Kèk jou apre enstalasyon li kòm nouvo Minis Jenès, Espò ak Aksyon Sivik, Pythagore Dumas te fè yon vizit nan chak direksyon ak seksyon nan enstitisyon an pou rankontre ak anplwaye yo, nan objektif pou ranfòse dinamik enstitisyonèl ministè a.
Pandan rankont li ak kad ak anplwaye yo, minis la mete aksan sou ponktyalite, konpetans ak kolaborasyon sensè ki dwe egziste ant diferan estrikti nan enstitisyon an. Li ensiste tou sou nesesite pou gen yon angajman kolektif, pou ranfòse efikasite administratif yo epi pèmèt ministè a reponn pi byen ak atant jenès la ak popilasyon an an jeneral.
Pi lwen, minis Dumas asire anplwaye yo li ap toujou disponib pou koute yo epi kolabore ak yo, pou garanti bon fonksyònman ministè a nan enterè peyi a. Nan menm sans lan, li envite chak anplwaye pou yo pote kontribisyon pa yo nan amelyorasyon pèfòmans ministè a.
Nou raple vizit minis Pythagore Dumas yo antre nan kad yon mobilizasyon tout konpetans ki disponib nan ministè a, pou ankouraje yon kilti administratif ki pi efikas, kòm preparasyon pou bon jan eleksyon nan peyi a, dapre fèy wout Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé fikse.
Yon lòt kote, Joseph Innocent, direktè kabinè minis la, te reyalize yon reyinyon estratejik ak direktè diferan estrikti ministè a.
Reyinyon sa a te fèt nan kad:
* Preparasyon festivite nasyonal pou 18 me 2026.
* Preparasyon Seleksyon nasyonal senyò a ak Seleksyon U-17 la, ki pral patisipe nan Mondyal pandan mwa jen pou senyò yo, epi nan mwa novanm pou U-17 yo.
* Akonpayman lòt seleksyon nasyonal yo, tankou U-17 fanm ak U-20 gason, k ap prepare pou konpetisyon mondyal yo.
* Mete sou pye yon estrikti ki kapab fasilite yon klima favorab pou bon jan eleksyon nan fen ane a.
Nan echanj sa yo, responsab yo deside elabore yon dokiman pwojè estriktire ki pral sèvi kòm baz pou preparasyon yon bidjè detaye pou soumèt bay Premye Minis Fils-Aimé. Daprè yo, dokiman sa a dwe genyen tout pyès jistifikatif ki nesesè, pou evite erè ki te fèt an 2025 pandan festivite bikolò nasyonal la repete ankò.
Gérald Bordes
