Vandredi 13 mas la, minis Jenès, Espò ak Aksyon Sivik la, Pythagore Dumas, te fè yon vizit nan Federasyon Ayisyen Foutbòl la pou ranfòse kolaborasyon ant ministè li dirije a ak enstans k ap jere foutbòl nan peyi a.
Nan kad echanj minis la te genyen ak Gally Amazan, manm Federasyon an, ansanm ak Patrick Massénat, sekretè jeneral FHF la, li fè yo konnen preparasyon Seleksyon Nasyonal senyò a se yon gwo priyorite pou Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé. Daprè li, chèf gouvènman an deja pran dispozisyon pou pèmèt Grenadye yo fè yon bon jan preparasyon, nan objektif pou yo rive pi lwen posib nan Koup di Mond 2026 la.
Minis la fè konnen rèv Premye Minis Fils-Aimé ansanm ak tout gouvènman an se mete Grenadye yo nan bon kondisyon pou yo ka pase premye tou a, e menm vize etap ki pi avanse nan konpetisyon an.
Nimewo 1 MJSAC la te pwofite rankont sa a pou lanse yon apèl mobilizasyon bay tout fòs viv nan peyi a, pou yo fè yon sèl dèyè Grenadye yo pou sipòte seleksyon an nan objektif pou yo reyalize yon bon Mondyal 2026.
Minis Pythagore Dumas enfòme dirijan enstans federal yo tou li pral mete yon liy telefòn espesyal nan ministè a pou trete dosye ki gen rapò ak foutbòl sèlman, yon fason pou pèmèt yo regle pi rapid tout kesyon ki konsène seleksyon nasyonal yo.
Nan menm kad sa a, minis la asire manm Federasyon yo li pral travay pou pèmèt seleksyon U-17 la ale nan Brezil pou fè yon bon preparasyon anvan patisipasyon li nan Mondyal Katar 2026 la ki prevwa pou mwa novanm. Li fè konnen tou ministè li dirije a ap kontinye akonpaye lòt seleksyon yo ki nan batay pou dekroche tikè pa yo pou diferan Mondyal yo.
Yon lòt bò, minis Pythagore Dumas enfòme dirijan foutbòl yo sou volonte ak detèminasyon Premye Minis Fils-Aimé ansanm ak gouvènman an pou retabli sekirite nan peyi a, yon kondisyon esansyèl pou pèmèt foutbòl la rekòmanse òganize match entènasyonal lakay li.
Bò pa yo, manm Federasyon an remèsye minis Dumas pou vizit li. Yo pwofite prezante l tou pwojè FIFA Arena, yon inisyativ FIFA ki prevwa bay Ayiti kat teren foutbòl pou timoun. Pwojè sa a vize konstwi plis pase 1 000 mini teren atravè lemond.
Pou vizit sa a, minis Pythagore Dumas te akonpaye pa Innocent Joseph, direktè kabinè li; Louis Alex François, konseye kominikasyon li; ansanm ak Jean Roland Dartiguenave, kowòdonatè sant ak pak espòtif yo.
Gérald Bordes
