Doktè Aldy Castor, jiyè 2026
Nan peyi Dayiti cheve se pa yon zafè fè wè sèlman. Yo rakonte yon listwa ki genyen rasin pi fon pase sa nou ta kapab panse. Yo fèt ak eritaj, listwa, rezistans, e tou ak chwa nou pran responsablite nou pou nou fè. Soti nan fè cheve lane 1950 pou rive nan lace jounen jodiya, cheve nou yo trase yon chimen ki makonnen, syans, espirityalite, idantite, ak fawouch. Li cheve ayisyen se kòmsi w aprann li istwa yon pèp.
Si cheve te kapab pale
Si cheve nan peyi Dayiti te kapab pale, yo t ap pale byen fò, gwo kreyòl rèk tankou machann nan mache, oswa tankou gwo limena nan estidyo bote yo. Genyen ki t ap rele : « Ala chalè a fè m soufri papa ! ». Genyen ki t ap plenyen akoz sa pèmanant defrizan fè yo pase, gen lòt ki t ap plenyen pou dènye perik brezilyen an ki poko janm ka debloke ladwann.
Lasyans aprann nou ke cheve se plis pase yon senp fil ki mouri, yo se bon achiv biyolijik. W ap jwenn nan yo tras emosyon nou, maladi nou, eksè e gen de fwa tou menm tras rèv nou te genyen. Men cheve nan peyi Dayiti di plis toujou. Yo rakonte idantite nou, iyang iyang nou yo, sa nou vle, e plis toujou don sa nou genyen pou nou griyen dan sou tout bagay, menm sa k ap manje nou anndan.
Soti nan biyoloji pou bout nan maji
Dapre lasyans cheve se yon tib keratin ki pouse gras ak folikil pile yo. Se pa pil pwezi jan nou ta kapab panse a. Men lè w pran lwil maskreti, ji zonyon, lafwa nou genyen nan resèt grann yo, nou melanje l ak cheve a, biyoloji a prèske tounen mistik. Cheve a konprann monn n ap viv la : ti van yo, moustik yo, yon ti karès. Nan peyi Dayiti sa kapab menm tounen yon esperyans sosyal ki genyen gwo danje ladan sitou si jalouzi ranka kò l nan zòn nan. Grann nou yo pat bezwen diplom pou yo te mete lwa pa yo sou cheve :
Pitit pa lave cheve w jou lalin plenn. Si on fanm ki gen règ li koupe cheve w, tèt ou ap vin bòl. Madanm, si w koupe cheve w jou madiw ap pèdi mari wi. Pandan dèmatològ ap di w cheve genyen epòk yo pouse, pèp la li menm konnen ke cheve pa janm dòmi, sitou lè yo kite potèt mesye yo pou yo vin layite kò yo nan machwè yo apre yo fin genyen 40 lane tankou lokatè ki genyen pa ni pèmisyon ni genyen kontra.
Lè cheve tounen idantite
Nan peyi nou kout peny lan tounen kat idantite w. Li di ki kote w soti, konbyen kòb ou touche, e pafwa menm pou kiyès ou vote san w pa menm met on pwent zòtèy ou nan yon biwo vòt.
Lakay mesye yo, koup ki nan tèt yo pale de vi prive ak vi sosyal yo. Genyen koup tankou fade, taper, koup militè tèt kale wòz alyas tèt kòk pou sila ki vle pran pòz granmoun, oswa lè chòv la gagannen yo twòp. Rasta yo yo menm genyen estil pa yo, soti nan sister locks, pase nan natti, rive nan free form elatriye…
Nan mitan teyat sa yo kwafè nan katye a tounen gwo bout filozòf. Yo konn tout bagay, wè tout sa k ap pase, pale sou tout bagay nèt. Pandan tondez la ap fè bri a, y ap pale de politik, de football de lavi chè, y ap bay moun ki damou konsèy.
Lakay medam yo, se yon lòt monn, pa yo a rele estidyo bote. Se la yo fè tripotay, bouyi zen, fè deba, kraze fwaye moun, se la tou yo transfòme ak jwenn fòs pou reziste. Se la nan mitan 2 pèmanant, 3 estansyon, yo pale de lanmou, lajan, relijyon e menm de jewopolitik.
Men, mirak la se kouray fanm ayisyèn yo genyen pou kenbe perik la byen bèl, byen fre, anba yon chalè 38 degre. Nan mache Aken an medam yo merite meday olenpik. Tanzantan ou wè yo k ap bat on tanbou nan po tèt la, se pitim pitim pitim pitim. Se konsa yo oblije fè pou yo pa gaye kout peny lan lè tet la grate yo. Son Jès ki fèt ak anpil disiplin wa ta di son koregrafi. Men jès sa kache yon gwo leson anba l : menm nan move sitiyasyon ayisyèn nan kwè nan kenbe chèbè li.
Men elas, Ayiti rete Ayiti. Yon gwo kout van, yo twò gwo mouvman, yon move ranje, tout bagay ka chavire. Soti sou sèn konsè rive nan monte desann chak jou yo, perik la konn sot tonbe. Nan yon bat je tout kaka chat pran lari.
Jounen jodiya menm mesye yo lage nan afè fo cheve sa tou, yo lage nan mete lace tou pou kache chòv la. Valè yo chanje, abitid yo pa menm ankò, men gon bagay ki kanpe kin a la ganach : se chòv la, li menm li pap fè on pa kita yon pa nago. Paske nan peyi Dayiti, cheve se pa zafè bèbè l, ak fè wè sèlman. li la tou pou montre ke w rive e gen de lè tou li montre kiyès ou tout bon.
Perik ewo nasyonal tan sa a n ap viv la
Perik nan peyi Dayiti ta merite pwòp im nasyonal pa yo jodiya. Kit li brezilyen, perouvyen, malezyen, chinwa … Genyen ki gen non wa ta di ki soti nan labib : lace frontale divine, curly, bob, glueless…, gen sa 8, 16, 22 pous …. Ak 100 a 200 volim .... Genyen pou tout gou, tout koulè pou kèl ke swa jan ou vle l ak la anvi an. Perik sa yo koute tèt nèg , pran swen yo mande pasyans, estrateji ak anpil kouray. Sa montre jan nan sosyete nou an aparans lan tounen yon zouti pou w adapte w ak pran grad.
Poukisa chwa cheve swa sa ? Se pa paske nou pa genyen fyète. Se yon fason nou adapte nou. Nan yon sosyete kote se estandan ewopeyen ki te toujou ap domine, cheve swa sa vin tounen yon paspò sosyal. Dayè deba sa son deba ki kite fwontyè Ayiti a lontan. Nan peyi tankou Gana oswa Kenya genyen enstisyon ki ankouraje e genyen menm ki oblije medam yo rete ak cheve natirèl nan non idantite yo ak pou yo reprann kilti yo. Dèyè règ sa yo genyen yon kesyon ki enpòtan anpil anpil : kiyès ki defini kisa ki bèl nan sosyete yo apre lokipasyon kolonyal ?
Men kounya nouvo jenerasyon an vire bagay yo. Cheve natirèl tounen ak fòs : Afro, natte, twist, ti kouri, locks. elatriye.. Mouvman yo rele nappy a se pa yon mòd, se retounen nan idantite nou. Yon mannyè san slogan pou nou di nou pa dakò yo betize ak idantite nou ankò.
Estansyon pou w montre w a la mòd
Lonje cheve a li menm son lòt istwa, son bagay ki fèt anba chal e ki ka fè w rete bouch be tou. Lakay fanm nwa yo, yo genyen yon fason yo rantre fo cheve a nan cheve natirèl la san w pa menm wè sa, wap menm panse ta di se longè cheve a tout bon. Lakay moun ki genyen cheve swa yo se ak on ti fil fè yo tache fo cheve a nan rasin oswa kò oswa pwent cheve natirèl la, se kòmsi m ta dou w kwafi a tounen yon travay gwo enjenye.
Men dèyè tout bèbèl sa genyen yon reyalite biyolojik. Kwafi sa yo konn dire 3 a 4 sèmènn pandan tan sa tèt la pa dwe lave. Nan klima tankou pa Ayiti a, sa kreye yon anviwonnman ki cho, ki imid, cheve a pa pran lè e se anviwonnman sa yo chanpiyon ak bakteri renmen pou yo layite kò yo.
Dapre lamedsin, swè, kras po tèt la ak selil ki mouri yo kapab bay po tèt la enfeksyon, …… enfeksyon fonjik, e pafwa enflamsyon kronik ki sanble ak pyas. Ki donk anba de seri de bèl kwafi genyen eko sistèm k ap fè aktivite pa l menm si se pa sa nou ta swete. Menm la tou bèbèl la mande pou w genyen jèvrenn, paske w pa dwe parèt lèd, e fok kwafi a rete janl te fèt la. E nan peyi Dayiti fok ou chèlbè.
Nan mitan medam yo : pawòl ki pale san on mo pa soti
Malgre sa nou ta kapab panse, kout peny yo pa toujou la pou bay mesye yo tiz. Se fason medam yo pale youn ak lòt. Kout peny lan di konbyen tan ou pase ladan, ki swen ou pran pou w fel e nan ki moman ou ye nan lavi w. Li di si w sou brizing ou, si w fatige, si w nan yon moman ki gen yon chanjman. Se yon pawòl anba chal men se fanm ki konn gade ki kapab konprann.
W ap jwenn nan makèt Pòtoprens oswa Miyami yon fanm ki byen abiye, zong li byen fèt, sousil byen trase…madanm an plim pan poutan li gon vye bone nan tèt li. Se pa san koutcha li san koutcha men se pou l pwoteje yon bagay ki mande plizyè è tan travay ak yon bon kantite tchotcho.
Gason ak koze cheve
Si gason ayisyen anpil fwa panse yo pa gen pwoblm ak cheve ebyen se tèt yo y ap bay manti. Lè w gen 25 lane koup la byen fèt tchas la file wa ta di son travay gwo atis. Lè yo rive nan 35 lane chòv la kòmanse parèt pwent tèt li. A 45 an bon li pran tèt la pou li.
Kounya remèd yo kòmanse : lay, ji zonyon, mant, lave tèt ak dlo lanmè douvan jou e pafwa apre anpil lapriyè. Genyen ki aksepte l, Men genyen k ap goumen avèl toujou. nan peyi Dayiti yon gason ki pase twòp tan nan cheve l pa fin kòdjòm. W ap wè y ap kòmanse sispèk li kòm on gason zepòl kase. Cheve a menm lè l pa la toujou gen enpotans li.
Lè sante a ratre nan dans lan
Cheve pale. Li di kisa kò w manke, li di w lè li strese, lè òmòn yo ap bay pwoblèm. Nan peyi Dayiti lè cheve a tonbe, se pa doktè nou chèche avan. Se mistik yo bay chay pote : se moun ki fè ou sa. Yo pran cheve w nan dlo. E se lè bourik fin pase yo toujou ap rele anmwe dèmatològ.
Cheve nan espirityalite ayisyen an
Cheve pa sèlman biyoloji, li espirityèl tou. Nan vodou tèt la makonnen ak sa sa yo rele, gwo bon zanj la, se li menm ki bay pasay ant sa nou ak sa nou pa we yo.
Ya pa trete yon timoun yo poko koupe cheve l nenpòt jan, yo pa jwe ak sa. Timoun cheve l poko koupe vle di tèt li poko fin ouvè pou monn envizib la. Tonton m Prevent, ougan nan zanglè, sere yon banch cheve pitit li Jean-Claude alyas Guito, yon kote pou je ki pa konn wè pa gade l a men ki pa konnen pa manyen li.
Cheve se yon paket bagay. Se yon tras, yon siyati, yon koneksyon ou menm ak nanm ou. Nan peyi Dayiti lage cheve w nenpòt kote se gwo danje. Yo ka toujou pran sa ki soti sou ou pou yo fè wanga avèl.
24 jen : jou lave tèt
Genyen de abitid moun yo genyen ak cheve ki antre nan kalandriye mistik yo. 24 jen se jou la Sen Jan, jou fè pwopte, netwaye, bale, wouze. Jou sa genyen fanm ki koupe cheve yo bonè nan maten, avan menm yo di bonjou, kòmsi m pou l wete tout vye enèji nou wè ak nou pa wè yo.
Yo di konsa cheve pouse pi byen apre senp sa. Gen dwa se lalin nan. Gen dwa se lafwa. Ou byen sèlman bezwen lòm genyen pou pase nan yon lèt chapit nan lavi yo.
Seremoni nan dan di
Lè m te timoun m te konn ap gade gran sè m yo Paula ak Suzy, lè yo ap prepare yo, se tankou yo t ap al nan gwo seremoni. Yo chita byen serye ak anpil pasyans y ap gade anba je moun k ap pase cheve yo a. Tanzantan ou wè medam yo k ap manje dan lè fè a pase two pre po tèt yo. Yon doulè pèsòn pa janm di way sou li.
Mwen menm mwen kanpe a on ti distans m ap gade yo e m te kwè ke sa y ap fè a se zafè lasyans, moun ki brav, ak mistè fanm e erezman se bagay ki pa pou mwen. M pat konprann tout bagay, men m te santi se pat yon bagay piti.
Soti nan Fè cheve pou rive nan lace
Avan pwodwi nou genyen jounen jodiya, te genyen fè yo te konn chofe tou wouj sou chabon ki te konn fè cheve grenn nou yo swa, e lè moun nan pral pase cheve l sa moun nan prepare l tankou se inisye l t ap al inisye. Se pa ti chalè e se pa ti boule tou medam yo konn pran. Se pat fè chèlbè, se te yon angajman.
Nan lane 1970 yo vin genyen pèmanant. Chimi pran plas fè cho a ak garanti ke cheve swa a ap dire plis tan. Yon lòt sant, men, menm silans yo menm tenyen an : èske pèmanant sa a pap boule po tèt mwen? Wi! Men po tèt la li menm toujou pa genyen mo pa l pou l di.
Jounen jodiya lace yo vire koze a tèt anba nèt. Kounya yo pa transfòme cheve a ankò men se mete yon lòt sou li. Kounya ou pa menm ka wè rasin fo cheve a, fron an menm sanble travay enjenyè. Kounya gon lòt cheve natirèl. yo pa boule medam yo menm jan ak lontan ankò. Yo mete fo cheve l, yo kole l epi yo bal estil. Pwogrè a chanje metòd men l toujou mande pou w ran kont. Medanm yo toujou ap chèche menm bagay la li ji vin pi sofistike, pi anba chal, pi chè.
Anndan abitid sa yo ou jwenn plis pase yon kout peny. Se istwa rapò nou genyen ak kò nou, ak idantite nou, jan nou wè youn lòt. Nou nan mitan eritaj afriken an ki bay cheve natirèl la valè ak presyon kolonyal la ki kite eritaj nòm ewopeyen yo, kreyativite ayisyen an toujou pa konn kote pou l met kòl. Cheve a tounen yon tab kote nou chita pale swa an moun de byen swa an kok batay.
Lace oswa pri chelbe a .
Lace la se dènye pi gwo envansyon ki genyen nan zafè cheve. Blòf la byen chita, ou preske pa menm ka diferansye l ak bon rasin cheve a. Men tout blòf genyen pri. Plis w ap kole, retire, remte, lace tèlman toujou ap fè fòs sou cheve natirèl la, enben apre yon tan anpil fanm vin genyen devan ak bò tèt kale akoz yo redi rasin cheve a twòp.
Sak dwòl nan bagay sa se paske lè se medam yo ki chòv li parèt plis pase jan pa mesye yo parèt la. Fenomèn sa dèmatològ yo konnenl byen, se lè fi a pèdi cheve a ti kras pa ti kras kote yo toujou ap fè fòs sou li yo e pafwa li pap janm repouse ankò. Yo solisyon ki oblije w jwenn yon lòt. Kounya medam yo oblije lage nan kache peche a nèt. Yo vin oblije toujou ap mete lace la pou kache bò tèt kale lace la ba yo a. Pwogrè nan zafè cheve a pafawa sanble tèT koupe ak eleksyon, paske son bagay ki pa janm fini.
Pwodwi mirak yo ak dezas nasyonal
Nan chèche bon cheve genyen yon pakèt dezagreman. Kiyès ki pat konn pèmanant ki plis kangrennen po tèt la ke l fè cheve a swa ? Oswa lwil 100% natirèl ki gen sant rat mouri ? Espas yo vann pwodwi bote yo sanble ak yon mize chimi : “Pink Lotion”, “Blue Magic”, “Miss Antilles”, “Cantu”, “Huile de Palma Christi”, “Baba Soudanais”, “Crème Maria”elatriye…
Poutan malgre tout bagay sa yo, medam yo pa sispann eseye, reyenvante, trese, pase cheve a, defrize, retire, remete. Paske cheve ason yon teren batay nannan medam men tou espas libète yo.
Cheve ak ran sosyal
Nan peyi Dayiti yo te toujou ap konpare cheve ak klas sosyal moun nan. Cheve swa son pakèt afè, li gen valè, sa vle di ou gen ti mwayen. Men, cheve grenn nan li menm, yo toujou ap meprize l e li vle di ou se malere. Istwa sa son eritaj kolonyal ke nou poko janm ka bliye.
Men bagay yo chanje kounyea. Nan inivèsite, radyo, televizyon, enstitisyon, se chak jou plis fanm ap revandike cheve natirèl yo. Men monn sa son bgay tèt chaje, gade jounen jodiya kèk medam ki te konn ap jete cheve natirel la ap peye byen chè pou rejwenn cheve natirèl sa ak metòd atifisyèl. Nou fin rive kote nou tap ale a.
Cheve marasa sante mantal nou
Cheve nou reyaji menm jan ak emosyon nou: Kè brize cheve a tonbe. Razè cheve a sèk. Tansyon politik cheve a vin pay. Pwoblèm nè tèt la komanse bòl.
Sa k ap pase nan peyi a se menm sa kap pase nan cheve yo . Yo gen fyèl, pafwa yo mare, pafwa yo pase anpil mizè, men, yo pa janm fin pèdi nèt. Kounya kout peny la tounen yon afè pouvwa, yon fason pou w mete lòd nan yon peyi ki tet anba.
Pi gwo leson cheve a
Cheve ban ou paysans, imilite, rezilyans. Yo pouse, yo rache, tonbe, yo repouse ankò. Yo chanje ak nou san mande nou pèmisyon. Yo la pou nou sonje ke bote nou pa soti nan imite lòt nasyon, men se anndan nou li ye. Pa genyen ni bon ni move cheve. Se istwa nou sèlman ki diferan.
Yon peyi fyète
Cheve ayisyen an rakonte istwa yon pèp ki pa kite moun penyen l konsa konsa. Yo rakonte kouraj nou genyen pou nou gouye anba chalè, mizè, djòl moun. Cheve yo pale de kreyativite nou, diferans nou, ak jan nou bay fawouch.
Alòs pwochèn fwa w ap pase men nan tèt ou, sonje ou manyen plis pase keratin. W ap manyen moso listwa, lasyans, mistè, epi foli sa ki ede nou leve chak maten an.
