Nan kad selebrasyon Jounen Nasyonal Timoun, dimanch 14 jen 2026 la, Chapit Ayisyen Asosyasyon Entènasyonal Fanm Jij (CHAIFEJ, nan tètkole ak Akademi Kreyòl Ayisyen, Inivèsite Leta Ayiti ak Gwoup pou Soutni Devlopman Ayiti(GRADH), ap òganize yon semèn aktivite pou tout timoun atravè plizyè rejyon an Ayiti.
Ane sa a, aktivite yo ap dewoule anba tèm «Tout tmoun se timoun», yon mesaj pou raple sosyete a enpòtans pou rekonèt diyite, dwa ak valè chak timoun, kèlkeswa kote li soti oswa kondisyon lavi li.
Dapre òganizatè yo, timoun yo pa sèlman reprezante avni peyi a; yo se sitwayen ki gen dwa ak bezwen depi jodi a.
Soti lendi 8 rive dimanch 14 jen 2026, plizyè vil tankou Okay, Okap, Pòtoprens, Petyonvil ak Pòdepè pral resevwa divès aktivite ki fèt espesyalman pou byennèt ak devlòpman timoun yo.
Pwogram nan gen ladan li: konsiltasyon medikal ak sikolojik gratis, konferans edikatif, klèb lekti, atelye kreyasyon literè, aktivite kiltirèl ak espòtif, echanj ak aprantisaj.
Anplis de aktivite ki vize timoun yo dirèkteman, semèn nan pral ofri tou sesyon sansibilizasyon pou paran, jèn ak lòt manm nan kominote yo sou dwa timoun yo, pwoteksyon yo ak responsablite chak moun genyen pou patisipe nan kreye yon anviwònman ki favorab pou kwasans yo.
Pou òganizatè yo, tèm « Tout timoun se timoun » lan se yon apèl pou tout sektè nan sosyete a mete tèt ansanm pou garanti chak timoun jwenn pwoteksyon, swen, edikasyon ak respè li merite. Se yon okazyon tou pou ankouraje yon refleksyon kolektif sou kondisyon lavi timoun yo ak sou nesesite pou fè dwa yo tounen yon priyorite nasyonal.
Atravè inisyativ sa a - Salon du Livre et des Arts du Grand Nord ak Observatoire Patrimoine aplodi - CHAIFEJ ak patnè li yo reyafime angajman yo pou sipòte devlòpman timoun yo epi ankouraje yon sosyete kote tout timoun ka grandi nan sekirite, ak diyite, pou yo rive reyalize tout potansyèl yo.
