Pozisyon plizyè gwoup nan diaspora Miyami, Nou Yòk ak Kanada

0
331

VEYE YO ! PINGA !

«Veye yo , bare yo, gen lalwa pou sa», se sa nou te konn di lò nou tap batay kont diktati tout plimay. Lè a vini jodi a, alòske yon Konsèy Prezidansyèl tranzisyon fèk monte sou pouvwa a, pou nou di ankò : Veye yo !

Pep Ayisyen soufri twòp.

Nou pap aksepte tonbe nan menm katchouboumbe ki mennen nou nan sityasyon nou rive jounen jodi a

Gang yo kontinye ap touye, maspinen, fòse moun kite lakay yo, kraze lopital,inivèsite, ak pòs polis, bloke wout. Yo kidnape leta. La mizè ak grangou ap vale teren. Se yon kapital kap mouri. Se yon peyi kap mouri.

Lò Dessalines te di « koupe tèt, boule kay « , se pat kay malere, ak malerèz kap bat pou yo jwenn lavi.

Pandan preske twa lane, plizyè òganizasyon sivil, ki sòti nan fenfon peyi a te rasanble anba banyè gwoup Montana e yo pwopoze solisyon pou yon chanjman koupe fache ak rejim restavèk PHTK a, ki depi 2010 ap mennen nou, a tout vitès, nan yon ravin san fon, abò yon machin lanmò , kap mache ak gaz koripsyon ak enpinite.

Plizyè nan pwopozisyon Montana yo, sou sekirite, jistis, patisipasyon,desantralizasyon, sèvi baz pou akò politik ki mennen nou rive, jodi a, nan enstalasyon yon Konsèy prezidansyél tranzisyon kap pèmèt rebat kat yo.

Sepa tou sa Montana te pwopoze ki nan akò sa a, men se YON KONPWOMI ki pou frennen machin lan mò a , pou gen de lòt règ nan jwèt politik la.

Se yon etap enpotan. Epi nou salye efò tout patisipan yo ak CARICOM ki ede akò saa fèt.

Men pèp ayisyen soufri tròp pou nou ta va aksepte chat nan makout. Epi nou paka mete chat sa a veye mantèg.

Gouvenman demisyonè Ariel Henri a, ki mennen nou kote nou rive jounen jodi a, pibliye yon dekrè sou fòmasyon Konsey prezidansyel tranzisyon an, ki chanje de bagay enpòtan nan akò tout patisipan yo te siyen ak Caricom, yon akò menm yo menm te siyen.

NOU VLE AKO SA PIBLIYE san yo pa wete ni mete. Nou vle konnen ki dwa gouvènman nou voye jete a, genyen, pou li chanje akò a.

Menm jan nou panse gouvènman de fakto a pat gen okenn lejitimite pou l ap bay moun leson sou konstitisyon, menm jan an tou, nou panse moun ki kontribye nan mete peyi a lan eta li ye a pa kapab pretann, pou se yo menm kap kontrole Konsèy la.

 

VEYE YO ! BARE YO !

Pèp Ayisyen soufri twòp pou nou aksepte nou tounen nan menm jwèt sal, kenbe pouvwa pou avantaj pèsonel,sèvi ak gang pou anpeche pèp la mande « ki kote lajan Petro Karibe a fè » .

Akò Montana a chita sou you seri valè etik ki pa negosyab. Yo prepare yon dokiman ki distribye a resevwa ak respè nan nivo nasyonal e entènasyonal.

Se valè sa yo ki dwe alabaz Konsey Transitwa a,  nan respè la lwa ak konstitisyon peyi nou.

Lè yo tap eli kandida Montana pou Konsey Tranzitwa a, yo montre kòman eleksyon ka fèt nan twansparans. Yo montre tou kòman Ayisyen ki sòti nan diferan orizon ka chita ansanm,  diskite epi rive jwenn konsansis paske yo mete enterè peyi a pi wo pase enterè pèsonèl pa yo. Sa a se koupe fache ak sistèm nou genyen jodi a.

Nou menm nan diaspora a, kap pote sipò bay Akò Montana  a n ap konbat tout politik bouyi vide, kap dechèpiye enstitisyon peyi a depi katoz lane. Nap denonse tout manèv dilatwa ki toujou lakòz peyi a ap kontinye mache sou ranfò soulyel ak kwi nan men li.

Nou bouke ak politisyen ki vle kenbe menm sistèm devalize kès peyi a, akapare pouvwa a pou plen pòch yo, pandan yap fèmen je yo sou vyolans ak gangou k ap fini ak peyi nou.

Epi nou gen dwa pou nou konnen sa k ap fèt, an transparans.

Nou gen dwa patisipe nan sa kap fèt nan non nou, pèp ayisyen.

Nou bezwen de moun responsab kom Kowòdonatè KP ak kòm premye minis peyi a , pou tranzisyon an reyisi.

NOU BEZWEN PATRIYÒT ki kwè nan peyi nou, ki kalifye, ki onèt, pou ede nou soti nan kriz lanmò ak kraze brize nap viv jounen jodi a.

 

Pep Ayisyen soufri twòp

Gen yon lespwa pou chanjman. An n pa gaspiye li.

 

N AP VEYE !

Men moun ki siyen yo:

Inisyativ Sitwayen nan Nouyòk pou Soutni Akò Montana

Daniel Henrys Daniel Huttinot Julien Jumelle

Lionel Legros   Michèle Montas

Komite Solidarite ak Rezistans Pèp Ayisyen nan Miyami

Hudes Desrameaux          Abel Simon Zephir

Kowalisyon Ayisyen nan Kanada kont Diktati nan peyi Ayiti

Jean-Claude Icart     Chantal Ismé    Richard Mathelier

Dominique Mathon Walner Osna     Alain Saint-Victor

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES