Mouvman Jenès Pwogresis Ayisyen (MOJEPA) salye gwo fanmi Inivèsite Limyè, pandan l ap koumanse nan Dekana pase nan kò Pwofesora ak ansyen epi nouvo etidyan yo pou rive nan pèsonèl soutyen yo, pou kokennchenn konkou UNESCO te òganize nan tèt kole ak Ministè Travo Piblik ak Kominikasyon (MTPTC), eke branch Inivèsite Limyè nan Okay ranpòte viktwa sou lòt Inivèsite ki te patisipe yo, tankou : Inivèsite Piblik Grandans dezyèm epi Inivèsite GOC twazyèm.
An fèt, se premye edisyon konkou an ki reyini yon ventèn Inivèsite nan 5 depatman (Lwès, Sid, Grandans, Nò ak Latibonit), a rezon de 4 Inivèsite pa depatman. Nan sans sa a, patisipan (Etidyan) yo montre volonte yo pou kontribiye nan devlòpman dirab, inovasyon, prezèvasyon patrimwàn ak refleksyon sou anje teknolojik yo epi anviwònmantal. Nan menm lide sa a, MOJEPA di : Felisitasyon a 3 etidyan ki tal reprezantew FSTA/Inivèsite Limyè, n ap pale de : Brisius Ernso, Cazeau Stherlaugh ak Thanis Duel. Fòk nou note ke tout sa rive posib gras ak lidèchip Responsab yo.
Nou konnen byen ke Inivèsite Limyè konnen anpil difikilte pa rapò ak sitiyasyon ensekirite peyi a konnen, sa fè anviwon 10 ane kote Responsab yo oblije kite lokal yo nan Ri O, zòn Tijo pou al etabli yo nan lòt zòn, se sak fè Fakilte Syans ak Teknoloji Aplike (FSTA), branch Lwès la oblije kanpe, sa vle di sispann kou li yo. Men bòn nouvèl la, se ke Responsab yo koumanse ap fè pwomosyon pou relouvri Fakilte sila apati ane eskolè 2026-2027 la.
Pou n konkli, MOJEPA ap konplimante tout ekip Inivèsite a, pandan ke l ap swete bonjan avanse a Dekana a, anmenmtan, mande ak tout ansyen etidyan yo pou kole men ansanm ak Responsab yo pou relanse FSTA nan Lwès la nan objektif pou fasilite plis jèn al etidye : Jeni sivil, jeni enfòmatik, syans administrativ pou n site sa yo sèlman.
Ruben Sanon
