Ansèyman Kreyòl Ayisyen ap obligatwa nan tout antite Inivèsite Leta Ayiti yo sou pwogram «Lang ak Kilti Kreyòl » pou kòmanse nan ane akademik 2024-2025

1
871

Kote refòm akademik nan Inivèsite Leta Ayiti jodiya soti

Nan fen lane 80 yo, te gen yon gwo van demokrasi ki tap soufle sou tout enstisyon peyi Ayiti. Inivèsite Leta Ayiti (ILA), ki te pliye anba li tou, te deside chanje sistèm gouvènans li ki te sou lobedyans ansyen gouvènman diktati Duvalier. Avèk konstisyon 1987 la ki konsakre yon rejim demokratik pou chwazi dirijan li yo nan eleksyon, li te tou natirèl pou Inivèsite Leta a te suiv menm chimen pou chwazi dirijan pa li yo tou, kote ankenn gouvènman pap gen pou nome yo ankò.

Se jis nan lane 1997, demach sila te kòmanse avèk sa yo rele Dispozisyon Tranzitwa (DT) ki te mande pou genyen yon refòm ak mete an plas yon lwa òganik pou òganize tout fakilte yo sou menm banyè. Chay sila a te tonbe sou do premye konsèy inivèsite a ki antre nan lane 1998, malerezman sa pat gentan fèt jouk eleksyon vini fèt nan lane 2002 pou chwazi nouvo dirijan yo ki ta pral vin pote chay sila a sou do l. Malerezman jouk jounen jodiya ankenn nan misyon sa DT a te bay la pa janm fèt.

Kòm youn ka fèt san lòt e refòm DT a mande chita prensipalman sou refòm akademik, Visrektè Wilson Laleau te fè yon gwo jefò pou inifòmize fonksyonman fakilte yo. Si baz la te poze, pwojè a pat abouti totalman. Jounen jodiya, nan suiv tras Visrektè Laleau, Visrektora akademik la analize e konstate se yon sistèm jesyon akademik ki te manke pou demach la te abouti. Pou tèt sa, li pwopoze yon nouvo sistèm ki rele Rejim Akademik Komen (RAK). Sila chita sou yon sistèm kredi ki kapab fasilite mouvman akademik pwofesè ak etidyan yo de yon sistèm a yon lòt epi fasilite konpreyansyon liy fòmasyon ILA ofri a pa rapò ak lòt yo nan lemonn. 

Nou tout responsab akademik yo dakò pou nou vanse sou baz sila e tanmen deja kèk aksyon tankou mete mwayèn pasaj tout antite yo nan menm wotè ki se 65/100. Nou mande pou tout etidyan pase chak matyè ak nòt 65/100. Konsa, yon etidyan p ap pèdi tan ankò nan double ane, paske sistèm kredi a se pa matyè etidyan an ap bouje pa sesyon. Lòt sa ki mete tout antite yo sou menm liy la, se dokiman akademik yo tankou atestasyon, sètifika ak relve nòt ki dwe prezante menm jan, pou diplòm yo menm, nou pi pre pase nou pi lwen.

Analiz ki fèt pèmèt nou konstwi RAK la sou 4 kategori kou pilye :

1- Edikasyon Jeneral se kategori kou tout etidyan alawonn badè ki pase nan Inivèsite Leta a dwe pran, menm si yo pa nan menm konsantrasyon ;

2- Twon Komen se kategori kou ki gen rapò ak diferan domèn yo anseye nan yon fakilte e tout etidyan fakilte a dwe pran ;

3- Konsantrasyon se kategori kou nan domèn etidyan an chwazi a ;

4- Elektif se kategori kou yon etidyan ka renmen e li lib pou chwazi pami yo, menm si se nan yon lot fakilte Leta.

 

Nou fè yo gwo vanse sou Kategori Edikasyon Jeneral la kote tout responsab akademik yo deside pou kounyeya sou 8 kou tout etidyan nan inivèsite a dwe pran e li kapab pran nan nenpòt ki ane ; yo se :

1) Lang ak kilti kreyòl

2) Université, société et citoyenneté

3) Secourisme

4) Ecologie

5) Pensées sociales haïtiennes

6) Introduction à la sociologie

7) Nouvelle Technologie de l’Information et de Communication (NTIC) / Organisation du Travail Intellectuel (OTI)

8) Statistiques de base

 

Objektif ti rale sa a se pou Inivèsite Leta a prezante chapo Lang ak Kilti Kreyòl kote se Fakilte Lengwistik Aplike ki genyen konpetans pou prepare tout kou ki gen pou tonbe ladan l. An nou gade kisa Lang ak Kilti Kreyòl la ye menm.

 

Rezondèt kou Lang ak Kilti Kreyòl la

Gen plizyè fakilte nan Inivèsite Leta a ki deja genyen, depi lontan, yon kou kreyòl nan liy fòmasyon yo. Antite sa yo se : Fakilte Lengwistik Aplike, Fakilte Syanzimèn ak Lèkòl Nòmal Siperyè. Nan yon objektif pou rive mete sou pye kou Lang ak Kilti Kreyòl pou tout etidyan nan tout antite ILA a, dokiman sa prezante de (2) pwen : youn se moutre kijan li enpòtan pou chak fakilte nan ILA a gen yon kou kreyòl ki adapte ak displin syantifik etidyan yo ap aprann nan osnon teren kote yo pral egzèse metye yo. Fòk pyèsmoun pa bliye, inivèsite yo, kit se Leta, kit se prive, yo la pou rann sosyete a sèvis, pou chèche rezoud pwoblèm sosyete a ap fè fas kare avèk yo. Kidonk, tout moun Inivèsite a fòme gen pou yo travay nan sosyete a e lang ki simante yo tout ladan l se lang manman yo a ki se Kreyòl Ayisyen.

Lòt pwen an, se montre nesesite pou antre aspè kiltirèl yon pèp nan anseye lang la. Jeneralman, kou kreyòl nan lekòl klasik nan peyi a pa gade aspè sa a. Anvan nou te tanmen travay sou pwojè mete kou Lang ak Kilti Kreyòl nan ILA a, nou te mande poukisa malgre anpil nan jèn ki soti nan sistèm eskolè ayisyen an te gen kou kreyòl sou tout pakou eskolarite yo, yon gwo majorite nan yo pa rive metrize nivo estanda lang sa a ni sou fòm pale ni sou fòm ekri. Pou nou evite pèdi lajan, tan ak enèji, li enpòtan e menm endispansab, anvan kou kreyòl sa yo tanmen nan inivèsite a, pou nou chèche yon solisyon pou pwoblèm sa a, paske nou pa dwe repete menm erè lekòl klasik yo fè a, lè yon timoun pase plis pase dis lane ap aprann pwòp lang matènèl li, epi lè li rive nan bout pakou eskòlè a, li pa metrize li ; sa fè li pa ka byen sèvi ak zouti kominikasyon sa a ki endispansab nan reyalizasyon travay l ap gen pou li fè sou teren an.

 

Enterè peyi a nan kou Lang ak Kilti Kreyòl yo

Kreyòl Ayisyen an pa yon lang lokal ankò, jan anpil moun kwè sa jouk jounen jodiya. Se yon lang ki pozisyone tèt li nan lemonn kòm yon lang entènasyonal[1]. Genyen anpil prèv sa yo : kreyòl se lang ofisyèl nan Eta Nouyòk[2] depi lane 2008, kòtakòt ak Anglè, Espanyòl, Koreyen, Chinwa, Ris ak Italyen. Kreyòl Ayisyen se lang ofisyèl tou nan Eta Florid depi lane 2000. Lè nou di li se lang ofisyèl la, sa vle di otorite piblik nan Eta sa a yo mande pou sitwayen yo sèvi ak kreyòl la kòm lang kominikasyon nan biwo piblik li yo ; Kreyòl Ayisyen se lang enfòmasyon ak tradiksyon gwo motè rechèch tankou : Google (Google.ht), Wikipedia[3], Facebook, pou nou site sa yo sèlman.

Lè nou gad sa, nou ka konprann valè rès monn lan bay lang nou an. Isabelle Pierozak (2002)[4] di Kreyòl Ayisyen an se sèl kreyòl ki te deja sou entènèt depi nan ane 1990 yo. Dayè, nan yon lòt liv ki pibliye nan menm ane 2002 a, Bavoux ak Robillard[5] di lang ayisyen an se kreyòl ki plis pale sou entènèt pami plis pase san (100) fòm kreyòl ki egziste. Fòk nou pa bliye, lè lengwis etranje sa yo te di pawòl sa a, pa t ko menm genyen tout rezo sosyal sa yo.

Gen kèk ki te deja egziste, men, yo pa te ko devlope nan nivo yo ye jodiya.  Kreyòl Ayisyen se lang etranje aprann e itilize pou fè rechèch syantifik yo.  Anpil gwo inivèsite sou latè non sèlman ap anseye sitwayen lakay yo ak etranje Kreyòl Ayisyen an, men tou, yo devlope rechèch lengwistik sou lang sa a ki pèmèt yo konprann fonksyonnman lòt lang. Pami inivèsite sa yo nou ka site pou peyi Etazini sèlman, Massachusetts Institute of Technology (MIT) ki anseye kreyòl la, men tou mennen rechèch syantifik sou li, Indiana University nan Bloomington[6] ki, depi 1968, gen pi gwo lekòl pou moun aprann kreyòl an deyò peyi Ayiti, mete sou sa, se inivèsite sa a ki fè pi gwo diksyonè Kreyòl Ayisyen; Harvard University,[7] Duke University, Florida international University, Brigham Young University ki anseye etranje kreyòl pou rezon pwofesyonèl. Pou kontinan ewopeyen an li menm, nou jwenn Université Paris 8, Aix-Marseille, Paris III (Sòbòn nouvèl) ki menmjan ak inivèsite Amstèdam (Lawolann) gen yon depatman k ap fè rechèch sou kreyòl yo.

Lè nou fin fè konsta sa yo, kesyon nou ta ka poze tèt nou kòm Ayisyen se poukisa moun sa yo bay kreyòl la tout valè sa a ? Lè peyi, enstitisyon ak gwo antrepriz sa yo bay lang ak kilti kreyòl la tout enpòtans sa a, se pa paske yo renmen pèp Ayisyen osnon yo renmen lang ak kilti kreyòl la, se tou senpleman paske lang nan reprezante yon opòtinite biznis ak kilti pou yo. Li enpòtan pou tout moun konnen yon lang an jeneral se yon zouti kominikasyon e ekonomik[8] eksplwatab. Lang se yon varyab enpòtan nan yon ekonomi[9]. Se pou sa li endispansab pou chak Leta gen yon politik lengwistik ki mize sou aspè ekonomik la. Si nou pran Eta Nouyòk, li bay kreyòl ayisyen an estati ofisyèl se pou li fasilite osnon rezoud yon pwoblèm kominikasyon nan ekonomi li a. Etandone gen anpil moun k ap travay nan ekonomi an ki se kreyolofòn ki pale yon sèl lang, Otorite Eta a sa yo mete lang sa a ofisyèl paske l ap chèche fasilite kominikasyon ant moun k ap travay yo ak sila yo k ap vann oswa achte sèvis nan diferan kominote nan Eta a kote ou kapab jwenn moun ki pale kreyòl.

Sa ki ka gen anpil enpak pozitif sou fonksyonnman ak devlopman ekonomi an. Kanta platfòm entènèt yo menm, se espas komèsyal osnon masmedya ki se yon lòt kalte biznis. Lè yo mete yo an kreyòl, yo asire yo gen plis pase 10 milyon ayisyen ki ap konsome sa y ap mete sou sit sa yo. Prèv sa yo moutre a klè lang yon peyi se yon richès Leta peyi a ka eksplwate pou li devlope lè li sèvi avè li kòm yon zouti devlopman.

Rezon pou anseye kou Lang ak Kilti Kreyòl nan Inivèsite Leta Ayiti a

Li pa yon sekrè pou pyèsmoun jounen jodiya, lang matènèl yon moun se pi bon zouti pou li aprann (lekòl, inivèsite, aprantisaj teknik, aprantisaj kilti...). Rezon an senp pou konprann : se nan lang sa a moun nan fè premye eksperyans aji ak lòt moun. Nan yon kad pi global, nou ta ka di, menm jan sa ye pou tout lang matènèl, kreyòl la pa sèlman yon mwayen kominikasyon pou yon Ayisyen, li se yon mak idantite ki tankou yon brik nan konstriksyon sitwayen an. Li trennen ak li tout kote li pase. Men, yon lòt kote, lè nou pran kreyòl la kòm lang matènèl nan ILA a, nou konprann li nesesè pou kreyòl la antre nan liy fòmasyon inivèsite a bay pou l menm vini yon disiplin kote yon etidyan ka fè yon konsantrasyon nan nivo lisans, osnon fè yon mastè ak doktora kòm espesyalite l. Si anpil nan zouti pedagogik ak didaktik anseyan yo ap sèvi yo reprezante reyalite ki etranje pou eksperyans òdinè etidyan an, lang matènèl la li menm deja anndan sèvo li.

Kidonk, si nou sèvi ak zouti kominikasyon sa a ki deja fè pati lavi etidyan an, nou ap kapab fòme pwofesyonèl ki pi efikas pase sa nou genyen jodi yo. Se la, kou nan lang ak kilti kreyòl la ap gen tout pwa li nan yon nouvo politik lengwistik peyi a vle anbrase. Kou Lang ak Kilti Kreyòl la vle non sèlman pèmèt etidyan ILA yo sèvi ak kreyòl la nan tout sitiyasyon kominikasyon, men tou, li ap aprann kilti li nan yon ansèyman ki adapte a tout aspè kominikasyon yo. Men ki konpetans kou sa yo dwe pèmèt etidyan yo devlope :

  1. Metrize baz aprantisaj yon lang : koute, pale, li, ekri, entèraji ;
  2. Pratike kominikasyon nan lang matènèl li kòm yon konpetans nan tout sa y ap fè ;
  3. Sèvi ak kreyòl nan pratik kominikasyon sou tout fòm (konpreyansyon ak pwodiksyon mesaj oral ak ekri, medyasyon ak entèraksyon) ;
  4. Itilize divès mòd kominikasyon ki chita sou kilti kreyòl la (kominikasyon vèbal ak nonvèbal ; kominikasyon ki repoze sou lang nan, sou son osnon imaj) ;
  5. Fè diskisyon sou tèks majè literati kreyòl la kit li atisktik (literati, fim, teyat, mizik) osnon nonatistik (medya) ;
  6. Idantifye tout fonksyon kominikasyon yo (enfòme, eksplike, pataje yo pran plezi nan nivo atistik la, konvenk, manipile, elatriye.) ;
  7. Pwodui osnon travay ak tout kalte diskou (naratif, deskriptif, agimantatif, enfòmatif, elatriye.) ;
  8. Aplike règ gramatikal yo nan tout sitiasyon kote li ap itilize lang nan (langaj fòmèl oubyen enfòmèl, lang estanda oubyen rejyonal, elatriye) ;
  9. Idantifye epi konprann tout karakteristik osnon patikilarite kilti kreyòl la parapò ak lòt yo ;
  10. Tabli yon dyalòg kòm lektè avèk yon tèks ;
  11. Devlope yon lespri kritik otonòm sou yon tèks li li osnon li pwodui.

Pa egzanp yon kou entwodiksyon nan Lang ak Kilti Kreyòl ap atenn objektif li si nan finisman premye ane a nan tout fakilte yo, etidyan an kapab konprann epi pwodui avèk fasilite tout kalte diskou fòmèl ak enfòmèl moun itilize chak jou nan sosyete a.

Fòm kontni kou Lang ak Kilti Kreyòl

Kou sa yo gen de (2) gwo chantye ki se Lang epi kilti-literati. Si travay ansèyman an fèt kòmsadwa, nan finisman peryòd yo, etidyan an dwe gen yon fòmasyon solid sou de (2) eleman sa yo. Nou vle di pa egzanp, kou entwodiksyon ap gen yon dimansyon lengwistik kote etidyan ap aprann gramè lang lan ak tout sa ki konpoze (sentaks, vokabilè, leksik…) ak yon lòt kiltirèl ki chita sou aspè literè ak atistik yo devlope nan lang nan. Nou ka defini konpetans kiltirèl la sou baz yon rapò pratik (literasi kiltirèl) ki anglobe lekti, refleksyon, konpreyansyon ak entèpretasyon mannyè yon tèks ekri nan lang lan. Yo ka zèv fiksyon tankou woman osnon zèv reyèl ki fonde sou reyalite nan kilti a.

Sa vle di kou a ap gen de (2) pati : yon pati kote etidyan an ap devlope konpetans lengwistik la ki chita sou kat (4) konpetans espesifik yo (koute, pale, li, ekri ak entèraji), yon lòt pati kote li ap devlope konpetans kiltirèl la. Nan ansèyman/aprantisaj yon lang, kit se lang matènèl, kit se lang etranje, dimansyon kiltirèl la endispansab. Tout sa moun ap di chita sou yon minimòm konesans kiltirèl. Relasyon lang ak kilti se tankou tonton ak palmis nan yon degouden. Ou pa ka pran youn epi ou kite lòt la. Gen moun ki di se tankou de fas nan yon fèy papye.  

Pa gen pyèsmoun ki ka aprann yon lang san li pa konsidere kilti lang nan pou fè pase yon mesaj. Lè nou konsidere Kreyòl Ayisyen an, se yon kreyòl ki gen menm baz leksik Fransè avèk kèk lòt kreyòl, nou ka konprann kominikasyon avèk moun ki pale kreyòl sa yo ka pi fasil. L ap enpòtan pou nou depase aspè kiltirèl Ayisyen an epi antre nan aspè kiltirèl pa yo tou. Nan sans sa a, n ap gen pou anseye diferan aspè kilitirèl pa yo tou pou rive devlope yon ansanm konpetans kiltirèl pou youn ka konprann lòt.

Kou sa yo antre nan kad yon pwojè devlopman konpetans kominikasyon jeneral lakay etidyan inivèsite yo. Se yon ansèyman ki dwe pèmèt yon etidyan devlope konpetans entèlektyèl li nan kalte kominikasyon moun antreprann chak jou nan lavi yo. Sa touche diskou òdinè nou jwenn nan kominikasyon chak jou, diskou literè ak diskou abstrè. Pati kilti a menm mete anpil aksan sou kalte diskou literè a ki ap ede etidyan yo devlope konpetans nan etid ak ekriti diskou konplè: kont, lejann, nouvèl, woman, pyès teyat, powèm, atik jounal ak revi, deba, rapò, elatriye. Li ap dwe fè ouvèti sou tout literati espas kreyolofòn nan lemonn. Lè kou sa yo fin prepare nan Fakilte Lengwistik Aplike, chak ap genyen kontni pal e tan pou anseye youn ap 45 èdtan pou pi piti kèlkeswa disiplin etidyan an.

 

Wilhem MICHEL

Vice-doyen aux affaires académiques

Faculté de Linguistique Appliquée

Université d’Etat d’Haïti

 

Jean POINCY

Vice-recteur aux affaires académiques

Université d’Etat d’Haïti

[1] GOVAIN, R. (2011). Vers l'émergence du créole haïtien comme langue étrangère (!). Devenir des Créoles: Approches théorique, littéraire et sociolinguistique, 65.

[3] https://fr.wikipedia.org › wiki › Créole haïtien

[4] Pierozak, I. (2002). Les créoles français sur internet. Linguistique et créolistique, Univers créoles2, 159-178.

[5] Bavoux, C., & Robillard, D. D. (2002). Linguistique et créolistique.

[6] https://frit.indiana.edu/about/creole.html

[8] Grin, F. (2006). L’économie face aux langues. und Wirrungen in der mehrsprachigen Schweiz.

[9] Grin, F. (2002). L’économie de la langue et de l’éducation dans la politique d’enseignement des langues. Guide pour l’élaboration des politiques linguistiques éducatives en Europe–De la diversité linguistique à l’éducation plurilingue.

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

1 COMMENTAIRES