou rezo epi y ap pran pòz yo te ka fè plis pase jenerasyon 86, ou sa anvan yo...

Kakabrèt! Bounda nini! Radòt radotay! Fout, an n annik Fou.

Jis fou m a sispann Sou.

 


Sonson Mathurin

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES